Pati 5: Larenn Séba a vizite Salomon (continued)
Grandè Salomon ak vizit larenn Séba a.
992 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, lè rèn Séba a te tande koze a repitasyon Salomon pa non SENYÈ a, li te vini pou pase l a leprèv avèk kesyon difisil. 2 Li te vini Jérusalem avèk yon trè gran kantite moun, avèk chamo ki t ap pote epis, anpil lò avèk pyè presye. Lè li te vini kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li. 3 Salomon te reponn a tout kesyon li yo; anyen pa t kache a wa a pou l pa t eksplike li. 4 Lè rèn a Séba te vin konprann tout sajès a Salomon an, kay ke li te bati a, 5 manje sou tab li, kapasite sèvitè li yo, jan moun ki te sèvi tab yo te atantif, jan yo abiye, pòtè tas diven yo, ak eskalye li, kote li te monte rive lakay SENYÈ a, li te vin pa gen kouraj ankò. 6 Konsa, li te di a wa a: “Rapò ke m te tande soti nan peyi mwen selon pawòl ou avèk sajès ou a te vrè. 7 Men mwen pa t kwè rapò yo jiskaske mwen te rive e zye m te wè li. Epi vwala, yo pa t pale m mwatye verite. Ou depase nan sajès avèk richès rapò ke m te tande a. 8 Jan mesye pa ou yo beni! Beni se sèvitè ki kanpe devan ou yo tout tan pou tande sajès ou. 9 Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou pou mete ou sou twòn Israël la. Akoz SENYÈ a te renmen Israël pou tout tan, se pou sa Li te fè ou wa, pou fè lajistis avèk ladwati.” 10 Li te bay wa a san-ven talan lò, yon gran kantite epis avèk pyè presye. Fòs kantite epis sa a tankou sa ke rèn Séba a te bay a Wa Salomon an pa t janm antre ankò.
11 Osi, bato a Hiram ki te pote lò ki sòti Ophir yo, te mennen fè antre soti Ophir yon gran kantite pye bwa koray avèk pyè presye. 12 Wa a te fè soutyen lakay SENYÈ a avèk lakay wa a avèk bwa koray yo e osi ap yo avèk gita pou chantè yo. Bwa koray yo tankou sila yo pa t janm antre ankò, ni yo pa t janm wè jis rive jodi a.
13 Wa Salomon te bay a rèn Séba tout sa ke li te dezire, tout sa ke li te mande, anplis de sa li te ba li selon bonte wayal li. Konsa, li te vire retounen nan pwòp peyi pa li a, ansanm avèk sèvitè pa li yo.
17 Konsa, Salomon te rebati Guézer, e piba Beth-Horon, 18 epi Balath avèk Tamar nan dezè a, nan peyi Juda, 19 ak tout vil depo ke Salomon te genyen yo, menm vil pou cha li ak vil pou chevalye pa li yo avèk tout sa ki te fè Salomon plezi pou bati Jérusalem, nan Liban ak nan tout tèritwa a anba règ pa li. 20 Tout pèp ki te retay Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, Jebizyen yo, ki pa t nan fis Israël yo— 21 ak desandan yo ki te swiv yo, nan peyi ke fis Israël yo pa t kapab fin detwi nèt—soti nan yo, Salomon te leve ouvriye kòve yo, menm jiska jodi a. 22 Men Salomon pa t fè esklav yo pami fis Israël yo, paske yo te sèvi kòm mesye lagè yo, sèvitè li yo, prens li yo, kapitèn li yo, kòmandan a cha li yo, avèk chevalye li yo. 23 Sila yo se te chèf ofisye ki te sou zèv Salomon yo; senk-san-senkant ki te chèf sou moun ki te fè travay la yo.
18 Epi Huram, pa sèvitè li yo te voye bato kote li avèk sèvitè ki te konnen lanmè yo. Yo te ale avèk sèvitè a Salomon yo nan Ophir e yo te pran soti la, kat-san-senkant talan lò pou te pote yo kote Wa Salomon an.
13 Alò, pwa a lò ki te vini a Salomon nan en an te sis-san-swasann-sis talan an lò, 14 anplis de sa ke machann avèk komèsan yo te pote. Tout wa Arabie avèk dirijan peyi sa yo te mennen lò avèk ajan bay Salomon. 15 Wa Salomon te fè de-san gran boukliye defans an lò bat, ki te sèvi sis-san sik lò nan chak gran boukliye. 16 Li te fè twa-san boukliye ki te sèvi twa-san sik lò sou chak boukliye e wa a te mete yo nan kay Forè Liban an. 17 Anplis, wa a te fè yon gran twòn avèk ivwa, e li te kouvri li avèk lò pi. 18 Te gen sis mach pye eskalye ki pou rive nan twòn nan ak yon mach pye eskalye an lò ki te tache a twòn nan, avèk manch nan chak kote chèz la, avèk de lyon ki te kanpe akote manch yo. 19 Douz lyon yo te kanpe la sou sis etap eskalye sou yon kote ak sou lòt la. Nanpwen anyen tankou li ki te fèt pou okenn lòt wayòm. 20 Tout veso pou bwè ke Salomon te genyen yo te fèt an lò, e tout veso nan kay Forè Liban an te lò pi. Ajan pa t konsidere kòm tèlman valab nan jou a Salomon yo. 21 Paske wa a te gen bato ki te konn ale Tarsis avèk sèvitè a Huram yo. Yon fwa chak twazan, bato Tarsis yo te antre avèk lò ak ajan, ivwa, makak ak zwazo pan yo.
