Yo akize Jésus kòmkwa li mete tèt li ansanm ak Béelzébul

Akizasyon blasfematwa ki di Jésus mete tèt li ansanm ak Béelzébul.

Remake tout evènman ki vin apre yo te pase nan menm jou a, yo rele Jounen chaje a.

Galilée

27 rive 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 12:22–37

12:22 Apre sa, yo te pote bay Li yon mesye ki te avèg e bèbè akoz yon move lespri. Li te geri li, e bèbè a te vin pale e li te vin wè. 23 Tout foul la te etone, e te kòmanse di: “Èske se posib ke moun sa a kapab Fis a David?”

24 Men lè Farizyen yo tande sa, yo te di: “Mesye sa ap chase move lespri sa yo pa Béelzébul ki mèt a tout move lespri yo.”

25 Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe. 26 Si se Satan k ap jete Satan, li divize kont pwòp tèt li. Konsa kijan wayòm li va kanpe? 27 Epi si Mwen menm pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou.

28 Men si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou. 29 Oubyen kijan yon moun kapab antre nan kay a nonm fò, pou pran tout byen li, sof ke premyèman li mare nonm fò a? Lè l fini, l ap piyaje kay la.

30 “Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye. 31 Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone.

32 Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan laj sila a ni nan laj k ap vini an.

33 “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay. 34 Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35 Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal. 36 Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37 Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”

Marc 3:20–30

3:20 Apre, Li te retounen lakay Li, e foul la te rasanble ankò jiskaske yo pa t kab menm manje yon repa.

21 Lè pwòp fanmi pa Li te tande sa, yo te ale deyò pou pran chaj Li, paske yo t ap di: “Li gen tan pèdi bon tèt Li”.

22 Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Béelzébul menm ki pran L. Li chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.

23 Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò? 24 Si yon wayòm divize kont tèt li, wayòm sa a p ap kapab kanpe.

25 Si yon kay divize kont tèt li, kay sa a p ap kab kanpe. 26 Si Satan fin leve kont tèt li, epi li divize, li p ap kab kanpe, men li fini!

27 “Men pèsòn p ap kapab antre lakay a yon nonm fò, e piyaje byen li, sof ke premyèman li mare mesye fò a; e apre sa, l ap piyaje kay li.

28 “Anverite, Mwen di nou tout peche fis a lòm yo ap padone, e menm nenpòt blasfèm yo fè; 29 men nenpòt moun ki blasfeme kont Lespri Sen an p ap janm gen padon, men yo va rete koupab de yon peche etènèl.”

30 Paske yo t ap di ke “Li gen yon move lespri”.

Espè nan lalwa yo ak Farizyen yo egzije yon siy

Menm jou a. Galilée

Matthieu 12:38–45

12:38 Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: “Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.

39 Men li te reponn yo konsa: “Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la. 40 Menm jan ke Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase twa jou ak twa nwit nan kè latè. 41 Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la. 42 Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.

43 “Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn. 44 Konsa li di: M ap retounen lakay kote mwen te sòti a. Lè li vini li twouve li vid, bale e ranje nan lòd. 45 Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”

Manman Kris ak frè l yo chèche mennen l lakay

Menm jou a. Galilée

Matthieu 12:46–50

12:46 Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li.

47 Yon moun te di li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!”

48 Men Li te reponn sila ki te pale avèk Li pou di l: “Kilès ki manman M? E kilès ki frè M?”

49 Konsa, byen lonje men L vè disip Li yo, Li te di: “Gade manman M ak frè Mwen yo.

50 Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”

Marc 3:31–35

3:31 Alò, manman Li, avèk frè Li yo te rive kanpe deyò a, yo te voye kote Li e te rele Li.

32 Yon foul te chita toupatou antoure L, e yo te di Li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo ap chèche Ou deyò a”.

33 Li te reponn yo e te di: “Kilès ki manman M ak frè M?”

34 Li te gade toupatou sou sila ki te chita antoure Li yo e Li te di: “Gade, men manman M avèk frè M yo!

35 Paske sila ki fè volonte a Papa M yo, se yo menm ki frè M, sè M, ak manman M”.

Luc 8:19–21

8:19 Manman Li avèk frè L yo te vin kote L, e yo pa t kapab rive kote L akoz foul la.

20 Konsa moun yo te bay Li rapò a: “Manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a e vle wè Ou.”

21 Men Li te reponn yo e te di yo: “Manman M avèk Papa M se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki fè l.”