Jésus kalme tanpèt la pandan l ap travèse lak la
Menm jou a. Lanmè Galilée
27 rive 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 8:18, 23–27
8:18 Lè Jésus te wè yon foul t ap antoure l, Li te pase lòd pou pati ale lòtbò lanmè a.
23 Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li.
24 Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi.
25 Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”
26 Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.
27 Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”
Marc 4:35–41
4:35 Nan jou sa a, lè lannwit vin rive, Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò”.
36 Yo te kite foul la e te pran Li avèk yo jan Li te ye nan kannòt la. Anplis, te gen lòt kannòt ki te avèk Li.
37 Konsa, te vin leve yon gwo van tanpèt, ak vag lanmè ki t ap kraze sou kannòt la otan ke kannòt la te prèske fin plen nèt.
38 Jésus Li menm te nan pwent dèyè kote L t ap dòmi sou yon kousen. Yo te fè L leve e te di Li: “Mèt, èske sa pa fè Ou anyen ke n ap mouri?”
39 Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.
40 Li te di yo: “Poukisa nou pè konsa? Jiska prezan, nou poko gen lafwa?”
41 Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”
Luc 8:22–25
8:22 Nan youn nan jou sa yo, Li te monte avèk disip Li yo nan yon kannòt. Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò lak la.” Yo te pati.
23 Men pandan yo t ap ale sou vwal a, Li te tonbe nan dòmi. Epi yon gwo van te vin desann sou lak la, e yo te kòmanse inonde e te vin an danje.
24 Yo te vini a Jésus e yo te fè L leve. Yo te di: “Mèt, Mèt, n ap peri!”
Lè L vin leve, Li te reprimande van an avèk gwo lam lanmè yo, e yo te sispann. Konsa, tan an te vin kalm.
25 Li te di yo: “Kote lafwa nou ye?”
Yo te ranpli avèk lakrent. Yo te etone, e te di youn lòt: “Alò, kilès nonm sa ye ki kòmande menm van avèk dlo a, e yo obeyi a?”
Jésus geri Gerazenyen ki te gen demon an
Lòt bò lak la, Jésus geri nonm ki te gen move lespri a nan peyi Gadarenyen yo.
Jeraza (Koursi). Menm jou a
Matthieu 8:28–34
8:28 Lè li te rive lòtbò nan peyi Gadarenyen yo, de moun ki te gen move lespri te rankontre li pandan yo t ap soti nan tonm yo. Yo te tèlman vyolan ke pèsòn pa t kapab pase nan chemen sa a.
29 Epi yo te kriye e te di: “Kisa nou gen avè W, Fis Bondye a? Èske Ou vini la pou toumante nou avan lè a?”
30 A yon distans, te gen yon bann kochon ki t ap manje.
31 Epi lespri yo te kòmanse sipliye Li konsa: “Si ou ap mete nou deyò, voye nou nan bann kochon sa yo.”
32 Li te di yo: “Ale!”
Yo te pati e te ale nan kochon yo. Lapoula, tout bann kochon yo te kouri desann falèz la, tonbe nan lanmè, pou mouri nan dlo a.
33 Gadyen yo te kouri ale antre nan vil la kote yo te fè rapò tout bagay sa yo, ansanm avèk sa ki te rive moun move lespri yo.
34 Konsa, tout vil la te soti pou rankontre Jésus. Lè yo te wè L, yo te sipliye Li pou kite peyi yo a.
Marc 5:1–20
5:1 Yo te vini lòtbò lanmè a nan peyi Gadarenyen yo.
2 Lè Li te fin sòti nan kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li. 3 Li t ap viv pami tonm yo, e pèsòn pa t kab mare l ankò, menm avèk yon chèn. 4 Paske li te konn mare souvant avèk gwo fè avèk chèn nan pye li. Chèn yo te konn vin chire separe nèt pa fòs li, e fè yo te kase an mòso. Pèsòn pa t kab donte l. 5 Konsa, tout tan, lajounen kon lannwit, pami tonm yo ak nan mòn yo, li t ap kriye fò e t ap blese kò l avèk wòch.
6 Lè l wè Jésus a distans, li kouri pwoche L pou l bese devan L.
7 Li te kriye avèk yon vwa fò, e te di: “Kisa m gen avè w Jésus, Fis a Bondye Pi Wo a? Mwen sipliye Ou pa Bondye, pa toumante mwen!”