22 Konsa, Wa Salomon te vin pi gran pase tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès. 23 Epi tout wa latè yo t ap chache prezans a Salomon pou tande sajès ke Bondye te mete nan kè li. 24 Yo chak te pote pwòp kado pa yo: bagay an ajan avèk lò, vètman, zam, epis, cheval, milèt, an gran kantite ane pa ane. 25 Alò, Salomon te gen kat-mil estasyon separe pou cheval avèk cha e douz-mil chevalye. Li te pozisyone yo nan vil cha yo ak kote wa a nan Jérusalem. 26 Li te mèt sou tout wa yo soti nan Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo, e jis rive nan lizyè Égypte la. 27 Wa a te fè ajan gaye tankou wòch Jérusalem, e li te fè sèd yo anpil tankou bwa sikomò ki nan ba plèn nan. 28 Yo te mennen cheval pou Salomon soti an Égypte avèk tout peyi yo.
14 Salomon te vin gen cha avèk chevalye. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo epi ak wa a nan Jérusalem. 15 Wa a te fè ajan avèk lò vin an kantite Jérusalem, menm jan avèk wòch, e li te fè bwa sèd vin anpil tankou bwa sikomò nan ba plèn nan. 16 Cheval Salomon yo te enpòte soti an Égypte ak Kue. Komèsan a wa yo te achte yo nan Kue. 17 Yo te enpòte cha yo soti an Égypte pou sis-san sik ajan chak, cheval yo pou san-senkant chak, e pa menm mwayen an, yo te fè distribisyon a tout wa Etyen yo avèk wa Siryen yo.
1 Alò, depi rèn Séba te tande afè rekonesans a Salomon an, li te vini Jérusalem pou fè pase Salomon a leprèv avèk kesyon ki te byen difisil. Li te gen yon gran konpanyen moun avèk chamo chaje avèk epis ak yon gran kantite lò, avèk pyè presye. Lè li te rive kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li. 2 Salomon te reponn tout kesyon li yo. Anyen pa t kache a Salomon ke li pa t eksplike li. 3 Lè rèn Séba te fin wè sajès a Salomon an, kay ke li te bati a, 4 manje sou tab li, aranjman pozisyon chèz sèvitè li yo, konpòtman avèk abiman ministè li yo, eskalye li a sou sila li te konn monte pou rive lakay SENYÈ a, sa te fè l pèdi souf.
5 Li te di a wa a: “Se te verite; rapò ke m te tande nan pwòp peyi mwen konsènan pawòl avèk sajès ou. 6 Sepandan, mwen pa t kwè rapò yo jiskaske m te rive, e zye m vin wè. Epi vwala, mwatye a grandè a sajès yo pa t pale mwen sa. Ou depase rapò ke m te tande a. 7 Jan mesye pa ou yo beni, jan sèvitè ou yo ki kanpe devan ou tout tan pou tande sajès ou yo beni! 8 Beniswa SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou, e ki te mete ou sou twòn Li kòm wa pou SENYÈ a, Bondye ou a, akoz Bondye ou a te renmen Israël, Li etabli yo jis pou tout tan. Pou sa, Li te fè ou wa sou yo, pou fè lajistis avèk ladwati.”
9 Apre sa, li te bay wa a san-ven talan lò avèk yon trè gran kantite epis avèk pyè presye. Pa t janm te konn gen epis kon sa yo ke rèn Séba te bay a Wa Salomon an.
10 Sèvitè a Huram yo avèk sèvitè a Salomon ki te pote lò sòti nan Ophir yo, anplis te pote bwa sandal avèk pyè presye yo. 11 Avèk bwa sandal yo, wa a te fè eskalye pou kay SENYÈ a ak pou palè wa a ak gita, avèk ap pou chantè yo. Epi nanpwen bagay konsa ki te konn wè avan nan peyi Juda. 12 Wa Salomon te bay a rèn Séba tout dezi li nan sa li te mande, plis ke sa li te pote bay wa a. Alò, li te vire retounen nan peyi li avèk sèvitè li yo.