Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Kantik A Kantik Yo 8

Bib Sen An (BSA)

Li anvi byenneme li

1 O ke ou te tankou frè m,

ki te souse nan tete a manman m.

Si mwen te jwenn ou deyò, mwen ta bo ou;

nonplis, pèsòn pa ta denonse m pou sa!

2 Mwen ta mennen ou e fè ou antre

lakay a manman m ki te konn enstwi mwen an.

Mwen ta bay ou diven pafime ki sòti

nan ji grenad mwen yo pou ou bwè.

3 Kite men goch li rete anba tèt mwen

e men dwat li anbrase m.

4 “Mwen vle nou sèmante, o fi Jérusalem yo,

pa fè lanmou a vin leve,

ni ankouraje l jiskaske se plezi li.

Lòt Yo

5 Se ki fi sa a k ap monte sòti nan dezè a,

k ap apiye sou cheri li a?”

Jenn Fi a

Anba pye pòm nan, mwen te fè ou leve;

se la manman ou te gen doulè e te fè ou vin parèt.

6 Mete mwen tankou yon so sou kè ou,

tankou yon so sou bra ou.

Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò.

Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo;

lè l pete se tankou dife k ap pete.

Vrèman se flanm SENYÈ a.

7 Anpil dlo p ap ka etenn lanmou,

ni rivyè p ap ka inonde l.

Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou,

sa ta konplètman meprize.

Frè Yo

8 Nou gen yon ti sè e li pa gen tete menm;

kisa n ap fè pou sè nou an nan jou ke yon moun

ta vin pale pou l ta fiyanse avè l?

9 Si ti fi a se yon mi, nou va bati yon ranpa fèt an ajan pou antoure l;

men, si li se yon pòt, n ap fè yon barikad

ak gwo planch bwa sèd.

Jenn Fi a

10 Mwen te yon miray e tete mwen te tankou fò yo;

konsa, mwen te devni nan zye li kon yon moun ki jwenn lapè.

11 Salomon te gen yon chan rezen nan Baal-Hamon;

Li te bay jerans chan rezen an a gadyen yo.

Yo chak te gen pou pote mil sik ajan pou fwi li yo.

12 Pwòp chan rezen mwen an se devan m;

mil sik ajan yo se pou ou, Salomon

ak de-san pou sila ki okipe fwi li yo.

Salomon

13 O ou menm, ki chita nan jaden yo,

ansanm ak zanmi mwen yo,

kite m tande vwa ou.

Jenn Fi a

14 Annou pati, cheri mwen an!

Fè tankou yon antilòp,

oswa yon jenn sèf sou mòn ki plen epis yo.

Kantik A Kantik Yo 8