Pati 5: Larenn Séba a vizite Salomon

Grandè Salomon ak vizit larenn Séba a.

992 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Wa Yo 9:15–16

15 Alò, sa se istwa a travay kòve ke Wa Salomon te fè leve pou bati kay SENYÈ a, lakay pa li a, ak Sitadèl Millo a, miray Jérusalem nan, Hatsor, Méguiddo ak Guézer. 16 Paske Farawon, wa Égypte la te monte, kaptire Guézer. Li te brile li avèk dife, e li te touye Kananeyen ki te rete nan vil yo. Epi li te ba li kòm dwa maryaj fi li a, madanm a Salomon.

II Kwonik Yo 8:12–16

12 Salomon te ofri ofrann brile bay SENYÈ a, sou lotèl ke li te bati devan galri a. 13 Sa te fèt selon règleman a chak jou. Li te ofri yo selon lòd Moïse pou Saba yo, nouvèl lin yo, fèt apwente yo twa fwa pa lan yo—Fèt Pen San Ledven an, Fèt Semèn Yo, ak Fèt Tonèl Yo.

14 Alò, selon règleman a papa li yo, David, li te chwazi divizyon a prèt yo pou sèvis pa yo, Levit yo pou devwa pa yo, pou fè lwanj e fè sèvis devan prèt yo selon règ a chak jou a, e gadyen pòtay pa divizyon pa yo nan chak pòtay. Paske se konsa David, nonm Bondye a, te konn kòmande sa. 15 Epi yo pa t varye menm nan lòd wa a ak prèt yo avèk Levit yo nan okenn fason ki te konsène kay depo trezò yo.

16 Konsa, tout travay a Salomon an te akonpli depi jou lakay SENYÈ a te etabli a, jiskaske li te fini. Konsa, lakay SENYÈ a te konplete.

I Wa Yo 9:25–28

25 Alò, twa fwa pa ane, Salomon te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè sou lotèl ke li te bati bay SENYÈ a. Li te brile lansan sou yo, sou lotèl ki te devan SENYÈ a. Konsa, li te fini kay la.

26 Wa Salomon osi te bati yon kantite gwo bato nan Etsjon-Guéber, ki te toupre Éloth arebò Lamè Wouj la, nan peyi Édom an. 27 Epi Hiram te voye sèvitè li yo avèk bato yo, moun lanmè ki te konnen afè lanmè, ansanm avèk sèvitè a Salomon yo. 28 Yo te ale Ophir, yo te pran kat-san-ven talan an lò soti la e yo te pote bay Wa Salomon.

II Kwonik Yo 8:17

17 Konsa, Salomon te ale kote Etsjon-Guéber ak Élath sou lanmè peyi Édom an.

I Wa Yo 10:14–29

14 Alò, pwa lò a ki te antre pou Salomon nan yon ane se te sis-san-swasann-sis talan lò, 15 anplis de sa ki te sòti nan machann avèk byen a tout komèsan yo, tout wa pami Arab yo avèk gouvènè nan chak peyi yo. 16 Wa Salomon te fè de-san gran boukliye avèk lò bat avèk sis-san sik lò nan chak gran boukliye. 17 Avèk twa-san boukliye nan lò bat, ki te sèvi twa min lò sou chak boukliye e wa a te mete yo nan kay Forè Liban an. 18 Anplis, wa a te fè yon gwo twòn avèk ivwa e li te kouvri li avèk lò rafine. 19 Avèk sis machpye monte pou rive nan twòn nan, e yon tèt won sou twòn nan pa dèyè li, bra yo nan chak kote chèz la, e de lyon ki te kanpe akote bra yo. 20 Douz lyon te kanpe la sou sis machpye yo, sou yon kote e menm jan an sou lòt la. Anyen tankou li pa t fèt nan okenn lòt wayòm. 21 Tout veso a Wa Salomon pou bwè yo te fèt an lò. Tout veso nan kay Forè a Liban yo te an lò pi. Nanpwen ki te an ajan. Sa pa t konsidere kòm bagay chè nan jou a Salomon yo. 22 Paske wa a te gen sou lanmè a bato a Tarsis avèk bato a Hiram yo. Yon fwa chak twazan bato a Tarsis yo te vini pote lò avèk ajan, ivwa avèk makak ak bèl zwazo pan yo.

23 Konsa, Wa Salomon te vin pi gran ke tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès. 24 Tout latè t ap chache prezans a Salomon pou tande sajès li ke Bondye te mete nan kè li. 25 Chak moun te pote kado li, afè an ajan avèk lò, vètman, zam, epis, cheval avèk milèt, an gran kantite ane pa ane.

26 Alò, Salomon te ranmase cha avèk cheval yo. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo avèk wa a nan Jérusalem. 27 Wa a te fè ajan vin gaye toupatou tankou wòch Jérusalem. Li te fè sèd yo vin anpil tankou bwa sikomò ki rete nan ba plèn nan. 28 Osi, lè Salomon te enpòte cheval yo, yo te soti an Égypte avèk Kuwe. Machann a wa yo te chache yo soti Kuwe pou yon pri. 29 Yon cha te konn enpòte soti Égypte pou sis-san sik an ajan ak yon cheval pou san-senkant e pa menm mwayen an, yo te ekspòte yo a tout wa Etyen avèk wa Siryen yo.

I Wa Yo 4:26–28

26 Salomon te gen karant-mil kote kouvri pou cheval ki te rale cha yo ak douz-mil chevalye. 27 Depite yo te founi pou Wa Salomon avèk tout sila ki te vini sou tab a Wa Salomon yo, yo chak pandan mwa pa yo. Yo pa t kite li manke anyen. 28 Yo te osi pote lòj avèk pay pou cheval avèk pi bèl sèl cheval byen vit pou mete kote li ta dwe ye a, yo chak selon chaj yo.

I Wa Yo 4:34

34 Moun te vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a.