8 Paske Li t ap di a li menm: “Sòti nan mesye sa a, ou menm move lespri a!”
9 Konsa, Li te mande l: “Kòman yo rele ou?”
Li te di L: “Yo rele m Lejyon, paske nou anpil.”
10 Li te kòmanse sipliye Li seryezman pou Li pa voye yo deyò peyi a.
11 Konsa, te gen yon gwo bann kochon ki t ap manje la nan mòn nan.
12 Tout move lespri yo te sipliye Li e te di: “Voye nou nan kochon yo pou nou kapab antre nan yo”.
13 Jésus te bay yo pèmisyon. Konsa nan sòti a, move lespri yo te antre nan kochon yo, e bann nan te kouri desann pant falèz mòn nan, jouk rive nan lanmè. Te gen anviwon de-mil nan yo, e yo te mouri nan dlo lanmè a.
14 Konsa, gadyen yo te kouri kite lye a, e te bay rapò sa nan vil la, tankou andeyò. E moun yo te vini pou wè sa ki te rive a.
15 Yo te vin kote Jésus e yo te wè mesye ki te konn gen move lespri a byen chita, byen abiye avèk tout bon lespri li. Se te menm moun ki te gen “Lejyon an”, e yo te vin gen krent.
16 Konsa, sila ki te wè l yo, te pale ak yo sou jan sa te rive mesye move lespri a, ak tout afè kochon yo.
17 E yo te kòmanse sipliye L pou L kite landwa sa a.
18 Pandan Li t ap antre nan kannòt la, mesye ki te gen move lespri a te sipliye L pou l ta kapab ale avèk Li. 19 Men Li pa t kite L ale, men te di li: “Ale lakay moun ou yo e bay yo rapò sou ki gran bagay SENYÈ a te fè pou ou, ak jan Li te fè ou gras.” 20 Li te sòti, e te kòmanse pwoklame nan Decapolis ki kalite bon bagay Jésus te fè pou li, e tout moun te etone.
Luc 8:26–39
8:26 Yo te kouri a vwal jouk lè yo rive nan peyi a Jerazenyen yo ki anfas Galilée.
27 Lè Li te desann atè, Li te rankontre pa yon sèten mesye nan vil la, ki te domine pa dyab. Li pa t konn mete rad depi lontan, e li pa t viv nan kay, men nan tonbo.
28 Lè l wè Jésus, li te kriye fò e te tonbe devan Li. Li te di ak yon gwo vwa: “Kisa m gen avè ou Jésus, Fis a Pi Wo Bondye a? Mwen sipliye ou, pa toumante mwen.”
29 Paske Li te kòmande lespri enpi a pou sòti nan mesye a. Paske li te konn sezi li anpil fwa; e li te mare avèk chenn avèk fè nan pye li, e Li te kenbe anba gad. Li te konn pete tout kontrent sa yo pou dyab yo ta pouse l nan dezè a.
30 Jésus te mande li: “Kòman yo rele ou?” E li te di: “Lejyon”, paske anpil dyab te gen tan antre nan li.
31 Yo t ap sipliye L pou pa voye yo nan abim nan.
32 Alò te gen yon gwo bann kochon ki t ap manje la nan mòn nan, e dyab yo te sipliye Li pou kite yo antre nan kochon yo. Konsa, Li te bay yo pèmisyon.
33 Dyab yo te sòti nan mesye a, e te antre nan kochon yo, bann nan te kouri desann pant falèz la, tonbe nan lak la, e te mouri nan dlo a. 34 Lè gadyen kochon yo te wè sa ki rive a, yo te kouri ale bay rapò a nan vil la avèk tout landwa andeyò yo.
35 Pèp la te sòti vin wè sa ki te rive a, e yo te vin kote Jésus. Yo te twouve nonm ki te konn gen dyab la. Li te chita nan pye Jésus, byen abiye, e nan bon tèt li. Yo te vin pè.
36 Sila yo ki te wè sa, te eksplike yo kijan nonm nan ki te posede pa dyab yo, te vin geri.
37 Tout pèp Jerazenyen yo an ak landwa andeyò yo te mande pou L ta kite yo paske yo te ranpli avèk yon gwo perèz. Li te antre nan kannòt la, e te pati.
38 Men mesye a ke dyab yo te kite a te sipliye L pou L ta kapab ale avèk li, men Li te voye li ale e te di: 39 “Retounen lakay ou pou eksplike yo ki gwo bagay ke Bondye te fè pou ou.”
Donk li te ale, e te pwoklame toupatou nan tout vil la ki gwo bagay Bondye te fè pou li.