Pati 2: Depi Dedikas Tanp lan Jiska Lanmò Haman

Depi dedikas dezyèm tanp lan rive nan lanmò Haman.

Opozisyon kont Jwif yo sou Rèy Assuérus

486 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Esdras 4:6

6 Alò nan règn Assuérus la, nan kòmansman règn li a, yo te ekri yon akizasyon kont pèp Juda a avèk Jérusalem nan.

Opozisyon kont Jwif yo sou Rèy Artaxerxès 464 anvan Christ

Opozisyon kont Jwif yo pandan rèy Artaxerxès Longimanus.

Esdras 4:7–23

7 Nan jou a Artaxerxès yo, Bischlam, Mithredath, Thabeel ak tout lòt kòlèg pa yo te ekri a Artaxerxès, wa Perse la. Lèt la te ekri nan lang Arameyen e livre nan lang Arameyen. 8 Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, grefye a, te ekri yon lèt kont Jérusalem a Wa Artaxerxès la, kon swivan. 9 Alò, ekri pa Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, avèk tout lòt kòlèg yo, jij yo ak gouvènè lokal yo, ofisye yo, sekretè yo, mesye Érec yo, Babilonyen yo, mesye Suse yo, sa vle di, Elamit yo, 10 ak tout lòt nasyon ke onorab e pwisan Onsappar te depòte e retabli nan vil Samarie ak nan tout lòt rejyon lòtbò rivyè Jourdain an.

11 Alò, sa se yon kopi a lèt sila ke yo te voye ba li a:

“A wa Artaxerxès: Sèvitè ou yo, mesye nan rejyon lòtbò rivyè a.

12 Kite li vin rekonèt a wa a ke Jwif ki te monte soti kote ou te rive kote nou an Jérusalem. Yo ap rebati vil rebèl e mechan sa a e ap fin fè miray avèk reparasyon fondasyon yo. 13 Alò, kite wa a byen konnen, ke si vil sa a vin rebati, e miray yo konplete, yo p ap peye kontribisyon obligatwa pa yo ankò, ni tarif yo, ni frè lese pase yo, e sa va diminye fòs kès wa a. 14 Alò, akoz nou nan sèvis palè a, e se pa pwòp pou nou ta wè derespektan kont wa a; pou sa a, nou te voye enfòme wa a, 15 pou ou kab fè rechèch nan achiv a papa zansèt pa ou yo. Konsa, ou va dekouvri nan rekò ansyen yo ke vil sila a se yon vil rebelyon, ki konn fè donmaj a wa yo avèk pwovens yo, e ke yo te pwovoke revolisyon ladann nan tan pase yo. Se pou rezon sa a, ke vil sa a te vin detwi nèt konsa. 16 Nou enfòme wa a ke si vil sa a rebati e miray yo konplete; akoz sa a, ou p ap ankò posede anyen nan pwovens lòtbò larivyè Jourdain an.”

17 Wa a te voye reponn a Rehum, kòmandan a Schimschaï, grefye a ak tout lòt kòlèg pa yo ki te rete Samarie, ak nan tout lòt pwovens ki te lòtbò Rivyè Jourdain an:

Lapè.

18 Dokiman ke nou te voye bannou an te tradwi ak li devan m. 19 Mwen te fè yon dekrè, rechèch te fèt e li te dekouvri ke vil sa a te konn leve kont wa yo nan jou pase yo, ke rebelyon avèk revolisyon te konn fèt ladann, 20  ke wa pwisan pa yo te konn gouvène tout pwovens lòtbò larivyè yo e ke kontribisyon obligatwa yo, tarif yo, e lese pase yo te konn peye a yo menm. 21 Pou sa, pibliye yon dekrè pou fè mesye sila yo sispann travay la pou vil sila a pa rebati jiskaske yon dekrè pibliye pa mwen menm. 22 Veye ke nou pa lach nan akonpli bagay sa a. Poukisa nou ta kite donmaj ki p ap nan avantaj a wa yo vin plis?

23 Depi lè kopi a dekrè a wa Artaxerxès te li devan Rehum avèk Schimschaï, grefye a avèk kòlèg parèy a yo, yo te ale byen vit Jérusalem kote Jwif yo, e te fè yo sispann pa fòs a zam.

