Job deklare ankò li se yon moun ki dwat (continued)
Job deklare ankò li se yon moun ki dwat, epi li konpare jan li te nan pwosperite anvan ak mizè l ap pase kounye a.
2130 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Anverite, gen yon min pou ajan
e yon plas pou rafine lò.
2 Fè retire nan pousyè a
e kwiv la fonn soti nan wòch la.
3 Lòm fè tenèb la pati,
e rive jis nan dènye limit lan.
Li chache twouve wòch kap kache a,
ak nan pwofon fènwa.
4 Li fouye yon twou fon byen lwen kote moun rete,
kote ki bliye nèt pa pye moun.
Konsa, yo pandye, yo balanse byen lwen limanite.
5 Pou tè a, depi nan li, manje sòti,
men anba, li boulvèse tankou dife.
6 Wòch li se sous a pyè safi yo.
Epi nan pousyè li, genyen lò.
7 Chemen li pa rekonèt pa koukou,
ni zye grigri pa janm wè l.
8 Bèt pi fewòs yo pa mache la,
ni lyon pa pase sou li.
9 Li mete men li sou wòch silèks la.
Li chavire mòn yo soti nan baz yo.
10 Li kreve kanal ki pase nan wòch yo,
e zye li wè tout sa ki presye.
11 Li bouche flèv yo pou dlo pa koule
e sa ki kache yo, li fè yo parèt nan limyè.
12 “Men se kibò yo twouve sajès?
Epi kibò yo jwenn sajès la?
13 Lòm pa konnen valè li,
ni valè li pa kab twouve nan peyi
moun vivan yo.
14 Labim nan di: “Li pa nan mwen”.
Lanmè a di: ‘Li pa bò kote m’.
15 Lò pi pa egal ak valè l,
ni ajan pa kab peze kon pri li.
16 Valè li pa kab konpare ak lò Ophir,
oswa oniks presye, oswa safì.
17 Ni lò ni vit pa egal avè l,
ni li pa kab fè echanj pou bagay ki fèt an lò fen.
18 Koray ak kristal, bliye sa nèt.
Posede sajès se pi wo ke pèl.
19 Topaz a Éthiopie a pa kab konpare avè l;
ni li pa kab valorize an lò pi.
20 E byen, se kibò sajès la sòti?
Epi kibò anplasman bon konprann nan ye?
21 Konsa, li kache a zye de tout èt vivan yo
e kache menm a zwazo syèl yo.
22 Labim nan ak lanmò a pale:
‘Ak zòrèy nou, nou konn tande rapò bagay sa a.’
23 Bondye konprann chemen li
e Li konnen plas li.
24 “Paske Li chache jis rive nan dènye pwent latè
e wè tout bagay anba syèl yo.
25 Lè L te bay pwa a van an
e te divize dlo yo pa mezi,
26 Lè L te etabli yon limit pou lapli
e yon chemen pou kout eklè,
27 Li te wè l e Li te deklare li.
Li te etabli li e anplis, Li te konprann bout li.
28 Konsa, a lòm Li te di:
‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès;
epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”
29:1 Ankò, Job te reprann diskou. Li te di:
2 “O ke m te menm jan ke m te ye nan mwa lontan yo!
Kon nan jou ke Bondye te bay rega sou mwen yo;
3 Lè lanp Li yo te briye sou tèt mwen,
e pa limyè Li, mwen te mache pase nan fènwa a;
4 Jan mwen te ye nan pi bèl nan jou mwen yo,
lè amitye Bondye te sou tant mwen an;
5 lè Toupwisan an te toujou avè m,
e pitit mwen yo te antoure mwen;
6 lè pa mwen yo te benyen nan bè
e wòch la t ap vide ban mwen gwo flèv lwil!
7 Lè m te konn sòti nan pòtay lavil la,
pou m te gen chèz mwen sou plas la.
8 Jennonm yo te wè m, e te kache kò yo,
e granmoun yo te konn leve kanpe.
9 Prens yo te sispann pale
e te mete men yo sou bouch yo.
10 Vwa a moun pwisan yo te rete,
e lang yo te kole anlè nan bouch yo.
11 Paske lè zòrèy la te tande m, li te rele m beni,
e lè zye a te wè m, li te fè temwayaj benediksyon,
12 akoz mwen te delivre malere ki te kriye pou sekou,
avèk òfelen ki pa t gen moun pou ede l la.
13 Benediksyon a sila ki te prèt pou peri yo te rive sou mwen
e mwen te fè kè vèv la chante avèk jwa.
14 Mwen te abiye nan ladwati e li te kouvri m;
jistis mwen te tankou yon manto, avèk yon tiban.
15 Mwen te sèvi kon zye pou avèg yo,
e pye pou sila bwate yo.
16 Mwen te yon papa pou malere a,
e ka ke m pa konnen an,
mwen te chache twouve bout li.
17 Mwen te kase machwè a mechan an
e mwen te retire viktim nan anba dan l.
18 Konsa, mwen te reflechi, “Mwen va mouri nan pwòp kay mwen,
e mwen va kontwole jou m yo anpil tankou sab.”
19 Rasin mwen gaye tankou dlo e lawouze
kouche tout lannwit sou branch mwen yo.
20 Fòs mwen toujou nèf,
e banza m renouvle nan men m.’
21 “Moun yo te koute e te tann.
Yo te sispann pale pou tande konsèy mwen.
22 Apre pawòl pa m, yo pa t pale ankò,
e pawòl mwen yo te etonnen yo.
23 Yo te tann mwen tankou lapli.
Yo te ouvri bouch yo pou bwè,
konsi se pou lapli nan sezon prentan.
24 Mwen te souri sou yo lè yo pa t kwè,
e limyè a figi m pa t janm vin ba.
25 Mwen te chwazi yon chemen pou yo,
te chita tankou chèf,
e te demere tankou wa pami sòlda yo,
tankou yon moun ki bay rekonfò a sila ki andèy yo.”