Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Marc 3

Bib Sen An (BSA)

Jésus geri moun jou Saba a

1 Li te antre ankò nan sinagòg la, epi yon nonm te la avèk yon men sèch. 2 Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a pou yo ta kapab akize Li.

3 Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!”

4 Li te di yo: “Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.

5 Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.

6 Imedyatman, Farizyen yo te ale deyò pou fè konplo kont Li avèk Ewodyen yo pou wè kijan yo ta kapab detwi Li.

Jésus geri foul moun yo

7 Jésus te retire kò l bò kote lanmè a ansanm avèk disip Li yo. Yon gran foul ki sòti Galilée t ap swiv li, ansanm avèk moun peyi Judée yo, 8 avèk Jérusalem, Idumée ak lòtbò Jourdain an ak landwa Tyr avèk Sidon. Yon gwo foul moun ki te tande tout sa Li t ap fè, te vin kote Li. 9  Li te di disip Li yo ke yon kannòt ta dwe prepare pou Li, akoz gran foul la, pou yo pa peze L twòp. 10 Paske Li te geri anpil moun, e kon rezilta, tout sa ki te aflije yo t ap peze L pou yo ta kapab touche L.

11 E nenpòt lè ke move lespri yo te wè L, yo t ap tonbe devan Li, kriye fò e di: “Ou se Fis Bondye a!”

12 Konsa, Li te reponn yo avèk severite pou yo pa di ki moun li te ye.

Douz apot yo

13 Li te monte sou mòn nan, pou L te rele sila ke Li menm te vle yo, e yo te vin kote Li. 14 Li te dezinye douz yo, pou yo ta kapab avè L, e pou Li ta kapab voye yo deyò pou preche, 15 e pou yo ta kab gen otorite pou chase move lespri yo: 16 Simon, ki rele Pierre, 17 Jacques, fis Zébédée a, avèk Jean, frè a Jacques, (a li menm Li te bay non Boanergès ki vle di Fis a tonnè yo); 18 André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la; 19 ansanm avèk Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.

Yon kay ki divize

20 Apre, Li te retounen lakay Li, e foul la te rasanble ankò jiskaske yo pa t kab menm manje yon repa.

21 Lè pwòp fanmi pa Li te tande sa, yo te ale deyò pou pran chaj Li, paske yo t ap di: “Li gen tan pèdi bon tèt Li”.

22 Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Béelzébul menm ki pran L. Li chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.

23 Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò? 24 Si yon wayòm divize kont tèt li, wayòm sa a p ap kapab kanpe. 25 Si yon kay divize kont tèt li, kay sa a p ap kab kanpe. 26 Si Satan fin leve kont tèt li, epi li divize, li p ap kab kanpe, men li fini!

27 “Men pèsòn p ap kapab antre lakay a yon nonm fò, e piyaje byen li, sof ke premyèman li mare mesye fò a; e apre sa, l ap piyaje kay li.

Peche yo pa ka padonnen an

28 “Anverite, Mwen di nou tout peche fis a lòm yo ap padone, e menm nenpòt blasfèm yo fè; 29 men nenpòt moun ki blasfeme kont Lespri Sen an p ap janm gen padon, men yo va rete koupab de yon peche etènèl.”

30 Paske yo t ap di ke “Li gen yon move lespri”.

Manman ak frè Jésus yo

31 Alò, manman Li, avèk frè Li yo te rive kanpe deyò a, yo te voye kote Li e te rele Li.

32 Yon foul te chita toupatou antoure L, e yo te di Li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo ap chèche Ou deyò a”.

33 Li te reponn yo e te di: “Kilès ki manman M ak frè M?”

34 Li te gade toupatou sou sila ki te chita antoure Li yo e Li te di: “Gade, men manman M avèk frè M yo! 35 Paske sila ki fè volonte a Papa M yo, se yo menm ki frè M, sè M, ak manman M”.

Marc 3