Yo Dedye Dezyèm Tanp lan

515 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Esdras 6:14–22

14 Epi ansyen pami Jwif yo te reyisi nan konstriksyon an selon asistans pwofesi ki t ap fèt pa Aggée avèk Zacharie yo, fis a Iddo a. Konsa, yo te fin bati selon lòd Bondye Israël la, dekrè a Cyrus la, Darius ak Artaxerxès, wa a Perse la. 15 Tanp sa a te fini sou twazyèm jou nan mwa Adar la. Li te nan sizyèm ane règn Wa Darius la.

16 Epi fis Israël yo, prèt yo, Levit yo ak tout lòt moun egzil ki te retounen yo, te selebre dedikasyon kay Bondye sila a avèk jwa. 17 Yo te ofri pou dedikasyon tanp Bondye sila a san towo, de-san belye, kat-san jenn mouton, e kon ofrann peche pou tout Israël la, douz mal kabrit ki te koresponn a non tribi Israël yo. 18 Epi yo te chwazi prèt yo a divizyon pa yo ak Levit yo nan lòd pa yo pou sèvis Bondye Jérusalem nan, jan sa ekri nan liv Moïse la.

19 Moun egzil yo te obsève fèt Pak la nan katòzyèm jou nan premye mwa a. 20 Paske prèt yo avèk Levit yo te fin pirifye yo ansanm, yo tout nan yo te pwòp. Epi yo te touye jenn mouton Pak la pou tout moun egzil yo, ni pou frè pa yo, prèt yo ak pou yo menm. 21 Fis a Israël ki te retounen an egzil yo, e tout sila ki te separe yo menm de lenpite a nasyon nan peyi yo pou fè ansanm avèk yo, pou chache SENYÈ a, Bondye Israël la, te manje Pak la. 22 Epi yo te obsève Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk jwa, paske SENYÈ a te fè yo rejwi, e te detounen kè a wa a Assyrie a vè yo pou ankouraje yo nan travay lakay Bondye a, Bondye Israël la.

Sòm Yo 48

Yon Chan; yon Sòm fis a Koré yo.

1 Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a,

nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.

2 Bèl nan wotè li, jwa tout latè a,

se Mòn Sion nan pati nò a,

Vil gran Wa a.

3 Bondye te parèt nan sitadèl li yo.

La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon refij.

4 Men gade, wa yo te rasanble yo.

Yo pase akote vil la ansanm.

5 Yo te wè li, e yo te etone.

Yo te sezi nèt, yo te kouri nan laperèz.

6 La, yo pèdi ekilib yo nèt.

Doulè ak sezisman te pran yo tankou fanm k ap akouche.

7 Avèk van lès la, Ou te kraze bato Tarsis yo.

8 Jan nou konn tande a, se konsa nou vin wè,

nan vil SENYÈ dèzame yo,

nan vil Bondye pa nou an.

Bondye va etabli li nèt, jis pou tout tan.

9 Nou te reflechi sou lanmou dous

Ou a, O Bondye, nan mitan tanp Ou a.

10 Jan non Ou ye a, O Bondye,

Se konsa Lwanj Ou ye, jis rive nan dènye pwent tè a;

Men dwat Ou plen ladwati.

11 Kite Mòn Sion fè kè kontan!

Kite fi a Juda yo rejwi akoz jijman Ou yo.

12 Mache toupatou nan Sion e antoure li.

Konte fò wo li yo.

13 Konsidere ranpa li yo.

Antre nan palè li yo, pou ou kab

pale jenerasyon k ap vini an.

14 Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan.

Li va gide nou jiska lanmò.

Sòm Yo 81

Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph

1 Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou!

Rele fò ak jwa a Bondye a Jacob la!

2 Leve yon chan, bat tanbouren an,

gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.

3 Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan,

sou plèn lin nan, nan jou fèt nou an.

4 Paske se yon règleman Israël,

yon òdonans a Bondye Jacob la.

5 Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph

lè li te ale toupatou nan peyi Égypte la.

Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.

6 Mwen te retire fado a sou zepòl li.

Men li yo te vin lib panyen an.

7 Ou te rele nan twoub la e Mwen

te fè ou sekou.

Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a.

Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo. Tan

8 Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou.

O Israël, si ou ta koute Mwen!

9 Pa kite okenn dye etranje rete pami nou.

Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.

10  Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an,

ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.

Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li.

11 Men pèp Mwen an pa t koute vwa M.

Ni Israël pa t obeyi Mwen.

12 Akoz sa, Mwen te lage yo a kè di yo,

pou mache nan pwòp manèv yo.

13 O ke pèp Mwen an ta koute Mwen,

ke Israël ta mache nan vwa Mwen yo!

14 Mwen ta soumèt lènmi yo byen vit

e ta vire men m kont advèsè yo.

15  Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm

e pinisyon yo ta pou tout tan.

16 Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk pi bon kalite ble a.

Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.

Sòm Yo 146

1 Beni SENYÈ a!

Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

2 Mwen va beni SENYÈ a pandan mwen ap viv.

Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an

pandan mwen sou latè a.

3 Pa mete konfyans nan prens yo.

Nan lòm mòtèl, nan sila nanpwen Sali a.

4 Lespri li pa rete; li retounen nan tè a.

Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.

5 A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,

sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,

6 Ki te fè syèl la avèk tè a,

lanmè ak tout sa ki ladann.

Ki fidèl jis pou tout tan.

7 Ki egzekite jistis pou oprime yo.

Ki bay manje a moun grangou yo.

SENYÈ a mete prizonye yo an libète.

8 SENYÈ a ouvri zye a avèg yo.

SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.

SENYÈ a renmen moun ladwati yo.

9 SENYÈ a pwoteje etranje yo.

Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,

men Li jennen wout mechan an.

10 SENYÈ a va renye jis pou tout tan,

Bondye pa Ou a, O Sion, jis pou tout jenerasyon yo.

Louwe SENYÈ a!