Jésus anseye epi li geri gwo foul moun bò lanmè a
Jésus anseye epi li geri gwo foul moun bò lanmè Galilée.
Isit la nou wè Kris chwazi douz apot yo epi li fè Sèmon sou mòn lan pou yo ak foul moun yo.
27 rive 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 12:15–21
12:15 Men Jésus te vin konnen tout sa, e Li te retire kò l.
Anpil moun te swiv Li, e Li te geri yo tout.
16 Epi Li te pase lòd pou yo pa fè pèsòn konnen ki moun Li te ye. 17 Sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt Ésaïe a lè li te di:
18 “Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a;
byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an.
M ap mete lespri Mwen sou Li,
e Li va pwoklame jistis a payen yo.
19 Li p ap diskite, ni kriye;
ni pèsòn p ap tande vwa Li nan lari.
20 Yon wozo brize, Li p ap kase,
e yon fisèl bouji k ap toufe,
Li p ap tenyen,
jouk lè Li mennen jistis la rive nan viktwa a.
21 Nan Non Pa Li, payen yo ap gen espwa.”
Marc 3:7–12
3:7 Jésus te retire kò l bò kote lanmè a ansanm avèk disip Li yo. Yon gran foul ki sòti Galilée t ap swiv li, ansanm avèk moun peyi Judée yo, 8 avèk Jérusalem, Idumée ak lòtbò Jourdain an ak landwa Tyr avèk Sidon. Yon gwo foul moun ki te tande tout sa Li t ap fè, te vin kote Li. 9 Li te di disip Li yo ke yon kannòt ta dwe prepare pou Li, akoz gran foul la, pou yo pa peze L twòp.
10 Paske Li te geri anpil moun, e kon rezilta, tout sa ki te aflije yo t ap peze L pou yo ta kapab touche L.
11 E nenpòt lè ke move lespri yo te wè L, yo t ap tonbe devan Li, kriye fò e di: “Ou se Fis Bondye a!”
12 Konsa, Li te reponn yo avèk severite pou yo pa di ki moun li te ye.
Jésus chwazi douz apot
Apre yon nuit nan lapriyè, Jésus chwazi douz apot.
Marc 3:13–19
3:13 Li te monte sou mòn nan, pou L te rele sila ke Li menm te vle yo, e yo te vin kote Li.
14 Li te dezinye douz yo, pou yo ta kapab avè L, e pou Li ta kapab voye yo deyò pou preche, 15 e pou yo ta kab gen otorite pou chase move lespri yo:
16 Simon, ki rele Pierre, 17 Jacques, fis Zébédée a, avèk Jean, frè a Jacques, (a li menm Li te bay non Boanergès ki vle di Fis a tonnè yo); 18 André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la;
19 ansanm avèk Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.
Luc 6:12–16
6:12 Se te nan lè sa yo ke Li te kon ale nan mòn nan pou priye. Li te pase tout nwit lan nan lapriyè ak Bondye.
13 Lè li te fè jou, Li te rele disip Li yo kote Li. Konsa, Li te chwazi douz pami yo ke Li te osi nome kòm apòt:
14 Simon, ke Li te osi rele Pierre, André, frè li, Jacques, Jean, Philippe, Barthélemy; 15 Matthieu, Thomas; Jacques, fis de Alphée; Simon ki te rele Zelòt la;
16 Jude, fis a Jacques; ak Judas Iscariot, ki te devni yon moun trèt.