Artaxerxès Divòse ak Rèn li an 462 anvan Christ

Esther 1:1–2:15

1 Alò li te vin rive nan tan Wa Assuérus la, menm Assuérus ki te renye soti Inde jis rive Éthiopie sou san-venn-sèt pwovens yo, 2 nan jou sa yo, pandan wa Assuérus te chita sou twòn wayal li a ki te nan sitadèl Suse la, 3 nan twazyèm ane pouvwa li a, li te fè yon gran fèt pou tout chèf li yo avèk asistan li yo, chèf lame Perse avèk Mèdes yo, moun prensipal lavil yo, avèk chèf pwovens li yo, tout moun ki te nan prezans li. 4 Konsa li te montre tout richès avèk glwa wayal li yo, avèk mayifisans a gran majeste li pandan anpil jou, san-katre-ven jou.

5 Lè jou sa yo te fin acheve, wa a te bay yon gwo bankè ki te dire pandan sèt jou pou tout moun ki te prezan nan sitadèl Suse la, soti nan sila ki pi pwisan an jis rive nan sila ki pi piti a, nan lakou jaden a palè wa a. 6  Te gen bagay pann ki fèt an len fen blan e vyolèt ki te kenbe pa kòd fèt an len fen mov, wondèl an ajan avèk pilye an mèb. Devan yo te fèt an lò avèk ajan te plase sou yon pave mozayik ki fèt ak mab wouj, mab blan, gwo pèl klere avèk pyè presye. 7 Bwason yo te sèvi nan veso an lò a plizyè kalite, e diven wayal la te anpil, selon bonte a wa a. 8 Jan yo te bwè se te selon lalwa, san fòse moun, paske wa a te pase lòd a chak ofisye a chak kay ke li ta dwe fè sa selon dezi a chak moun.

9 Anplis, Larenn Vasthi te bay yon bankè pou fanm nan palè ki te pou Wa Assuérus la.

10 Nan setyèm jou a, lè kè a wa a te kontan ak diven, li te bay lòd a Mehuman, Biztha, Harbona, Bigtha, Abagtha, Zéthar, avèk Carcas, sèt enik ki te sèvi wa Assuérus, 11 pou mennen fè parèt nan prezans li, rèn nan, Vasthi, avèk kouwòn wayal la, pou montre bèlte li a pèp la e a moun pwisan yo, paske li te tèlman bèl. 12 Men rèn Vasthi te refize vini sou lòd a wa a, ki te livre pa enik yo. Konsa, wa a te vin byen fache e lakòlè te brile anndan l.

13 Alò, wa a te mande a mesye saj ki te konprann tan yo—paske se te koutim a wa a pou pale devan tout sila ki te konprann lalwa a avèk jistis; 14 epi te gen toupre li: Carschena, Schéthar, Admatha, Tarsis, Mérés, Marsena, Memucan, sèt chèf de Perse avèk Médie yo, ki te gen abitid antre nan prezans a wa a, e te chita nan premye plas nan wayòm nan— 15 “Selon lalwa a, se kisa ki ta dwe fèt avèk rèn Vasthi, akoz li pa t obeyi lòd a Wa Assuérus ki te livre pa enik yo?”

16 Nan prezans a wa a avèk chèf yo, Memucan te di: “Rèn Vasthi te fè tò a wa a, men anplis tout moun nan pwovens a Wa Assuérus yo. 17 Paske, si kondwit a rèn nan vin rekonèt a tout fanm yo pou fè yo vin gade mari yo avèk mepriz, epi vin di: ‘Wa Assuérus te kòmande rèn Vasthi pou parèt devan l, men li pa t vini.’ 18 Nan jou sa a, fanm a Perse avèk Médie ki te tande afè kondwit rèn nan, va pale tout chèf a wa a nan menm fason an, e va genyen anpil mepriz avèk mekontantman.

19 “Si sa fè wa a kontan, kite yon dekrè wayal sòti nan li, e kite li ekri nan lalwa a Perse avèk Médie a, pou l pa kab ranvèse, ke Vasthi p ap kab ankò antre nan prezans a Wa Assuérus la. E konsa, kite wa a bay pozisyon wayal pa li a, a yon lòt moun ki pi merite l pase li. 20 Lè dekrè ke a wa a va fè a tande nan tout wayòm li an, ki tèlman gran, alò tout fanm va gen respè a mari yo, kit gran, kit piti.”

