Bildad reprann agiman an ankò
2130 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, Bildad, Shouachyen an te reponn:
2 Tout pouvwa ak lakrent apatyen a Sila
ki etabli lapè nan wotè Li yo.
3 Èske fòs kantite sòlda Li yo kab kontwole?
Epi sou kilès ke limyè Li pa leve?
4 Konsa, se kijan yon nonm kapab dwat devan Bondye?
Oswa, kijan sila ki te fèt de fanm nan kapab vin pwòp?
5 Nan zye pa Li, menm lalin pa klè, ni zetwal yo pa pwòp,
6 Konbyen, anmwens lòm, yon vè,
ak fis la a lòm nan, vè a menm nan!
Job deklare ankò li se yon moun ki dwat
Job deklare ankò li se yon moun ki dwat, epi li konpare jan li te nan pwosperite anvan ak mizè l ap pase kounye a.
1 Epi Job te reponn:
2 Kèl kalite èd ou ye pou fèb yo!
Kèl sekou ou te bay a bra ki te san fòs la!
3 Kèl konsèy ou te bay a sila ki san sajès la!
Kèl kalite bèl eklèsisman ou te bay an abondans!
4 Se a kilès ou t ap eksprime pawòl sa yo menm?
Epi se lespri a kilès ki te enspire ou menm?
5 Lespri mò yo tranble anba dlo yo
avèk tout sila ki rete ladann yo.
6 Sejou Lanmò An se toutouni devan Bondye.
Labim nan pa gen kouvèti.
7 Li lonje rale zetwal nò a sou espas vid.
Li fè mond lan pandye san anyen p ap kenbe l.
8 Li vlope dlo yo nan nwaj Li yo,
e nwaj la pa pete anba fòs yo.
9 Li fè kache figi gwo lalin nan
e gaye nwaj Li sou li.
10 Li te trase yon lizyè sou sifas dlo yo,
ak pou limit tenèb la ak limyè a.
11 Pilye syèl yo tanmen tranble,
e yo etone lè L repwòche yo.
12 Ak pwisans Li, li kalme lanmè a,
e ak bon konprann Li, li te brize Rahab.
13 Ak souf Li, li dekore syèl yo.
Se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a.
14 Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo.
Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li!
Men tonnè pwisans Li an!
Se kilès ki kab konprann li?
27:1 Alò, Job te kontinye diskou li. Li te di:
2 Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m,
Toupwisanki te fè m gen nanm anmè a,
3 paske tan lavi toujou nan mwen.
Souf Bondye la nan nen m.
4 Lèv mwen, anverite, p ap pale sa ki pa dwat,
ni lang mwen pa p pale manti.
5 Fòk se lwen m pou m ta bay ou rezon.
Jiskaske m mouri, mwen p ap lage entegrite m.
6 Mwen kenbe fèm a ladwati mwen.
Mwen p ap lage l menm.
Kè m pa repwoche m depi gen lavi ladan m.
7 “Kite lènmi m kapab tankou mechan a.
Kite sila ki leve kont mwen, san jistis.
8 Paske ki espwa sila ki san Bondye a genyen
lè l koupe retire nèt,
lè Bondye fè l oblije bay lavi li?
9 Èske Bondye va tande kri li lè malè rive li?
10 Èske li va pran plezi nan Toupwisan an?
Èske li va rele non Bondye a nan tout tan sa yo?
11 Mwen va enstwi ou nan pwisans Bondye.
Pwojè Toupwisan an, mwen p ap kache l.
12 Gade byen, nou tout gen tan wè sa.
Ebyen, poukisa nou aji nan foli?
13 “Sa se pòsyon a moun mechan an ki va sòti Bondye,
ak eritaj ke mechan yo va resevwa nan men Toupwisan an.
14 Malgre fis li yo anpil, yo destine pou nepe.
Konsa, desandan li yo ap toujou manke pen.
15 Sila ki swiv li yo va antere nan lamò
e vèv li yo p ap kriye pou li.
16 Malgre li fè gwo pil ajan an vin tankou se tè
e prepare vètman anpil tankou ajil,
17 li kab prepare l, men se moun ladwati yo k ap mete li,
se inosan yo k ap divize ajan an.
18 Li te bati kay li tankou papiyon,
oswa tankou kay poto gadyen te fè.
19 Li kouche byen rich, men li pa janm vin genyen ankò;
li ouvri zye li, men li pa la.
20 Gwo laperèz yo rive pran l tankou yon flèv.
Yon move tan vole retire l pandan lannwit.
21 Van lès la pote l ale e li pati.
Li fè l vire tounen kite plas li.
22 Paske l ap plonje sou li san epanye,
pandan li eseye envite l chape nan men l.
23 Pèp la va bat men yo sou li.
Yo va sifle sou li kon koulèv,
pou li kite plas li a.”