Sèmon sou mòn lan

Sèmon sou mòn lan: privilèj ak egzijans rèy Mesi a, ak estanda jistis Kris la.

Yon kote ki plat sou yon mòn, pa lwen Capernaüm

27 rive 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 5:1–8:1

Kote a ak moun k ap koute yo

5:1 Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L. 2 Li te louvri bouch Li e te kòmanse enstwi yo konsa:

Deklarasyon benediksyon ak malè yo

Entwodiksyon an: deklarasyon benediksyon ak malè yo, privilèj moun ki anba otorite Mesi a.

3 “Beni se sila yo ki malere an espri;

paske wayòm syèl la se pou yo.

4 Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt;

yo va konsole.

5 Beni se sila yo ki enb;

yo va resevwa tout latè kòm eritaj.

6 Beni se sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati;

yo va satisfè.

7 Beni se sila yo ki bay mizerikòd;

yo va resevwa mizerikòd.

8 Beni se sila yo ki gen kè pwòp nèt;

yo va wè Bondye.

9 Beni se sila yo ki fè lapè;

yo va rele yo fis Bondye.

10 Beni se sila yo ki te pèsekite pou ladwati;

wayòm syèl la se pou yo.

11 “Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen.

12 Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.

Estanda jistis Kris la

Tèm prèch la: prensip jistis Kris la, an kontras ak pa espè nan lalwa yo ak Farizyen yo.

13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.

14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.

17 “Pa panse ke Mwen te vini pou aboli Lalwa ak pwofèt yo. Mwen pa te vini pou aboli, men pou akonpli. 18 Paske vrèman Mwen di nou jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve. 19 Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la. 20 Paske m ap di nou ke si ladwati nou pa depase sila a skrib avèk Farizyen yo, nou p ap janm antre nan wayòm syèl la.

Prensip moral Kris yo depase ansèyman espè nan lalwa yo

Ansèyman moral Kris la siperyè ak ansèyman espè nan lalwa yo (ni Ansyen Testaman an ni lalwa oral la), nan sis pwen oswa egzanp: touye moun, adiltè, divòs, sèman, tire revanj ak renmen lènmi.

21 Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: ‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’. 22 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.

23 “Pou sa, lè ou ap prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou, 24 kite ofrann ou an la devan lotèl la e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.

25 “Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon. 26 Anverite Mwen di nou, nou p ap soti la jiskaske nou peye dènye santim nan.”

27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.

29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”

31 “Epi yo te konn di: ‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’ 32 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.

33 “Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’. 34 Men Mwen di nou: Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se twòn Bondye li ye; 35 ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Gran Vil a Gran Wa a. 36 Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa. 37 Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.

38 “Nou konn tande ke yo konn di: ‘Zye pou zye e dan pou dan’; 39 men Mwen di nou: Pa reziste a sila ki mechan an, men si nenpòt moun frape nou bò figi dwat nou, vire bay li lòt la tou. 40 Si nenpòt moun vle fè pwosè kont nou pou l pran chemiz nou, bay li palto a tou. 41 Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt. 42 Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.

43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’

44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo,

45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou?

47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

Vrè jistis an kontras ak ipokrizi pou fè wè

Pratike vrè jistis, kontrèman ak ipokrizi Farizyen yo ki vle fè wè, tankou nan bay moun ki nan bezwen, nan lapriyè ak nan jèn.

6:1 “Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.

2 “Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo. 3 Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè; 4 ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.

5 “Lè nou ap fè lapriyè, pa fè l tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe pou fè lapriyè nan sinagòg yo ak nan kwen lari pou moun kapab wè yo. Anverite, Mwen di nou, yo gen tan twouve tout rekonpans yo.

6 “Men nou menm, lè nou ap priye, ale nan ti chanm andedan kay nou an, e fèmen pòt nou. Priye a Papa nou ki an sekrè a, e Papa nou ki wè an sekrè a ap bay nou rekonpans.

7 “Lè nou ap priye, pa itilize anpil mo vag, e san sans jan payen yo konn fè a; paske yo sipoze ke lapriyè yo ap tande akoz anpil mo. 8 Men pa fè tankou yo; paske Papa nou konnen kisa nou bezwen menm avan nou mande Li. 9 Pou tout sa, priye konsa:

“‘Papa nou ki nan syèl la,

ke non Ou kapab Sen.

10 Ke Wayòm Ou kapab vini,

ke volonte Ou kapab fèt sou latè

menm jan ke li fèt nan syèl la.

11 Bay nou pou jou sa a pen

ke nou bezwen an,

12 Epi padone nou ofans nou yo

menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.

13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.

Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a

se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’

14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.

16 “Konsa, lè nou ap fè jèn, pa mete yon figi tris jan ipokrit yo konn fè a. Paske yo neglije aparans yo pou moun kapab wè ke y ap fè jèn. Anverite, yo deja twouve tout rekonpans pa yo.

17 “Men nou menm, lè nou ap fè jèn, onksyone tèt nou avèk lwil e lave figi nou, 18 pou moun pa wè ke nou ap fè jèn, men se Papa nou ki nan sekrè a k ap wè. Konsa, Papa nou ki wè nan sekrè a ap bannou rekonpans.

Devouman pou Bondye ak tout kè

Devouman pou Bondye ak tout kè, an kontras ak objektif ak enkyetid ki gen rapò ak bagay sou latè.

19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.

22 “Lanp kò nou se zye nou. Konsa si zye nou klè, tout kò nou ap plen limyè. 23 Men si zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb.

“Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen!

24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.

25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?

