Premye gwo gwoup parabòl la
La a nou jwenn premye gwo gwoup parabòl la, ansanm ak vizit nan Jeraza ak retou nan Nazareth.
Menm jou a. Bò lanmè Galilée
27 rive 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 13:1–53
Entwodiksyon gwoup la
13:1 Nan jou sa a, Jésus te sòti nan kay la e te chita bò kote lanmè a.
2 Yon gran foul te rasanble bò kote L, epi Li te antre chita nan yon kannòt. Foul la te kanpe arebò lanmè a.
3 Li te pale anpil bagay avèk yo an parabòl konsa: “Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn.
Parabòl moun k ap simen an
Pou foul moun yo bò lanmè a: parabòl moun k ap simen an.
4 Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la, e zwazo te vin manje yo.
5 Gen lòt ki te tonbe kote ki plen wòch kote te manke tè, epi yo te leve byen vit pwiske tè a te manke pwofondè.
6 Men lè solèy la vin leve, yo te vin sèch; akoz ke yo te manke rasin, yo te vin fennen.
7 Lòt te tonbe pami pikan e pikan yo te leve toufe yo.
8 Lòt te tonbe nan bon tè kote yo te bay yon bon rekòlt; kèk miltipliye san fwa, kèk swasant fwa, e kèk trant fwa.
9 Sila ki gen zòrèy la, kite li tande.”
10 Disip Li yo te vin kote L e te mande: “Poukisa ou pale avèk yo an parabòl konsa?”
11 Li te reponn yo: “A nou menm, li pèmèt pou nou konnen sekrè a wayòm syèl la, men pou yo menm, sa poko pèmèt.
12 Paske pou nenpòt moun ki genyen, l ap vin resevwa plis, e l ap gen an abondans; men pou nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men l. 13 Se pou sa Mwen pale ak yo an parabòl; paske pandan y ap gade yo p ap wè, e pandan y ap tande yo p ap koute, ni yo p ap konprann.
14 Se nan yo menm, ke pwofesi Ésaïe a ap akonpli lè l di:
‘Nou va kontinye tande, men nou p ap konprann;
nou va kontinye gade, men nap manke apèsi.
15 Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò.
Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo;
otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo,
konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’
16 “Men beni se zye pa nou paske yo wè; e zòrèy nou paske yo tande. 17 Anverite, Mwen di nou ke anpil pwofèt ak moun ladwati te vle wè sa ke nou menm wè a, men yo pa t janm wè; e pou tande sa ke nou tande a, men yo pa t tande l.
18 “Pou sa, tande parabòl moun ki t ap simen an. 19 Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la.
20 Sa ki te simen nan wòch yo se moun ki tande pawòl la e imedyatman li resevwa l avèk jwa;
21 men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite.
22 Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi.
23 Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”
Parabòl move zèb yo
24 Jésus te bay yo yon lòt parabòl. Li te di: “Wayòm syèl la se kon yon nonm ki simen bon semans nan chan li. 25 Men pandan ouvriye li yo t ap dòmi, lènmi li yo te vin simen zèb pikan pami ble a, e ale. 26 Men lè ble a te vin leve e fòme tèt grenn, zèb pikan yo te parèt tou. 27 Epi esklav a mèt tè yo te vin di l: ‘Mèt, èske nou pa t simen bon semans nan chan ou an? Kijan konsa li vin plen avèk zèb pikan sa yo.’
28 “Epi Li te di yo: ‘Yon lènmi te fè sa!’ E esklav yo te di li: ‘Ou pa vle nou ale ranmase yo?’
29 “Men li te di yo: ‘Non, paske pandan nou ap ranmase zèb pikan yo, nou kab derasinen ble a tou. 30 Kite toulède grandi ansanm jouk rekòlt la rive. Nan tan rekòlt la, mwen va di ouvriye yo, premyèman, ranmase zèb pikan yo, mare yo nan pake e brile yo. Men ranmase ble a pou mete li nan depo mwen.’”
Parabòl grenn moutad la
31 Li te pale yon lòt parabòl a yo menm. Li te di: “Wayòm syèl la tankou yon grenn moutad ke yon nonm te pran pou simen nan jaden li. 32 Malgre grenn sa a pi piti pase tout lòt grenn yo, lè li vin grandi, li pi gran pase tout lòt plant nan jaden an, e te vin fè yon pyebwa kote tout zwazo ki vole anlè vin fè nich nan branch li yo.”
