Repons Job nan twazyèm deba a
2130 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, Job te reponn:
2 Menm jodi a, plent mwen yo se rebelyon.
Men Li rete lou malgre tout plent mwen yo.
3 O ke m ta kab konnen kibò mwen ta kab twouve Li,
pou m ta kab pwoche chèz Li a!
4 Mwen ta prezante ka m nan devan L,
e plen bouch mwen ak diskou yo.
5 Mwen ta vin aprann pawòl ke Li ta reponn yo
e apèsi sa Li ta di m.
6 Èske Li ta sèvi gran fòs Li pou goumen ak mwen?
Non, anverite, Li ta koute mwen.
7 La, moun ladwati yo ta rezone avè L;
epi mwen ta delivre jis pou tout tan de Jij mwen an.
8 Men gade, mwen fè avan, men Li pa la,
e mwen fè bak, men mwen pa kab twouve Li.
9 Lè L aji agoch, mwen pa kab wè Li.
Li vire adwat, mwen pa wè L.
10 Men Li konnen chemen ke m pran an.
Li fè m pase a leprèv, e mwen va sòti tankou lò.
11 Pye m te kenbe fèm a pa Li.
Mwen te kenbe chemen Li an, e mwen pa t vire akote.
12 Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo.
Mwen te kenbe pawòl a bouch Li
kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.
13 Men pa gen lòt tankou Li;
se kilès ki kab kanpe kont Li?
Sa ke nanm Li pito, se sa ke Li fè.
14 Paske li acheve sa ki deziye pou mwen an.
Se anpil dekrè konsa ki rete avè L.
15 Pou sa, mwen deranje nèt nan prezans Li.
Lè m kalkile, Li fè m pè anpil.
16 Se Bondye ki fè kè m sote.
Se Toupwisan an ki deranje m konsa.
17 Akoz mwen pat koupe retire nèt avan fènwa a,
ni Li pat kouvri gwo tenèb la devan figi m.
24:1 “Poukisa Toupwisan an pa mete tan nan rezèv?
E poukisa sila ki konnen Li yo pa wè jou Li yo?
2 Kèk retire limit bòn yo.
Yo sezi e devore bann mouton yo.
3 Yo pouse fè ale bourik a òfelen yo,
yo pran bèf a vèv la kon garanti.
4 Yo pouse endijan yo akote wout la.
Malere peyi a oblije kache nèt.
5 Gade byen, kon bourik mawon nan dezè a,
yo vin parèt pou chache manje.
Dezè a bay yo anpil manje pou pitit yo.
6 Yo rekòlte nan chan a lòt yo,
e ranmase nan chan rezen a mechan yo.
7 Yo pase lannwit lan toutouni san rad,
e yo pa gen pwotèj kont fredi a.
8 Yo mouye ak lapli mòn yo,
e yo anbrase wòch yo akoz mank pwotèj yo.
9 Lòt yo sezi òfelen an soti nan tete a,
e kont malere a, yo pran garanti.
10 Se yo ki koz malere a ale toutouni san rad,
k ap pote pakèt akoz grangou.
11 Anndan miray moun sa yo, yo pwodwi lwil.
Yo foule li nan preswa, men yo swaf.
12 Depi nan vil la, moun yo plenyen fò,
e nanm a sila ki blese yo pouse gwo plent,
men Bondye pa prete atansyon de foli sa a.
13 “Gen lòt moun ki fè rebèl kont limyè a.
Yo pa vle konnen pa li,
ni rete nan chemen li yo.
14 Asasen an leve granmmaten.
Li touye malere a ak endijan an.
Nan lannwit, se yon vòlè li ye.
15 Zye adiltè a tann lannwit rive;
li di: ‘Zye p ap janm wè m.’
Li kouvri figi li.
16 Nan fènwa, yo fouye anndan kay yo.
Yo fèmen yo menm pandan jounen an.
Yo pa konnen limyè.
17 Paske pou li maten se menm jan ak fènwa a byen pwès,
tèlman li abitye ak gwo perèz nan fènwa pwès la.
18 “Se kim yo ye k ap monte sou dlo.
Pòsyon pa yo modi sou latè.
Yo pa tankou chan rezen yo.
19 Sechrès ak chalè manje dlo lanèj la.
Menm jan tou, Sejou Lanmò fè sila ki te peche yo.
20 Vant manman an va bliye li.
Vè va manje li byen dous,
jiskaske moun pa sonje l ankò.
Konsa, mechanste la va kase tankou yon pyebwa.
21 Li fè tò a fanm esteril la.
Li pa gen mizerikòd pou li.
22 Men Bondye konsève pwisan an pa lafòs Li.
Li vin gwo, men lavi li pa asire.
23 Bondye bay yo sekirite e yo repoze ladan l.
Zye Li veye tout sa yo fè.
24 Yo leve wo pou yon ti tan, e yo ale.
Konsa, yo vin rale ba e tankou tout lòt bagay, yo pote ale.
Menm tankou tèt sereyal, yo koupe, yo retire.
25 Alò, si se pa konsa li ye, se kilès ki kab fè prèv
ke m bay manti, oswa anile pawòl mwen yo?”