Disip yo keyi grenn sereyal jou Saba a
Yon lòt konfli sou Saba a ak Farizyen yo, lè disip yo keyi zepi sereyal nan jaden yo.
Sanble nan Galilée, sou wout retou soti Jérusalem
27 rive 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 12:1–8
12:1 Nan lè sa a, Jésus te pase nan chan sereyal yo nan jou Saba a e disip Li yo te vin grangou. Yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal pou manje yo.
2 Men lè Farizyen yo te wè sa, yo te di Li: “Gade, disip Ou yo fè sa ki pa pèmi nan yon jou Saba.”
3 Men Li te di yo: “Èske nou pa li sa ke David te fè lè li te vin grangou; li menm avèk lòt moun ki te avè l yo?
4 Jan li te antre nan kay Bondye a, e te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo? 5 Oubyen èske nou pa t li nan Lalwa a ke nan jou Saba a, prèt yo nan tanp lan te konn vyole Saba a men rete inosan? 6 Men Mwen di nou ke yon choz pi gran pase tanp lan isit la.
7 Men si nou te konnen kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd olye sakrifis’, nou pa t ap kondane inosan yo.
8 Paske Fis a Lòm nan se Senyè Saba a.”
Marc 2:23–28
2:23 Konsa, li te vin rive ke pandan Li t ap pase nan chan sereyal yo nan Saba a, pandan disip Li yo t ap ale, yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal.
24 Farizyen yo t ap di Li: “Gade la, poukisa y ap fè sa ki pa pèmi nan Saba”?
25 Li te di yo: “Èske nou pa janm li sa ke David te fè lè li te nan bezwen e te vin grangou, li menm avèk moun pa l yo?
26 Kijan li te antre menm nan kay Bondye a nan tan wo prèt la Abiathar? Jan li te manje pen konsakre a ki pa pèmi pou pèsòn manje sof ke prèt yo, e li te bay li osi a sila ki te avè l yo?”
27 Jésus te di yo: “Saba a te fèt pou lòm, e pa lòm pou Saba a.
28 Konsa, Fis a Lòm nan se Mèt la, menm a Saba a.”
Luc 6:1–5
6:1 Alò, li vin rive ke nan yon dezyèm Saba apre premye a, Li t ap pase nan yon chan ble. Konsa, disip Li yo t ap ranmase e manje tèt ble yo, lè yo fin fwote yo nan men yo.
2 Men kèk nan Farizyen yo te di: “Poukisa nou fè sa ki pa pèmi nan Saba a?”
3 Jésus te reponn yo e te di: “Èske nou pa janm lisa ke David te fè lè li te grangou; li menm avèk sila ki te avèk li yo?
4 Kijan li te antre nan kay Bondye a, li te pran manjepen konsakre a, ki pa t pèmi pou pèsonn manje sof ke prèt yo sèl, e li te bay a sila ki te avè l yo?”
5 Li te di yo: “Fis a Lòm nan se Senyè a Saba a.”
Jésus geri yon men chèch jou Saba a
Yon twazyèm konfli sou Saba a ak Farizyen yo, sou gerizon yon nonm ki gen yon men chèch nan yon sinagòg.
Nan Galilée
Matthieu 12:9–14
12:9 Konsa, Li te kite la e te ale nan sinagòg yo. 10 Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: “Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.
11 Li te reponn yo: “Ki moun nan sila ki pami nou yo, si li te gen yon mouton ki tonbe nan yon twou nan Saba a, pa t ap lonje pran l e fè l sòti nan twou a?
12 Konbyen plis valè a yon moun pase yon mouton? Ebyen, li pèmi pou fè sa ki bon nan Saba a.” 13 Konsa, Li di mesye a: “Lonje men ou!” Li te lonje li, e li te retounen nòmal tankou lòt la.
14 Men Farizyen yo te soti deyò, pou fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.
Marc 3:1–6
3:1 Li te antre ankò nan sinagòg la, epi yon nonm te la avèk yon men sèch.
2 Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a pou yo ta kapab akize Li.
3 Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!”
4 Li te di yo: “Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.
5 Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.
6 Imedyatman, Farizyen yo te ale deyò pou fè konplo kont Li avèk Ewodyen yo pou wè kijan yo ta kapab detwi Li.
Luc 6:6–11
6:6 Nan yon lòt Saba, Li te antre nan sinagòg la. Li t ap enstwi. Te gen yon mesye la avèk yon men dwat ki te sèch.
7 Konsa, skrib yo avèk Farizyen yo t ap veye L byen pre, pou wè si Li ta geri nan Saba a, pou yo ta kapab twouve yon rezon pou akize L.
8 Men Li te konnen panse yo. Li te di a mesye avèk men sèch la: “Leve vin devan.”
Konsa, li te leve vin devan.
9 Jésus te di yo: “Mwen mande nou, èske se pèmi nan Saba a, pou fè byen, oubyen pou fè mal? Pou sove yon vi, oubyen pou detwi li?” 10 Lè Lfin gade yo tout, Li te di li: “Lonje men ou!”
Konsa, li te fè l. Epi men l te restore.
11 Men yo menm te anraje. Yo te diskite ansanm sou sa yo ta kapab fè a Jésus.