Parabòl ledven an ak anpil lòt ki sanble avè l
33 Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: “Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”
34 Tout bagay sa yo, Jésus te pale a foul la an parabòl, epi Li pa t pale avèk yo san parabòl.
35 Se te pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt yo lè yo te di:
“Mwen va ouvri bouch Mwen an parabòl;
Mwen va eksprime sekrè ki kache depi fondasyon mond sa a.”
Jésus esplike parabòl move zèb yo
Pou disip yo nan kay la: esplikasyon parabòl move zèb yo.
36 Apre sa, Li kite foul la e Li te ale nan kay la. Disip Li yo te vin kote l pou di: “Eksplike nou parabòl konsènan zèb pikan nan chan an.”
37 Li te di: “Sila a ki simen bon semans lan se Fis a Lòm nan. 38 Chan an se lemonn, e bon semans lan, se sila yo ki fis a wayòm nan. Zèb pikan yo se sila yo ki fis a mechan an. 39 Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo. 40 Pou sa, menm jan ke zèb pikan yo ranmase e brile avèk dife, konsa sa ap ye nan fen tan yo. 41 Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste. 42 L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, y ap kriye e y ap manje dan yo. 43 Konsa, sila ki gen ladwati yo ap fè klè tankou solèy la nan wayòm Papa yo a. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.
Parabòl trezò kache a
44 “Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.
Parabòl pèl ki gen anpil valè a
45 “Ankò, wayòm syèl la tankou yon machann k ap chèche bèl pèl. 46 Lè li twouve youn ki gen gran valè, li te ale vann tout sa li te posede pou te achte l.
Parabòl filè a
47 “Ankò, wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason. 48 Lè l fin ranpli, yo rale li atè. Yo te chita pou mete bon pwason nan yon veso, e te jete move yo. 49 Konsa sa ap ye nan fen tan yo. Zanj yo ap tou parèt e y ap fè triyaj mechan yo pami jis yo. 50 Epi y ap jete mechan yo nan founo dife a, kote y ap kriye e manje dan yo.
Parabòl mèt kay la
51 “Èske nou konprann tout bagay sa yo?”
Yo reponn Li: “Wi”.
52 Epi Jésus te di yo: “Konsa, chak skrib ki vini yon disip a wayòm nan se tankou yon mèt kay ki fè vin parèt nan trezò li sa ki nèf ak sa ki vye.”
53 Lè Jésus te fini avèk parabòl sa yo, li kite la.
Marc 4:1–34
Entwodiksyon gwoup la
4:1 Li te kòmanse enstwi yo ankò bò kote lanmè a. Yon gwo foul te ransanble kote Li jiskaske Li te vin antre nan yon kannòt sou lanmè a e Li te chita. Tout foul la te kanpe atè bò lanmè a.
2 Konsa, Li te enstwi yo anpil bagay an parabòl. Li t ap di yo nan ansèyman li;
Parabòl moun k ap simen an
Pou foul moun yo bò lanmè a: parabòl moun k ap simen an.
3 “Koute! Yon moun ki t ap simen te ale deyò pou simen grenn.
4 Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la pou zwazo yo vin manje l nèt.
5 “Lòt grenn te tonbe nan wòch kote pa t gen anpil tè. Byen vit, li te leve, paske tè a pa t gen pwofondè.
6 Konsa, lè solèy la fin leve, li te vin brile, e akoz li pa t gen rasin, li te fennen.
7 “Lòt grenn tonbe pami pikan yo. Pikan yo leve toufe li, e li pa t bay donn.
8 “Lòt grenn te tonbe nan bon tè e pandan yo t ap grandi, ogmante, yo vin bay yon rekòlt ki te pwodwi trant, swasant, e menm san fwa.”
9 Konsa li te di: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande”.
10 Pandan Li te apa pou kont Li, sila ki t ap swiv Li yo ansanm avèk douz yo t ap poze L kesyon sou parabòl yo.
11 Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl.
12 Pou l rive ke Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann. Otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”
13 Li te di yo: “Èske nou pa konprann parabòl sila a? Alò kijan nou va konprann tout parabòl yo?
14 “Moun k ap simen an simen pawòl la.
15 Se sila ki akote wout yo, ke lè pawòl la fin simen, yo tande. Men byen vit, Satan vin pran pawòl ki te simen an, e rachte l soti nan yo.
16 “E nan yon jan ki sanble ak sa, sila yo se yo menm ki te simen kote ki plen wòch yo. Lè yo fin tande pawòl la, byen vit, yo resevwa l avèk jwa.
17 Men yo pa gen rasin fon nan yo menm. Yo la pou yon ti tan. Lè afliksyon oswa pèsekisyon vini akoz pawòl la, lapoula yo vin chite.
