Chante Salomon an (continued)
1001 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Lòt yo
1 “Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo?
Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?”
Jenn Fi a
2 Cheri mwen an te desann nan jaden li an,
nan kabann ki fèt ak fèy awomatik,
pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo,
pou ranmase flè lis.
3 Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen;
sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
Salomon
4 Ou bèl, cheri mwen an, tankou Thirtsa;
bèl tankou Jérusalem,
mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.
5 Vire zye ou! Pa gade m!
Paske zye ou fè m egare.
Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad.
6 Dan ou tankou yon bann mouton
ki fenk monte sot benyen.
Yo tout ki pòtre marasa.
Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit.
7 De bò figi ou tankou yon tranch grenad
dèyè vwal ou.
8 Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin,
e jèn fi menm pa kab konte;
9 Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik;
li se sèl fi a manman li.
Fi san tach a sila ki te pote li a.
Jenn fi yo te wè l e te rele l beni;
ni rèn ni konkibin yo.
Yo te louwe l pou di:
10 Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a,
bèl tankou plèn lin nan,
san tach tankou solèy la,
e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?
11 Mwen te desann nan chan bwa nwa yo
pou wè bwa vèt yo nan vale a;
pou wè si chan rezen fin fè boujon,
oswa grenad yo te fleri.
12 Avan mwen te menm konnen,
dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an.
Lòt Yo
13 Retounen, retounen, O Silamit lan;
retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou!
Salomon
Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?
7:1 A la bèl pye ou bèl nan sandal yo, o pitit a nòb yo!
O fi a prens lan!
Koub kwis ou tankou bijou, zèv a yon vre atis.
2 Lonbrit ou kon yon tas won ki pa janm manke diven mele;
vant ou se yon bèl pakèt ble ankadre ak flè lis;
3 De tete ou se de jenn pòtre a yon antilòp,
jimo a yon antilòp.
4 Kou ou se yon kou ivwa,
zye ou tankou sous dlo nan Hesbon yo
akote pòtay a Bath-Rabbim nan.
Nen ou tankou tou Liban ki gade vè Damas la.
5 Tèt ou kouwone ou tankou Mòn Carmel
e très cheve tèt ou tankou fisèl mov.
Wa a kaptire pa très ou yo.
6 A la ou bèl e a la ou mèvèye,
ak tout bèlte ou yo!
7 Lè ou kanpe se tankou yon pye palmis
e tete ou se grap li yo.
8 Mwen te di: “Mwen va monte pye palmis lan,
mwen va kenbe tij fwi li yo.”
O ke tete ou yo kapab tankou grap
ki pann sou chan rezen an,
e bon odè a souf ou tankou pòm,
9 Epi bouch ou tankou meyè diven an, ki desann byen swa pou cheri mwen an,
e koule dousman nan lèv a sila
ki tonbe nan dòmi yo.
Jenn Fi a
10 Mwen pou cheri mwen an
e dezi li se pou mwen.
11 Vini, cheri mwen an!
Annou pati ale nan chan yo
e fè lojman nan ti vil yo.
12 Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo;
annou gade pou wè si chan rezen an
gen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri.
Se la, m ap bay ou lanmou mwen an.
13 Mandragò yo fin bay bèl odè;
epi sou tout pòt nou yo se tout meyè fwi yo,
ni nèf ni ansyen,
ki te konsève pou ou, lanmou mwen an.
8:1 O ke ou te tankou frè m,
ki te souse nan tete a manman m.
Si mwen te jwenn ou deyò, mwen ta bo ou;
nonplis, pèsòn pa ta denonse m pou sa!
2 Mwen ta mennen ou e fè ou antre
lakay a manman m ki te konn enstwi mwen an.
Mwen ta bay ou diven pafime ki sòti
nan ji grenad mwen yo pou ou bwè.
3 Kite men goch li rete anba tèt mwen
e men dwat li anbrase m.
4 “Mwen vle nou sèmante, o fi Jérusalem yo,
pa fè lanmou a vin leve,
ni ankouraje l jiskaske se plezi li.
Lòt Yo
5 Se ki fi sa a k ap monte sòti nan dezè a,
k ap apiye sou cheri li a?”
Jenn Fi a
Anba pye pòm nan, mwen te fè ou leve;
se la manman ou te gen doulè e te fè ou vin parèt.
6 Mete mwen tankou yon so sou kè ou,
tankou yon so sou bra ou.
Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò.
Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo;
lè l pete se tankou dife k ap pete.
Vrèman se flanm SENYÈ a.
7 Anpil dlo p ap ka etenn lanmou,
ni rivyè p ap ka inonde l.
Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou,
sa ta konplètman meprize.
Frè Yo
8 Nou gen yon ti sè e li pa gen tete menm;
kisa n ap fè pou sè nou an nan jou ke yon moun
ta vin pale pou l ta fiyanse avè l?
9 Si ti fi a se yon mi, nou va bati yon ranpa fèt an ajan pou antoure l;
men, si li se yon pòt, n ap fè yon barikad
ak gwo planch bwa sèd.
Jenn Fi a
10 Mwen te yon miray e tete mwen te tankou fò yo;
konsa, mwen te devni nan zye li kon yon moun ki jwenn lapè.
11 Salomon te gen yon chan rezen nan Baal-Hamon;
Li te bay jerans chan rezen an a gadyen yo.
Yo chak te gen pou pote mil sik ajan pou fwi li yo.
12 Pwòp chan rezen mwen an se devan m;
mil sik ajan yo se pou ou, Salomon
ak de-san pou sila ki okipe fwi li yo.
Salomon
13 O ou menm, ki chita nan jaden yo,
ansanm ak zanmi mwen yo,
kite m tande vwa ou.
Jenn Fi a
14 Annou pati, cheri mwen an!
Fè tankou yon antilòp,
oswa yon jenn sèf sou mòn ki plen epis yo.