Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Job 26

Bib Sen An (BSA)

Job: Kiyès ki ka konprann majeste diven an?

1 Epi Job te reponn:

2 Kèl kalite èd ou ye pou fèb yo!

Kèl sekou ou te bay a bra ki te san fòs la!

3 Kèl konsèy ou te bay a sila ki san sajès la!

Kèl kalite bèl eklèsisman ou te bay an abondans!

4 Se a kilès ou t ap eksprime pawòl sa yo menm?

Epi se lespri a kilès ki te enspire ou menm?

5 Lespri mò yo tranble anba dlo yo

avèk tout sila ki rete ladann yo.

6 Sejou Lanmò An se toutouni devan Bondye.

Labim nan pa gen kouvèti.

7 Li lonje rale zetwal nò a sou espas vid.

Li fè mond lan pandye san anyen p ap kenbe l.

8 Li vlope dlo yo nan nwaj Li yo,

e nwaj la pa pete anba fòs yo.

9 Li fè kache figi gwo lalin nan

e gaye nwaj Li sou li.

10 Li te trase yon lizyè sou sifas dlo yo,

ak pou limit tenèb la ak limyè a.

11 Pilye syèl yo tanmen tranble,

e yo etone lè L repwòche yo.

12 Ak pwisans Li, li kalme lanmè a,

e ak bon konprann Li, li te brize Rahab.

13 Ak souf Li, li dekore syèl yo.

Se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a.

14 Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo.

Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li!

Men tonnè pwisans Li an!

Se kilès ki kab konprann li?

Job 26