Pitit fi Jaïrus la ak fanm ki touche rad Kris la
Lè Jésus retounen, li geri pitit fi Jaïrus la ak fanm ki te sèlman touche rad Kris la.
Pwobableman Capernaüm
27 rive 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 9:18–26
9:18 Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”
19 Jésus te leve e te swiv li ansanm avèk tout disip Li yo.
20 Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche rebò vètman Li;
21 paske li t ap di nan tèt li: “Si sèlman mwen kapab touche rebò vètman Li, m ap geri.”
22 Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.
23 Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd.
24 Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.”
Epi yo te kòmanse ri sou Li. 25 Men lè foul la te soti deyò, Li te antre, pran men li, e fi a te vin leve.
26 Nouvèl sa a te kouri toupatou nan peyi a.
Marc 5:21–43
5:21 Lè Jésus te fin pase lòtbò ankò nan kannòt la, yon gwo foul te rasanble antoure Li. Li te bò kote lanmè a.
22 Youn nan ofisye sinagòg yo ki te rele Jaïrus te pwoche. Lè l te wè Li, li te tonbe sou jenou Li. 23 Li te sipliye Li byen fò e te di: “Tifi mwen an prèt pou mouri. Silvouplè, vin poze men Ou sou Li pou li kapab vin geri e viv.”
24 Epi Li te ale avèk li. Yon gwo foul t ap swiv Li e yo t ap peze L.
25 Konsa, te gen yon fanm ki te gen yon emoraji pandan douz ane. 26 E li te soufri anpil nan men a anpil doktè. Li te depanse tout sa li te posede san rezilta, men li te vin pi mal atò.
27 Apre li te fin tande koze Jésus a, li te pwoche dèyè Li nan foul la, e te touche vètman Li. 28 Paske li te reflechi: “Si m sèlman touche rad Li, mwen va geri”. 29 Konsa, nan menm moman an, ekoulman san an te vin seche, e fanm nan te santi nan kò l ke maladi a te geri.
30 Nan menm moman an, Jésus te santi nan Li menm ke pouvwa a te kite L. Li te vire kote foul la e te di: “Kilès ki te touche vètman Mwen an?”
31 Disip Li yo te di L: “Ou wè tout foul sa a k ap peze Ou, e Ou mande: ‘Kilès ki touche M nan?’”
32 Li te gade toupatou pou wè fanm ki te fè sa a.
33 Konsa, fanm nan, tou ap tranble avèk lakrent, konsyan de sa ki te rive l la, li te vin tonbe devan Li, e te di Li tout laverite.
34 Jésus te di li: “Fi, se lafwa ou ki bay ou lasante. Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”.
35 Pandan Li t ap pale, moun yo te rive sòti lakay ofisye sinagòg la. Yo te di l: “Fi ou a gen tan mouri; ou pa bezwen twouble Mèt la ankò”. 36 Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: “Pa pè ankò; sèlman kwè”.
37 Konsa, Li pa t kite pèsòn swiv Li sof ke Pierre, Jacques, ak Jean, frè a Jacques.
38 Yo te vini lakay ofisye sinagòg la, epi Li te wè yon gwo tenten, ak moun ki t ap kriye fò e rele “anmwey”.
39 Li antre, e Li te di yo: “Poukisa nou ap fè tout bri sa a, e kriye konsa? Pitit sa a pa mouri, men l ap dòmi”.
40 Konsa yo te kòmanse ri sou Li. Men lè Li te fin mete yo tout deyò, Li te pran manman ak papa a pitit la avèk moun pa L yo, e te antre kote pitit la te ye a.
41 Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”
42 Lapoula, tifi a te leve e te kòmanse mache. Li te gen douz ane. Tout moun te sezi. 43 Konsa, Li te bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.
Luc 8:40–56
8:40 Lè Jésus te retounen, foul la te resevwa L byen, paske yo tout t ap tann Li.
41 Konsa, te vini yon nonm ki te rele Jaïrus ki te yon ofisye sinagòg la. Li te tonbe nan pye a Jésus e te kòmanse sipliye Li pou te vini lakay li;
42 paske li te gen yon sèl fi, anviwon laj a douz lane, e li te mouri.
Men pandan Li t ap ale, foul la t ap peze Li.
