Malè sou vil ki te jwenn opòtinite yo
Malè sou vil ki te jwenn opòtinite yo, ak sa Kris deklare sou tèt li kòm moun k ap anseye sou Papa a.
Galilée
27 rive 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 11:20–30
11:20 Li te kòmanse repwoche vil kote pi fò mirak yo te fèt yo, paske yo pa t repanti. 21 Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann. 22 Malgre sa Mwen di nou, l ap pi tolerab pou Tir ak Sidon nan jou jijman an pase pou nou menm. 23 Epi nou menm, Capernaüm; nou p ap monte nan syèl la! Nou konnen sa? Nou ap desann nan Lanfè. Paske si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Sodome; yo ta toujou la jodi a. 24 Malgre sa, Mwen di nou ke li va pi tolerab pou peyi Sodome nan jou jijman an pase pou nou menm.
25 Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo. 26 Wi Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou. 27 Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
Yon fanm pechè vide pafen sou pye Kris
Yon fanm pechè vide pafen sou pye Kris lakay Simon, yon Farizyen. Parabòl de moun ki te dwe lajan yo.
Galilée
Luc 7:36–50
7:36 Alò, youn nan Farizyen yo t ap mande L pou dine avèk li. Konsa, Li te antre lakay Farizyen an, e te rete sou tab la. 37 E te gen yon fanm nan vil la ki te yon pechè. Lè l vin konprann ke Li te sou tab lakay Farizyen an, li te pote yon bokal blan plen avèk pafen albat. 38 Li te kanpe dèyè Li, kote pye Li. Pandan l ap kriye, li te kòmanse mouye pye Li avèk dlo ki sòti nan zye li, epi siye yo avèk cheve li. Li te kontinye siye yo avèk cheve tèt li e bese nan pye Li, pou onksyone yo avèk pafen an. 39 Alò, lè Farizyen ki te envite Li a te wè sa, li te di a pwòp tèt li: “Si mesye sa a te yon pwofèt, Li t ap konnen ki kalite moun fanm sa a ye k ap touche Li a, ke li se yon pechè.”
40 Jésus te reponn li: “Simon, Mwen gen yon bagay pou di ou.”
Li te di: “Pale, Mèt.”
41 Yon sèten moun ki prete lajan te gen de zòm ki te dwe l: youn te dwe l senk-sandenye, epi lòt la, senkant. 42 Lè yo pa t kapab repeye, avèk gras, li te padone yo toulède. Pou sa, kilès nan yo k ap renmen li plis?”
43 Simon te reponn e te di: “Mwen sipoze ke se sila ke li te padone plis la.”
“ Li te di li: “Ou jije byen”.
44 Lè Li vire vè fanm nan, Li te di Simon: “Èske ou wè fanm sa a? Mwen te antre lakay ou. Ou pa t ban M dlo pou pye Mwen, men li mouye pye M avèk dlo zye li, e li te siye yo avèk cheve li. 45 Ou pa t bo M; men li menm, depi lè M antre a li pa sispann bo pye Mwen. 46 Ou pa t onksyone tèt Mwen avèk lwil, men li te onksyone pye Mwen avèk pafen.
47 “Pou rezon sa a Mwen di ou, peche li yo ki te anpil, vin padone, paske li te renmen anpil: men sila a ki padone piti, renmen piti.”
48 Answit Li te di li: “Peche ou yo padone”.
49 Sila ki te sou tab avèk Li yo te kòmanse di a yo menm: “Ki moun sa ye ki menm padone peche?”
50 Epi Li te di a fanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale anpè.”
Jésus fè yon dezyèm toune nan Galilée
La a Jésus fè yon dezyèm toune nan Galilée (sou twa antou), fwa sa a avèk tout Douz yo. Travay la leve yon gwo ostilite lakay Farizyen yo. Yo fè akizasyon blasfematwa ki di Jésus mete tèt li ansanm ak Satan. Menm pwòp fanmi Jésus pè pou se pa fou li fou akoz ajitasyon an ak akizasyon yo.
Luc 8:1–3
8:1 Yon ti tan apre, Li te kòmanse ale de yon vil ak yon bouk a lòt, poupwoklame e preche wayòm syèl la. Douz yo te avèk Li. 2 Anplis te gen avèk yo kèk fanm ki te geri de move lespri yo ak maladi yo. Te gen Marie, ke yo te rele Magdala a, sou kilès sèt dyab yo te sòti a, 3 avèk Jeanne, madanm Chouza a, entandan Hérode la, ak anpil lòt ki t ap kontribye a soutyen ki sòti nan mwayen pèsonèl yo.