Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Jonas 2

Bib Sen An (BSA)

Lapriyè Jonas

1 Konsa, Jonas te priye a SENYÈ Bondye li a depi nan vant pwason an. 2 Li te di:

“Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a,

e Li te reponn mwen.

Mwen te kriye pou sekou

depi nan pwofondè sejou mò yo.

Ou te tande vwa mwen.

3 Ou te jete mwen nan gwo pwofondè a,

nan kè lanmè yo,

e gwo kouran dlo a te vale mwen.

Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè

ou yo te pase sou mwen.

4 Konsa, mwen te di: ‘Mwen te vin chase lwen fas ou.

Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’

5 Dlo te antoure mwen

jiskaske m rive nan pwen lanmò.

Gwo pwofondè a te vale mwen;

zèb lanmè yo te vlope tèt mwen.

6 Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo.

Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan,

men Ou te leve lavi m monte soti nan fòs la,

O SENYÈ Bondye mwen an!

7 “Pandan mwen t ap vin endispoze nèt,

Mwen te sonje SENYÈ a

e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an.

8 Sila ki konsidere zidòl san valè yo

abandone tout sous mizerikòd,

9 Men mwen va fè sakrifis a Ou menm

ak vwa aksyon de gras la.

Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli.

Sali a sòti nan SENYÈ a.”

10 Epi SENYÈ a te kòmande pwason an

e li te vomi Jonas sou tè sèch la.

Jonas 2