Jésus geri sèvitè yon santiryon nan Capernaüm

La a nou wè jan enfliyans Kris gaye rapidman, ak kesyon Jean Baptiste poze depi nan prizon.

27 rive 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 8:5–13

8:5 Lè Jésus te fin antre Capernaüm, yon chèf santenye Women an te vin sipliye Li:

6 “Senyè, sèvitè mwen an kouche paralize lakay mwen. L ap soufri anpil.”

7 Jésus Li te di li: “M ap vin geri li.”

8 Men santenye a te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri.

9 Paske mwen menm tou se yon moun anba otorite, avèk sòlda anba mwen. Mwen di a youn ‘ale’, li ale, e a yon lòt ‘vini’, e li vini, epi a esklav mwen ‘Fè sa’ e li fè l.”

10 Lè Jésus te tande sa, Li te etone e te di a sila ki t ap swiv Li yo: “Anverite, Mwen di nou, Mwen pa twouve lafwa konsa nan okenn moun an Israël. 11 Konsa, Mwen di nou ke anpil moun va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la; 12 men fis a wayòm yo ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.” 13 Jésus te di a santenye a: “Ou mèt ale. Ke sa fèt pou ou jan ou kwè a.” Konsa, sèvitè li a te geri nan menm lè sa a.

Luc 7:1–10

7:1 Lè Li te fin konplete tout diskou Li a nan tande a pèp la, Li te ale Capernaüm. 2 Epi esklav a yon sèten santenye, ke li te renmen anpil, te malad e te prèt pou mouri. 3 Lè li te tande afè Jésus a, chèf santenye a te voye kèk nan Jwif ansyen yo pou mande Li vin sove lavi a esklav li a.

4 Lè yo te rive kote Jésus, yo te sipliye L avèk tout kè yo. Yo te di: “Li merite pou Ou ta fè sa pou li.

5 Paske li renmen nasyon nou an. Se te li ki te bati sinagòg nou an.” 6 Jésus te pran wout la avèk yo. Lè Li te vin prè kay la, santenye a te voye zanmi yo pou di L: “Senyè, pa twouble tèt Ou plis, paske mwen pa dign pou Ou ta antre menm anba twati kay mwen. 7 Pou rezon sa a, mwen pa t menm konsidere ke m te dign pou m te vin kote Ou. Men sèlman di yon mo e sèvitè mwen an va geri.

8 Paske mwen tou se yon moun plase anba otorite, avèk sòlda yo anba m. Mwen di a sila a: ‘Ale’, e li ale, e a yon lòt ‘Vini’, e li vini; e a esklav mwen ‘Fè sa’, e li tou fè l.”

9 Alò, lè Jésus te tande sa, Li te etone de li. Li te vire di foul ki t ap swiv Li a: “Mwen di nou, pa menm an Israël Mwen pa t twouve yon si gran lafwa.” 10 Epi lè sila ki te voye yo te vin retounen, yo te twouve esklav la an bòn sante.

Jésus fè pitit gason yon vèv leve soti vivan nan Naïn

Luc 7:11–17

7:11 Pa anpil tan apre sa, Li te ale nan yon vil yo rele Naïn. Disip Li yo t ap ale avè l akonpanye pa yon gwo foul moun. 12 Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l. 13 Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.” 14 Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!” 15 Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.

16 Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”! 17 Rapò sila a konsènan Li te gaye toupatou nan Juda ak tout landwa nan distri yo.