Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Kantik A Kantik Yo 7

Bib Sen An (BSA)

Admirasyon lemarye a

1 A la bèl pye ou bèl nan sandal yo, o pitit a nòb yo!

O fi a prens lan!

Koub kwis ou tankou bijou, zèv a yon vre atis.

2 Lonbrit ou kon yon tas won ki pa janm manke diven mele;

vant ou se yon bèl pakèt ble ankadre ak flè lis;

3 De tete ou se de jenn pòtre a yon antilòp,

jimo a yon antilòp.

4 Kou ou se yon kou ivwa,

zye ou tankou sous dlo nan Hesbon yo

akote pòtay a Bath-Rabbim nan.

Nen ou tankou tou Liban ki gade vè Damas la.

5 Tèt ou kouwone ou tankou Mòn Carmel

e très cheve tèt ou tankou fisèl mov.

Wa a kaptire pa très ou yo.

6 A la ou bèl e a la ou mèvèye,

ak tout bèlte ou yo!

7 Lè ou kanpe se tankou yon pye palmis

e tete ou se grap li yo.

8 Mwen te di: “Mwen va monte pye palmis lan,

mwen va kenbe tij fwi li yo.”

O ke tete ou yo kapab tankou grap

ki pann sou chan rezen an,

e bon odè a souf ou tankou pòm,

9 Epi bouch ou tankou meyè diven an, ki desann byen swa pou cheri mwen an,

e koule dousman nan lèv a sila

ki tonbe nan dòmi yo.

Jenn Fi a

10 Mwen pou cheri mwen an

e dezi li se pou mwen.

11 Vini, cheri mwen an!

Annou pati ale nan chan yo

e fè lojman nan ti vil yo.

12 Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo;

annou gade pou wè si chan rezen an

gen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri.

Se la, m ap bay ou lanmou mwen an.

13 Mandragò yo fin bay bèl odè;

epi sou tout pòt nou yo se tout meyè fwi yo,

ni nèf ni ansyen,

ki te konsève pou ou, lanmou mwen an.

Kantik A Kantik Yo 7