43 Konsa, yon fanm, ki te koule san pou plis ke douz lane, men pa t kapab twouve gerizon pa okenn moun,
44 te pwoche dèyè Li. Li te touche arebò vètman Li, e nan menm moman an, san an te rete.
45 Jésus te di: “Kilès ki te touche Mwen an?”
E pandan yo tout t ap demanti ke se pa yo, Pierre te di: “Mèt, foul la ap bourade ou e peze Ou.”
46 Men Jésus te di: “Yon moun vrèman te touche M, paske Mwen te konnen lèpouvwa a te kite M nan.”
47 Lè fanm nan te wè ke li t ap dekouvri, li te vini byen tranble, e te tonbe devan Li. Li te deklare nan prezans a tout moun poukisa li te touche L la ak jan li te vin geri nan menm enstan.
48 Jésus te di li: “Fi Mwen, lafwa ou te fè ou geri; ale anpè.”
49 Pandan Li te toujou ap pale, yon moun te soti lakayofisye sinagòg la, e te di: “Pitit ou a gen tan mouri. Pa twouble Mèt la ankò.”
50 Men lè Jésus te tande sa, Li te reponn li: “Pa pè; sèlman kwè, e li va geri.”
51 Lè Li te rive nan kay la, Li pa t kite okenn lòt moun antre avè L, sof ke Pierre avèk Jean ak Jacques, epi manman ak papa pitit la.
52 Alò yo tout t ap kriye, e t ap lamante pou li; men Li te di: “Sispann kriye, paske li pa mouri, men l ap dòmi.”
53 Yo te kòmanse ap ri sou Li, paske yo te konnen ke li te mouri.
54 Men Li menm te pran li pa lamen, Li te rele e te di: “Pitit, leve!”
55 Konsa, lespri lavi li te retounen, e li te leve imedyatman. Li te bay lòd pou yo bay li yon bagay pou l manje.
56 Paran li yo te etone, men Li te enstwi yo pou pa pale pèsonn sa ki te rive a.
Jésus geri de mesye avèg ak yon mesye bèbè
Jésus geri de mesye avèg ak yon mesye bèbè ki gen demon, epi yo fè yon akizasyon blasfematwa kont li.
Matthieu 9:27–34
9:27 Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras Fis a David la!” 28 Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo: “Èske nou kwè ke Mwen kapab fè sa?”
Yo te reponn Li: “Wi, Senyè”.
29 Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt selon lafwa nou.” 30 Epi zye yo te vin louvri. Jésus te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.” 31 Men yo te ale deyò e te gaye nouvèl la toupatou nan peyi a.
32 E pandan yo t ap soti deyò, konsa, yo te pote bay Li yon moun bèbè avèk yon move lespri. 33 Lè Li fin jete move lespri a, bèbè a vin pale. Tout foul la te byen etone. Yo te di: “Nou pa janm wè anyen parèy a sa an Israël.”
34 Men Farizyen yo t ap di: “Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”
Jésus vizite Nazareth pou dènye fwa
Matthieu 13:54–58
13:54 Li rive nan vil pa Li a, e Li te kòmanse preche nan sinagòg yo, jiskaske yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve sajès sila a ak pouvwa fè mirak sa yo?
55 Se pa pitit a chapant lan? Èske yo pa rele manman L Marie, e frè li yo Jacques, Joseph, Simon ak Judas? 56 Epi sè Li yo; èske yo tout pa avèk nou? Ebyen, kote nonm sa a twouve tout bagay sa yo?”
57 Konsa, yo te pran ofans de Li.
Men Jésus te di yo: “Yon pwofèt p ap janm manke respè sof ke nan pwòp vil li, ak nan pwòp kay li.”
58 Li pa t fè anpil mirak la akoz ke yo pa t kwè.
Marc 6:1–6
6:1 Jésus te kite la. Li te vini nan pwòp vil pa Li a, e disip Li yo te swiv Li. 2 Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?”
3 Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.
4 Konsa, Jésus te di yo: “Yon pwofèt pa janm san onè sof ke nan pwòp vil pa L, pami pwòp fanmi li e nan pwòp kay Li.” 5 Li pa t kab fè anpil mirak la, malgre Li te poze men Li sou kèk moun malad, e Li te geri yo.
6 Li te etone pa enkredilite yo.
Epi Li t ap ale toupatou nan ti bouk yo pou bay enstriksyon.