18 “Lòt yo se sila yo ki te simen pami pikan yo. Se yo ki te tande pawòl yo, 19 men tout pwoblèm mond sa a ak sediksyon richès yo, avèk lanvi pou lòt bagay toufe pawòl la, pou li pa donnen fwi.
20 “Sila ki te simen nan bon tè a, se yo menm ki te tande pawòl la, yo te aksepte li, e yo te vin bay fwi trant, swasant e menm san fwa.”
21 Konsa Li t ap di yo: “Èske yon lanp pote pou mete anba yon panyen oubyen anba yon kabann? Èske yo pa pote li pou mete li sou yon chandelye?
22 Paske anyen pa kache, sof ke pou revele, ni anyen pa an sekrè, sof ke pou parèt nan limyè.
23 Si yon moun gen zòrèy pou tande, kite l tande.”
24 E Li t ap di yo: “Fè atansyon a sa nou koute. Menm jan ke nou mezire bay, li va mezire remèt a nou menm; e menm plis, y ap bannou ki tande. 25 Paske a nenpòt moun ki genyen, l ap resevwa anplis, e a nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men li.”
Parabòl grenn ki grandi poukont li a
26 E Li t ap di: “Wayòm syèl la se tankou yon mesye k ap voye semans sou latè. 27 Konsa, l ale sou kabann li nan aswè, li leve lajounen, e semans lan pouse e grandi; kijan sa fè fèt, li menm pa konnen. 28 Tè a pwodwi rekòlt pou kont li; premyèman flèch, answit tèt la, e apre sa, grenn mi yo nan tèt la. 29 Men depi rekòlt la vin prè, byen vit l ap bay li kouto, paske lè rekòlt la rive.”
Parabòl grenn moutad la
30 Li te di: “Kijan n ap imajine wayòm Bondye a, oubyen selon ki parabòl nou kapab reprezante li? 31 Li tankou yon grenn moutad ke lè l simen nan tè, li pi piti pase tout grenn ki sou latè. 32 Malgre sa, lè l fin simen, li grandi e vin pi gwo pase tout lòt plant nan jaden yo, epi fè gwo branch, pou zwazo anlè yo kab vin fè nich anba lonbraj li.”
Parabòl ledven an ak anpil lòt ki sanble avè l
33 Ak anpil parabòl konsa, Li te pale pawòl la avèk yo nan limit yo ta kapab tande l pou konprann.
34 Li pa t pale avèk yo san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.
Luc 8:4–18
Entwodiksyon gwoup la
8:4 Lè yon gran foul t ap rasanble, e sila yo ki sòti nan plizyè vil t ap vwayaje rive kote Li, Li te pale nan yon parabòl:
Parabòl moun k ap simen an
Pou foul moun yo bò lanmè a: parabòl moun k ap simen an.
5 “Semè a te sòti pou simen semans li; e pandan li t ap simen, kèk te tonbe akote wout la; epi yo te vin foule anba pye, e zwazo anlè yo te manje yo.
6 Lòt semans te tonbe nan tè plen wòch, e pandan yo t ap grandi, yo te fennen akoz ke li pa t gen dlo.
7 Lòt semans te tonbe pami pikan; epi pikan yo te grandi avè l, e te trangle yo.
8 Lòt semans te tonbe nan bon tè, te grandi, e te pwodwi yon rekòlt san fwa pi gran.”
Pandan Li t ap di bagay sa yo, Li t ap rele fò: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.”
9 Disip Li yo te kòmanse poze L kesyon sou sa ke parabòl sa a ta kapab vle di.
10 Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nangade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann.
11 “Alò, parabòl la se sa: Semans lan se pawòl Bondye a.
12 “Sila yo akote wout la se sila yo ki te tande; epi dyab la vin rache pawòl la nan kè yo, pou yo pa kwè e vin sove.
13 “Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.
14 “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.
15 “Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.
16 “Alò, pèsonn, lè l fin limen yon lanp pa kouvri li avèk yon veso, ni mete l anba yon kabann; men li mete li sou yon chandelye, pou sila yo ki antre kapab wè limyè a.
17 Paske pa gen anyen kache ki p ap vin parèt, ni anyen an sekrè ki p ap revele pou vin nan limyè.
18 “Pou sa, okipe nou de jan nou tande. Paske nenpòt moun ki genyen, se plis k ap bay a li menm; e a sila ki pa genyen an, menm sa li sipoze li genyen an va rache soti nan men li.”