27 “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras? 28 E poukisa nou enkyete pou zafè rad?

“Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; 29 men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo. 30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!

31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.

34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”

Chèche defo, oswa jije lòt moun

7:1 “Pa jije pou nou menm pa vin jije. 2 Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou. 3 E poukisa nou gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an?

4 O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w? 5 Ipokrit! Premyeman, retire gwo bout bwa nan zye ou a, e konsa w ap kapab wè byen klè pou retire ti kras ki nan zye frè ou a.

6 “Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso.

Lapriyè ak règ annò a

7 “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. 8 Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. 9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.

12 Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.

Prèch la fini ak parabòl ki gen anpil fòs

Konklizyon prèch la: leson sou jistis pèsonèl la, avèk parabòl pisan ki fè leson sa a antre byen fon nan lespri moun.

13 “Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm. 14 Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.

15 “Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye. 16 Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb. 17 Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi.

18 Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi.

19 Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè.

20 Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.

21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’

24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch.

25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch.

26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”

28 Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a. 29 Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.

8:1 Lè Jésus te fin desann mòn nan, yon gran foul te swiv Li.

Luc 6:17–30, 32–42, 31, 43–49

Kote a ak moun k ap koute yo

6:17 Jésus te desann avèk yo, e Li te kanpe nan yon kote pla. Te gen yon gwo foul disip Li yo, ak yon gwo foul moun ki te sòti nan tout Juda avèk Jérusalem, avèk zòn kot Tyr avèk Sidon. 18 Yo te vin pou tande Li, e pou geri de maladi yo; epi sila ki te twouble avèk lespri enpi yo t ap geri. 19 Tout foul la t ap eseye touche Li, paske pouvwa t ap sòti sou Li, e t ap geri yo tout.

Deklarasyon benediksyon ak malè yo

Entwodiksyon an: deklarasyon benediksyon ak malè yo, privilèj moun ki anba otorite Mesi a.

20 Li te leve zye L , vè disip Li yo, e te kòmanse di: “Beni se nou menm ki malere, paske wayòm Bondye a se pou nou.

21 “Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.

22 “Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan.

23 “Fè kè kontan nan jou sa a, e sote ponpe avèk jwa, paske, gade byen, rekonpans nou gran nan syèl la. Paske semenm jan an, zansèt pa yo te konn maltrete pwofèt yo.

24 “Men malè a nou menm ki rich, paske nou ap resevwa tout konfò nou.

25 “Malè a sila ki byen manje koulye a yo, paske nou va grangou.

“Malè a nou menm ki ri koulye a, paske n ap kriye anpil.

26 “Malè a nou menm lè tout moun pale byen de nou, paske menm jan an, zansèt yo te konn aji avèkfo pwofèt yo.

Prensip moral Kris yo depase ansèyman espè nan lalwa yo

Ansèyman moral Kris la siperyè ak ansèyman espè nan lalwa yo (ni Ansyen Testaman an ni lalwa oral la), nan sis pwen oswa egzanp: touye moun, adiltè, divòs, sèman, tire revanj ak renmen lènmi.

27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo.

28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.

29 “Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou.

30 “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.

32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo.

33 Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la.

34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.

35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.

36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.

Chèche defo, oswa jije lòt moun

37 “Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone.

38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”

39 Epi Li te anplis pale yon parabòl a yo menm: “Èskeyon nonm avèg kapab mennen yon nonm avèg? Èske tou de p ap tonbe nan twou?

40 “Yon disip pa pi wo ke mèt li; men Nenpòt moun, lè li fin enstwi, ap tankou mèt li.

41 “Poukisa n ap gade pousyè ki nan zye a frè nou an, men pa okipe bout bwa ki nan zye pa nou an?

42 Oubyen kijan nou kapab di a frè nou an: ‘Frè m, kite m retire pousyè sa a ki nan zye ou a, lè nou menm pa wè bout bwa ki nan zye pa nou an? Nou ipokrit, premyèman retire bout bwa nan zye nou an, e nou va wè klè pou retire pousyè ki nan zye frè nou an.

Lapriyè ak règ annò a

31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.

Prèch la fini ak parabòl ki gen anpil fòs

Konklizyon prèch la: leson sou jistis pèsonèl la, avèk parabòl pisan ki fè leson sa a antre byen fon nan lespri moun.

43 “Paske nanpwen bon ab ki pote move fwi; e lòt kote, yon move ab ki pwodwi bon fwi.

44 Paske chak ab rekonèt pa pwòp fwi li. Konsa, lèzòm pa ranmase fig frans nan bwa zepin, ni yo p ap rekòlte fwi rezen nan yon touf pikan.

45 “Yon bon nonm, nan trezò a kè li, pote sa ki bon; epi moun mechan an nan trezò mechan an va fè parèt sa ki mechan; paske bouch li pale sa ki ranpli kè li.

46 “Poukisa nou rele M ‘Senyè, Senyè’, e pa fè sa ke M di?

47 Chak moun ki vin kote Mwen, e ki tande pawòl Mwen yo pou aji sou yo, Mwen va montre nou ak kisa li sanble:

48 Li tankou yon nonm k ap bati yon kay, ki te fouye fon, e ki mete yon fondasyon sou wòch la; epi lè inondasyon rive, tòran dlo a pete sou kay la, men li pa t kapab souke l, akoz ke li te byen bati.

49 “Men sila ki tande e ki pa aji, se tankou yon nonm ki bati kay li sou tè a san okenn fondasyon; epi tòran dlo a pete kont li. Lapoula li vin tonbe, e destriksyon a kay sa a vin gran.”