Jean voye yon mesaj epi Jésus fè lwanj li

Mesaj Jean-Baptiste voye a, ak lwanj Jésus fè pou li.

Galilée

27 rive 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 11:2–19

11:2 Alò, lè Jean, depi nan prizon an, te tande tout zèv ke Kris la t ap fè yo. Konsa, li te voye yon mesaj pa disip Li yo. 3 Li te mande L: “Èske Ou se Sila ke nou t ap tann nan, oubyen èske nou bezwen tann yon lòt?”

4 Jésus te reponn yo e te di: “Ale fè rapò a Jean selon tout sa nou tande e wè: 5 Avèg yo vin wè, sila ki t ap bwate yo vin mache dwat, lepre yo vin pirifye, soud yo vin tande, mò yo vin resisite, e malere yo tande bòn nouvèl la.

6 Beni se sila ki pa chite akoz Mwen menm nan.”

7 Pandan mesye sa yo, disip a Jean Baptiste yo t ap prale, Jésus te kòmanse pale avèk foul la konsènan Jean: “Kisa nou te ale wè nan savann nan? Yon wozo ki souke pa van?

8 Men kisa nou te ale wè? Yon nonm abiye ak rad ki swa? Sila ki mete rad swa yo rete nan palè a wa yo.

9 Men kisa nou te sòti pou wè? Yon pwofèt? Wi, Mwen di nou e se youn ki plis ke yon pwofèt.

10 Se selon sila menm ke pwofèt yo te ekri: Gade byen! Mwen voye mesaje Mwen an devan fas nou, ki va prepare chemen an devan nou.”

11 Anverite Mwen di nou, pami sila ki fèt pa fanm yo, pa janm leve youn ki pi gran ke Jean Baptiste; malgre sa, sila ki pi piti nan wayòm syèl la, pi gran pase li. 12 Depi jou a Jean Baptiste yo jis rive kounye a, wayòm syèl la ap soufri vyolans, e lòm vyolan yo pran li pa lafòs. 13 Paske tout pwofèt yo ansanm ak Lalwa a te pwofetize jiska Jean. 14 Konsa, si nou kapab aksepte l, se li menm ki Elie, sila ki te genyen pou vini an.

15 Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.

16 “Men a kisa Mwen kapab konpare jenerasyon sila a? Li tankou timoun ki chita nan mache a, k ap rele lòt timoun

17 pou di: ‘Nou te jwe flit pou nou, e nou pa t danse. Nou te chante yon antèman, e nou pa t kriye’.

18 Paske Jean te vini san manje ni bwè, e yo di: ‘Li gen yon move lespri’!

19 Men Fis a Lòm nan te vini avèk manje e avèk bwè, e yo di: ‘Gade, li manje twòp, li bwè twòp, e li fè zanmi avèk moun biwo kontribisyon an, ak pechè yo!’ Men sajès la toujou jistifye pa zanfan li yo.”

Luc 7:18–35

7:18 Disip a Jean yo te bay li rapò konsènan tout bagay sa yo. 19 Konsa, li te rele de nan disip li yo, e te voye yo kote Senyè a pou mande: “Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?” 20 Lè mesye yo te rive a Li menm, yo te di: “Jean-Baptiste voye nou kote Ou menm pou mande ‘Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?’”

21 Nan menm lè sa a, Li te geri anpil moun avèk maladi, afliksyon, ak move lespri; epi Li te bay vizyon a anpil moun ki te avèg.

22 Li te reponn e te di yo: “Ale bay rapò a Jean sou sa nou wè ak tande.

‘Avèg yo vin wè, bwate yo vin mache,

lepre yo vin pwòp, soud yo tande, mò yo leve,

e malere yo gen bòn nouvèl la preche a yo menm.

23 Beni se sila ki pa pran ofans akoz Mwen.’”

24 Lè mesaje a Jean yo te sòti, Li te kòmanse pale a foul la sou Jean: “Kisa nou te ale nan dezè a pou wè? Yon wozo k ap souke pa van?

25 Men kisa nou te ale pou wè? Yon nonm abiye an twal swa? Gade byen, sila ki abiye byen bèl e ki viv nan richès yo se nan palè wayal yo ye.

26 Men kisa nou te ale wè? Yon pwofèt? Wi, Mwen di nou, se youn ki plis ke yon pwofèt.

27 “Se li menm sou sila yo te ekri a:

‘Veye byen, Mwen voye, mesaje Mwen devan fas Ou,

ki va prepare chemen Ou an devan Ou.’

28 “Mwen di nou, pami sila ki ne de fanm yo, nanpwen youn ki pi gran ke Jean; malgre sila ki pi piti nan wayòm Bondye a, pi gran pase li.”

29 Lè tout pèp la avèk kolektè kontribisyon yo te tande sa, yo te rekonèt jistis Bondye; akoz yo te batize avèk batèm Jean an. 30 Men Farizyen yo avèk avoka yo te rejte volonte a Bondye pou yo menm, akoz ke yo pa t batize avèk batèm a Jean an.

31 “A kisa Mwen kapab konpare lèzòm nan jenerasyon sila a, e ak kisa yo sanble?

32 Yo tankou timoun ki chita nan plas mache a, e k ap rele youn lòt; epi yo di: ‘Nou te jwe flit la pou ou, e ou pa t danse; nou te chante yon antèman, e ou pa t kriye.’

33 Paske Jean-Baptiste te vinisan manje pen, ni bwè diven; epi nou di ke li te gen yon dyab!

34 Fis a Lòm nan vini nan manje, ak bwè; epi nou di: ‘Gade, yon nonm ki manje twòp, yon moun sou, yon zanmi a kolektè kontribisyon avèk pechè yo!

35 Men sajès lajistifye pa tout pitit li yo.