Chante Salomon an (continued)
1001 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Jenn Fi a
1 Sou kabann mwen, pandan nwit lan,
mwen te chache sila ke nanm mwen renmen an.
Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.
2 Koulye a fòk mwen leve mache toupatou nan vil la;
nan ri yo ak nan plas yo.
Fòk mwen chache sila ke nanm mwen renmen an.
Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.
3 Gadyen ki fè tou vil la te twouve m.
Mwen te mande l: “Èske ou konn wè
sila ke nanm mwen renmen an?”
4 Lè m fenk kite yo mwen te jwenn
sila ke nanm mwen renmen an.
Mwen te kenbe l, mwen te refize lage l
jiskaske mwen mennen l rive lakay manman m,
pou l antre nan chanm a sila ki te vin ansent mwen an.
5 M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo,
nan non antilòp ak bich mawon an,
pou nou pa fè lanmou leve
ni ouvri zye l jiskaske se plezi li.
6 Se kisa k ap monte kite dezè a
tankou pilye lafimen yo,
byen pafime ak fèy bazilik ak lansan,
plen ak poud santi bon machann yo?
7 Gade byen, se kanape vwayaj Salomon k ap monte;
swasant òm pwisan kap antoure l,
mesye pwisan Israël yo.
8 Yo tout ki konn manyen nepe,
ki fò nan afè lagè;
chak mesye gen nepe l bò kote li,
pou fè gad kont menas lannwit yo.
9 Wa Salomon te fè pou kont li
yon kanape vwayaj ak bwa Liban an.
10 Li te fè pye li ak ajan e repo pou do a ak lò.
Kote pou chita a fabrike ak twal mov,
e tout anndan li byen dekore pa fi Jérusalem yo.
11 Ale, O fi a Sion yo,
e fikse byen Wa Salomon ak kouwòn sila a
manman l te kouwone l nan jou fèt maryaj li,
nan jou kè kontan li an.
Salomon
4:1 A la ou bèl, cheri mwen an, a la ou bèl!
Zye ou tankou toutrèl dèyè vwal ou;
cheve ou tankou yon bann kabrit
ki fin desann sòti Mòn Galaad.
2 Dan ou tankou yon bann mouton
ak lenn fenk taye ki sot benyen.
Yo tout fè pòtre jimo yo,
ni youn nan yo pa pèdi pitit li.
3 Lèv ou tankou fisèl wouj
e bouch ou tèlman bèl.
De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou.
4 Kou ou tankou fò David la,
bati ak wòch byen ranje sou sila yo mete mil boukliye yo,
tout boukliye won a mesye pwisan yo.
5 De tete ou tankou de jèn ti antilòp;
jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo.
6 Jiskaske jou a bese pou l vin fre
e lonbraj yo vin disparèt,
mwen va trase chemen mwen rive nan mòn
fèy bazilik la, ak nan kolin lansan an.
7 Ou fin bèl nèt, cheri mwen an,
e nanpwen defo nan ou.
8 Vin avè m soti Liban, fi maryaj mwen an;
m bezwen ou vini avè m sòti Liban.
Vwayaje desann soti nan wo pwent Amana,
soti nan wo pwent Mòn Senir ak Hermon;
soti nan kav lyon yo, nan mòn a leyopa yo.
9 Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an;
ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout,
ak yon sèl bout fisèl nan kolye ou.
10 A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an,
fi a maryaj mwen an!
A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven
e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!
11 Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl;
siwo myèl ak lèt anba lang ou.
Bon odè vètman ou tankou bon odè Liban an.
12 Yon jaden fèmen ak kle se sè mwen,
fi a maryaj mwen;
yon jaden wòch ki fèmen,
yon fontèn dlo ki ansèkle.
13 Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad,
ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm;
14 ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl,
ak tout bwa lansan yo, lami ak lalwa,
ansanm ak tout meyè kalite epis yo.
15 Ou menm se yon sous jaden,
yon pwi dlo fre ak ti ravin dlo k ap kouri soti Liban.
Jenn Fi an
16 Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid!
Fè jaden mwen respire ak souf bon odè;
kite epis li yo vante gaye toupatou.
Ke cheri mwen an vin nan jaden li an
pou manje tout fwi chwa li yo.
Salomon
5:1 Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen,
fi a maryaj mwen an.
Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen.
Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen;
mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen.
Lòt Yo
Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!
Jenn Fi a
2 Mwen t ap dòmi, men kè m t ap veye.
Yon vwa! Cheri mwen an t ap frape sou pòt la:
“Ouvri pou mwen, sè mwen, cheri mwen an,
toutrèl mwen an, ou menm ki pafè pou mwen an! Tèt mwen mouye ak lawouze,
très cheve mwen ak imidite nwit lan.
3 Mwen te fin retire rad mwen;
kijan pou m ta remete l ankò a?
Mwen te lave pye mwen;
kijan pou m ta fè vin sal yo ankò a?
4 Cheri mwen an te lonje men l pase nan twou pòt la.
Tout santiman kè m te leve pou li.
5 Mwen te leve pou ouvri pou cheri mwen an.
Men m te degoute menm ak lami,
e dwèt mwen ak dlo lami, sou manch boulon pòt lan.
6 Mwen te ouvri a cheri mwen an,
men cheri mwen an te vire kite pou l ale!
Kè m te sòti lè l te pale a.
Mwen te chache li, men mwen pa t jwenn li.
Mwen te rele li, men li pa t reponn mwen.
7 Gadyen ki te fè tou vil la te twouve mwen.
Yo te bat mwen.
Yo te blese mwen.
Jandam sou miray la te retire gwo manto mwen an.
8 “M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo,
si nou jwenn cheri mwen an, konsa nou va di l;
ke mwen malad ak lanmou.”
Lòt Yo
9 “Ki jan cheri ki cheri ou a,
sinon pi bèl pami fanm yo?
Ki jan cheri ki cheri ou a,
pi bon pase lòt,
ke ou ta nonmen non l devan nou konsa?”
Jenn Fi a
10 Cheri mwen an mèvèye,
yon figi wouj ranpli ak sante,
k ap parèt miyò pami di-mil.
11 Tèt li tankou lò, lò san tach;
très cheve li tankou grap rezen
e nwa tankou kòbo.
12 Zye li tankou toutrèl
akote dlo k ap koule,
ki benyen nan lèt,
ki monte kon bijou akote yon basen dlo.
13 De bò figi li tankou yon kabann fèt ak fèy awomatik,
kap poze sou yon kouch zèb santi bon.
Lèv li yo se flè lis ki degoute dlo lami.
14 Men li se wondèl fèt an lò,
anbeli ak bijou beril.
Kò li se ivwa taye ki kouvri ak pyè safi.
15 Janm li se pilye fèt an mèb blan,
plase sou yon baz lò san tach;
aparans li tankou chwa Liban an,
kon pi bèl bwa sèd li.
16 Bouch li plen ak dousè.
Li dezirab nèt.
Sa se cheri mwen an,
e sa se zanmi mwen an,
o fi Jérusalem yo.