Yo Dedye Dezyèm Tanp lan (continued)
515 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Louwe SENYÈ a!
Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.
Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.
2 SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem.
Li ranmase egzile Israël yo.
3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
4 Li konte fòs kantite zetwal yo.
Li bay non a yo tout.
5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.
Bon konprann Li an san limit nèt.
6 SENYÈ a bay soutyen a aflije yo.
Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.
7 Chante a SENYÈ a ak remèsiman.
Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo,
ki founi lapli pou tè a,
ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.
9 Li bay bèt la manje li,
ak jenn kòbo k ap kriye yo.
10 Li pa pran plezi nan fòs cheval la.
Li pa pran plezi nan janm a moun.
11 SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo,
sila ki tann lanmou dous Li yo.
12 Louwe SENYÈ a, O Jérusalem!
Louwe Bondye ou a, O Sion!
13 Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo;
Li te beni fis ou yo anndan w.
14 Li fè lapè anndan lizyè ou yo.
Li satisfè ou ak meyè kalite ble.
15 Li voye lòd Li sou latè.
Pawòl Li kouri byen vit.
16 Li bay lanèj kon lenn.
Li gaye lawouze glase kon sann.
17 Li jete voye glas Li kon ti mòso.
Se kilès ki kab kanpe devan fredi Li a?
18 Li voye pawòl Li pou fonn yo.
Li fè van Li soufle e dlo yo koule.
19 Li deklare pawòl Li yo a Jacob,
règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.
20 Li pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon.
Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo.
Louwe SENYÈ a!
148:1 Louwe SENYÈ a!
Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo!
Louwe Li kote ki wo yo!
2 Louwe Li, tout zanj Li yo.
Louwe Li tout lame Li yo!
3 Louwe Li, solèy ak lalin nan.
Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!
4 Louwe Li, pi wo syèl yo,
ak dlo ki anwo syèl yo.
5 Kite yo louwe non SENYÈ a,
paske Li te pase lòd, e sa te fèt.
6 Anplis, Li te etabli yo jis pou tout tan.
Li te pase yon dekrè ki p ap janm disparèt.
7 Louwe SENYÈ a soti sou latè,
gwo bèt voras lanmè a ak tout fon an.
8 Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj,
van tanpèt ki akonpli pawòl Li yo.
9 Mòn yo ak tout kolin yo,
pye fwi yo ak tout pye sèd yo,
10 Bèt sovaj yo ak tout bèt chan yo,
sa ki trennen atè ak bèt ki vole yo,
11 wa latè yo ak tout pèp yo,
prens yo ak tout jij latè yo,
12 ni jennonm, ni vyèj,
granmoun ak timoun.
13 Kite yo louwe non SENYÈ a,
paske se sèl non Li ki leve wo.
Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.
14 Li te leve yon kòn pou pèp Li a,
Lwanj pou tout fidèl Li yo,
menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li.
Louwe SENYÈ a.
149:1 Louwe SENYÈ a!
Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,
avèk lwanj Li nan asanble fidèl Li yo.
2 Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a.
Kite fis a Sion yo rejwi nan Wa yo a.
3 Kite yo louwe non Li avèk dans!
Kite yo chante lwanj a Li
avèk tanbouren ak gita.
4 Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a.
Li va anbeli enb yo avèk sali Li.
5 Kite fidèl yo leve wo nan glwa.
Kite yo chante ak lajwa sou kabann yo.
6 Ke gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo,
ak yon nepe file de bò nan men yo,
7 pou fè vanjans sou nasyon yo,
avèk pinisyon sou lòt pèp yo;
8 pou mare wa yo ak chenn,
ak moun pwisan yo nan gwo chenn an fè,
9 pou egzekite sou yo jijman ki te ekri a.
Sa se lonè de tout fidèl Li yo.
Louwe SENYÈ a!
150:1 Louwe SENYÈ a!
Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a!
Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo!
2 Louwe Li pou zèv pwisan Li yo!
Louwe Li selon bèlte a grandè Li!
3 Louwe Li ak son twonpèt la!
Louwe Li ak ap avèk gita!
4 Louwe Li ak tanbouren ak dans!
Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit!
5 Louwe Li ak senbal byen fò!
Louwe Li ak senbal k ap retanti!
6 Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a!
Louwe SENYÈ a!