Jwif yo Retounen Sot nan Kaptivite (continued)

536 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Sòm Yo 116–117

1 Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m,

avèk siplikasyon mwen yo.

2 Akoz Li te panche zòrèy Li bò kote m,

pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.

3 Kòd lanmò yo te antoure m,

e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen.

Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.

4 Alò, mwen te rele non SENYÈ a.

O SENYÈ, mwen sipliye Ou, sove lavi mwen!

5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.

Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.

6 SENYÈ a toujou pwoteje moun senp yo.

Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.

7 Reprann repo ou, O nanm mwen, paske

Bondye te aji nan bonte Li avèk ou.

8 Paske Ou te delivre nanm mwen devan lanmò,

zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.

9 Mwen va mache devan SENYÈ a nan

peyi moun vivan an.

10 Mwen te kwè, pou sa mwen te di: “Mwen te vrèman aflije.”

11 Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo:

“Tout moun se mantè”.

12 Kisa mwen kapab bay a SENYÈ a

Pou tout bonte Li anvè mwen?

13 Mwen va leve wo koup sali a,

e rele non SENYÈ a.

14 Mwen va peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a.

Wi, nan prezans tout pèp Li a!

15 Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.

16 O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou.

Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an.

Ou fin lache kòd mwen yo.

17 A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman,

e va rele sou non SENYÈ a.

18 Mwen va peye ve mwen yo a SENYÈ a.

Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!

19 Nan lakou lakay SENYÈ a, nan mitan nou menm,

O Jérusalem, Louwe SENYÈ a!

117:1 Louwe SENYÈ a, tout nasyon yo!

Selebre Li, tout pèp yo!

2 Paske lanmou dous Li a gran anvè nou.

Verite SENYÈ a dire jis pou tout tan.

Beni SENYÈ a!

Sòm Yo 125

Yon chan pou monte vè tanp lan.

1 Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion,

ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.

2 Kon mòn antoure Jérusalem yo,

se konsa SENYÈ a antoure pèp Li a

depi moman sa a, e jis rive pou tout tan.

3 Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo,

jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou fè mal.

4 Fè byen, SENYÈ, a sila ki bon yo, ak sila ki dwat nan kè yo.

5 Men pou sila ki vire akote pou chemen kwochi pa yo,

SENYÈ a va mennen yo sòti avèk

sila ki fè inikite yo.

Ke lapè rete sou Israël.

Sòm Yo 127–128

Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.

1 Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la,

sila ki bati li yo, travay anven.

Amwenske SENYÈ a veye pòtay la,

gadyen an rete zye louvri anven.

2 Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta,

pou manje pen a travay di yo,

paske se domi Li bay a moun li renmen.

3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.

Fwi a vant la se yon rekonpans.

4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,

Se konsa pitit a jèn yo ye.

5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.

Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

Yon chan pou monte vè tanp lan.

128:1 A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,

ki mache nan chemen Li yo.

2 Lè ou manje nan fwi a men ou yo,

ou va kontan e sa va ale byen pou ou.

3 Madanm ou ap tankou yon chan rezen

ki bay anpil rezen lakay ou.

Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.

4 Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.

5 Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion;

ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo!

6 Wi, pou ou ka wè pitit a pitit ou yo!

Ke lapè rete sou Israël!

Sòm Yo 134

Yon chan pou monte vè tanp lan.

1 Gade byen! Beni SENYÈ a, tout sèvitè SENYÈ yo,

Ki sèvi pandan lannwit lakay SENYÈ a!

2 Leve men nou vè sanktyè a, e beni SENYÈ a.

3 Ke SENYÈ a beni ou soti nan Sion,

Sila ki te fè syèl la avèk tè a.