Travay sou Tanp lan Kanpe; Dènye Vizyon Daniel
536 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, lè lènmi a Juda yo avèk Benjamin yo te tande ke moun egzil yo t ap bati yon tanp a SENYÈ a, Bondye Israël la, 2 yo te pwoche Zorobabel avèk chèf lakay zansèt yo. Yo te di yo: “Annou bati ansanm avèk nou, paske nou, kon ou menm, ap chache Bondye pa ou a. Nou t ap fè sakrifis a Li menm soti nan jou a Ésar-Haddon, wa Assyrie a, ki te mennen nou monte isit la.”
3 Men Zorobabel avèk Josué ak tout lòt chèf a lakay zansèt a Israël yo te di yo: “Ou pa gen anyen ansanm avèk nou menm nan bati yon kay a Bondye nou an, men nou menm pou kont nou, nou va bati a SENYÈ a, Bondye Israël la, kon Cyrus, wa Perse la, te kòmande nou an.”
4 Konsa, pèp peyi a te kòmanse dekouraje pèp Juda a, e te bay yo pwoblèm bati a. 5 Konsa yo te anplwaye konseye yo kont yo pou detounen pwòp bi pa yo pandan tout jou a Cyrus yo, wa Perse la, menm jis rive nan règn Darius la, wa Perse la.
24 Alò, travay lakay Bondye Jérusalem nan te sispann jis rive nan dezyèm ane a Darius, wa Perse la.
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 “Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen.
Kite Israël di koulye a:
2 “Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen,
men yo pa janm reyisi kont mwen.
3 Labourè yo te laboure chan yo sou do m.
Yo fè tranch tè yo vin pi long.”
4 SENYÈ a dwat.
Kòd a mechan yo, Li te koupe yo fè bout.
5 Ke tout sila ki rayi Sion yo vin wont!
Ke yo retounen fè bak menm.
6 Kite yo vin tankou zèb sou kay la;
zèb ki fennen avan li grandi,
7 jis moun rekòlt la p ap kapab plen men l,
oubyen sila ki mare pote pake a,
pa p ka plen lestomak li.
8 Ni sila ki pase yo, p ap di:
“Ke benediksyon SENYÈ a rete avèk ou.
Nou beni ou nan non SENYÈ a.”
1 Nan twazyèm ane Cyrus, wa Perse la, yon mesaj te revele a Daniel, ki te rele Belschatsar. Mesaj la te vrè; menm yon gran gè. Li te konprann mesaj la, e te gen konprann vizyon an.
2 Nan jou sila yo, mwen menm, Daniel, mwen t ap fè dèy pandan twa semèn. 3 Mwen pa t manje okenn bon manje; ni vyann, ni diven an pa t antre nan bouch mwen. Ni mwen pa t sèvi okenn pomad pou onksyone jiskaske tout twa semèn sila yo te fin akonpli.
4 Nan venn-katriyèm jou nan premye mwa a, pandan mwen te akote gran rivyè a, ki se Hiddékel, 5 mwen te leve zye m gade e vwala, te gen yon sèten nonm abiye an len, ak senti l mare ak yon sentiwon lò pi, ki sòti Uphaz. 6 Anplis, kò li te tankou krizolit, figi li kon aparans ak loray, zye li kon tòch flanm dife, bra li ak pye li tankou bwonz byen poli, e son a pawòl li yo, kon son a yon gran foul.
7 Alò, mwen menm, Daniel, mwen tou sèl te wè vizyon an, pandan mesye ki te avè m yo pa t wè vizyon an, men yon gwo laperèz te vin tonbe sou yo, e yo te kouri ale kache kò yo. 8 Konsa, mwen te rete sèl, e mwen te wè gran vizyon sila a. Konsa, pa t gen fòs ki te rete nan mwen, paske koulè po m te vin pal tankou moun ki mouri, e mwen te pèdi tout fòs mwen nèt. 9 Men mwen te tande son a pawòl li yo. Depi mwen te tande son pawòl li yo, mwen te tonbe nan yon gwo somèy sou figi mwen, figi m atè nèt.
10 Konsa, gade byen, yon men te touche mwen ki te plase m sou men ak jenou m yo. 11 Li te di mwen: “O Daniel, nonm ki trè byeneme a, konprann pawòl ke mwen va pale ou yo. Kanpe dwat! Paske mwen te voye kote ou koulye a.” Lè li te pale pawòl sa a, mwen menm, mwen te kanpe. Mwen t ap tranble.
12 Alò, li te di mwen: “Pa pè, Daniel, paske depi premye jou ke ou te dedye kè ou pou konprann sa a, lè ou te imilye ou devan Bondye ou a, pawòl ou yo te vin tande. Konsa, mwen te vini akoz pawòl ou yo. 13 Men prens a wayòm Perse la te kanpe kont mwen pandan venteyen jou; epi gade byen Micaël, youn nan chèf a prens yo, te vin ede m, paske mwen te rete la sèl ak wa a Perse yo. 14 Koulye a, mwen gen tan vini pou bay ou konprann de sa ki va rive a pèp ou a nan dènye jou yo, paske vizyon an apatyen a anpil jou ki poko rive.”
15 Lè li te pale ak mwen konsènan pawòl sila yo, mwen te vire figi mwen vè tè a e mwen pa t ka pale menm. 16 Epi gade byen, yon bagay ki te sanble ak yon fis a lòm te touche lèv mwen. Konsa, mwen te louvri bouch mwen pou te pale, e mwen te di a sila ki te kanpe devan m nan: “O senyè mwen an, akoz vizyon an chagren te antre nan mwen e tout fòs mwen te kite m. 17 Paske kòman yon kalite sèvitè konsa kapab pale ak youn tankou senyè mwen an? Epi pou mwen, fòs pa rete nan mwen, ni okenn souf pa rete nan mwen.”
18 Epi sila a ki te sanble ak fis a lòm nan, te touche mwen ankò e te ban m fòs. 19 Li te di mwen: “O nonm trè byeneme a, pa pè. Lapè avèk ou. Pran kouraj! Wi, se pou ou vin vanyan!”
Alò, depi lè li te fin pale ak mwen an, mwen te resevwa fòs, e mwen te di: “Kite senyè mwen an pale, paske ou te ban m fòs.”
20 Konsa, li te di: “Èske ou pa konprann poukisa mwen te vin kote ou a? Men mwen va retounen koulye a, pou goumen kont prens a Perse la. Lè mwen ale, gade byen prens a Grèce la va vini. 21 Men mwen va di ou sa ki enskri nan pawòl verite a. Nanpwen okenn moun k ap kanpe avè m kont sila yo, sòf ke Micaël, prens ou an.