21 Pawòl sa a te fè wa a kontan, avèk chèf yo, epi wa a te fè kon Memucan te pwopoze a. 22 Konsa, li te voye lèt a tout pwovens a wa yo, a chak pwovens selon ekriti pa li, e a chak pèp selon langaj pa yo, ke tout mesye yo ta dwe mèt nan pwòp kay pa yo, e sila te pale nan lang a pwòp pèp li.

2:1 Apre bagay sa yo, lè kòlè a Wa Assuérus te vin kalme, li te sonje Vasthi ak sa li te fè a, e dekrè ki te fèt kont li an. 2 Alò, asistan a wa a ki te sèvi li yo, te di: “Annou fè rechèch pou jwenn jenn vyèj ki byen bèl pou wa a. 3 Kite wa a apwente sipèvizè nan tout pwovens a wayòm li yo pou yo kab rasanble tout bèl vyèj pou vin parèt nan sitadèl Suse la, antre nan kay fanm a wa a ki sou kontwòl Hégué a, enik a wa a, ki an chaj fanm yo. Kite yo byen prepare ak tout bagay pou fè yo bèl yo. 4 Alò, kite jenn fi ki bay wa a plezi a, vin regne la nan plas a Vasthi a.” Koze a te fè wa a kontan e se konsa li te fè l.

5 Te gen nan sitadèl Suse la, yon Jwif ki te rele Mardochée, fis a Jaïr, fis a Schimeï, fis a Kis, yon Benjamit, 6  ki te ale an egzil soti Jérusalem avèk kaptif ki te ekzile avèk Jeconia yo, wa Juda ke Nebudkanetsar, wa Babylone nan, te fè ekzile a. 7 Li t ap elve Hadassa, sa vle di, Esther, fi a tonton li an, paske li pa t gen papa ni manman. Alò, jenn demwazèl la te byen bèl sou fòm ni figi li e lè papa li avèk manman li te mouri, Mardochée te pran li kon pwòp fi pa li.

8 Konsa, li te vin rive ke lè kòmand avèk dekrè a wa a te tande e anpil jèn fi te ranmase nan sitadèl Suse la sou sipèvizyon a Hégaï, ke Esther te pran pou antre nan palè a wa a, anba sipèvizyon a Hégaï, ki te responsab fanm yo. 9 Alò, jèn fi a te fè l plezi e te twouve favè devan l. Pou sa, li te bay li tout atik twalèt avèk manje san fè reta, e li te ba li sèt sèvant de chwa nan palè a wa a, e te voye li avèk sèvant li yo nan pi bon kote pami fanm a wa yo. 10  Esther pa t fè pèsòn konnen ras pèp li a ni fanmi li yo, paske Mardochée te enstwi li pou li pa ta dwe fè sa rekonèt. 11 Chak jou, Mardochée te mache ale retou devan lakou fanm a wa yo pou vin aprann jan Esther te ye ak jan afè l t ap mache.

12 Alò, lè chans a chak jèn demwazèl te vin rive pou antre kote wa Assuérus la, lè l te fin fè preparasyon douz mwa anba règleman pou fanm yo—paske jou pou konplete preparasyon bèlte yo te fini konsa: si mwa avèk lwil lami an, e si mwa avèk aplikasyon epis ak pafen pou fanm— 13 Men kòman jèn fi a ta antre kote wa a: nenpòt bagay ke li te dezire, ta bay a li menm pou pran avè l soti lakay fanm yo pou rive nan palè a wa a. 14 Nan aswè, li ta ale ladann e nan maten, li ta retounen nan dezyèm kay fanm yo, sou responsabilite Schaaschgaz, enik a wa a ki te an chaj konkibin a wa yo. Li pa t antre kote wa a ankò sof ke wa a te kontan anpil avèk li e te rele li eksprè pa non l.

15 Alò lè lè pou Esther, fi a Abichaïl la, tonton li, Mardochée, ki te pran li kon pwòp pitit pa li, te rive antre kote wa a, li pa t mande anyen sof ke sa ke Hégaï, enik a wa a ki te an chaj fanm yo, te konseye yo. Epi Esther te jwenn favè nan zye a tout moun ki te wè l yo.