Yo Mete Fondasyon Tanp lan

536 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Esdras 3:8–13

8 Alò, nan dezyèm ane a, depi yo te rive lakay Bondye Jérusalem nan dezyèm mwa a, Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk Josué, fis a Jotsadak la avèk tout lòt frè pa yo, prèt yo avèk Levit yo e tout moun ki te vini soti an kaptivite pou rive Jérusalem, te kòmanse èv la e te apwente Levit yo ak laj a ventan oswa plis pou sipèvize travay lakay SENYÈ a. 9 Konsa, Josué avèk fis li yo ak frè li yo te kanpe ansanm avèk Kadmiel ak fis pa li yo, fis a Juda yo, fis a Hénadad yo avèk fis pa yo ak frè yo, Levit yo, pou sipèvize ouvriye nan tanp Bondye a.

10 Alò, lè ouvriye yo te fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la. 11 Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.

12 Men anpil nan prèt yo avèk Levit yo avèk chèf lakay zansèt yo, ansyen granmoun ki te konn wè premye tanp lan, te kriye avèk yon gran vwa lè fondasyon a kay sila a te poze devan zye yo. Anpil nan yo te rele fò avèk jwa, 13 jiskaske pèp la pa t kab distenge antre son lajwa ak son kriye a pèp la, paske pèp la te rele ak gran vwa e son an te koute soti byen lwen.

Sòm Yo 84

Pou direktè koral la; sou gitia la. Yon Sòm a fis a Koré yo.

1 A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo!

2  Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a.

Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.

3 Zwazo a osi te twouve yon kay, e

iwondèl la yon nich pou li menm,

kote li kapab swaye pitit li yo pre lotèl Ou yo,

Oh Wa m ak Bondye m.

4 A la beni sila ki demere nan lakay Ou yo beni!

Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan.

5 A la beni nonm ki gen fòs li nan Ou,

Nan kè a sila lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye.

6 Lè yo pase nan vale Baca a, yo fè l fè yon sous;

Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon.

7 Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo.

Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.

8 O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen.

Prete zorèy Ou, O Bondye Jacob la! Tan

9 Gade byen boukliye nou an.

Gade sou vizaj onksyone Ou a.

10 Paske yon sèl jou nan lakou Ou a,

pi bon pase mil jou deyò.

Pito m te jeran pòt lakay Bondye mwen an,

pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.

11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye.

SENYÈ a va bay gras avèk glwa.

Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.

12 O SENYÈ dèzame yo!

A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!

Sòm Yo 66

Pou direktè koral la; yon chan, yon Sòm

1  Rele fò ak lajwa a Bondye, tout latè a!

2 Chante glwa a non Li!

Ranpli lwanj Li ak laglwa!

3 Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”!

Akoz grandè a pwisans Ou, menm,

lènmi Ou yo va soumèt a Ou.

4  Tout latè va fè adorasyon a Ou menm.

Li va chante lwanj Ou.

Tout va chante lwanj a non Ou; Tan

5 Vini pou wè zèv Bondye yo.

Zèv etonan anvè fis a lòm yo.

6 Li te chanje lanmè a an tè sèch.

Yo te pase travèse rivyè apye.

La menm, nou te rejwi nan Li!

7 Li renye ak pwisans pou tout tan.

Zye Li veye sou nasyon yo.

Pa kite rebèl yo egzalte kont Li.

8 Beni Bondye nou an, O pèp yo!

Fè lwanj Li sone,

9 ki kenbe nou pami vivan yo,

e ki pa kite pye nou glise.

10 Paske Ou te fè nou pase a leprèv, O Bondye.

Ou te rafine nou tankou ajan konn rafine.

11 Ou te rale nou antre nan filè a.

Ou te mete yon fado lou sou ren nou.

12 Ou te fè moun monte sou tèt nou.

Nou te pase nan dife ak nan dlo,

men Ou te fè nou sòti antre yon kote avèk anpil abondans.

13 Mwen va vini lakay Ou avèk Ofrann brile.

Mwen va peye Ou ve mwen yo,

14 ki te sòti nan lèv mwen,

ke bouch mwen te pale lè m te nan gwo twoub yo.

15 Mwen va ofri a Ou menm yon ofrann brile nan grès a bèt gra yo,

avèk lafimen a belye yo.

Mwen va fè ofrann a towo yo avèk mal kabrit yo.

16 Vin tande, nou tout ki gen lakrent Bondye

e mwen va pale ou tout sa Li te fè pou nanm mwen.

17 Mwen te kriye a Li menm avèk bouch mwen.

Ak lang mwen, mwen te leve Li wo.

18 Si mwen gade inikite nan kè m,

Senyè a p ap koute mwen.

19 Men anverite, Bondye te tande.

Li te teni kont de vwa a priyè mwen.

20 Beni se Bondye, ki pa t refize koute

lapriyè mwen,

ni ki pa t kache lanmou dous Li a sou mwen.