Istwa Jonas
anviwon 787 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Pawòl SENYÈ a te vini a Jonas, fis a Amitthaï a. Li te di: 2 “Leve, ale Ninive, gran vil la, e kriye kont li, paske mechanste yo monte devan Mwen.”
3 Men Jonas te leve al kacheTarsis pou evite prezans SENYÈ a. Konsa, li te desann Joppa, e li te jwenn yon bato ki t ap prale Tarsis. Li te peye frè a, e te desann ladann pou ale avèk yo Tarsis pou l evite prezans SENYÈ a.
4 Men SENYÈ a te lanse yon gwo van sou lanmè a. Te gen yon gwo tanpèt sou lanmè a jiskaske bato a te prèt pou kraze nèt. 5 Answit, ouvriye bato yo te vin pè e yo chak te kriye a pwòp dye pa yo. Yo te vide chaj ki te nan bato a nan lanmè a pou te fè l pi lejè. Men Jonas te ale anba nan fon bato a, epi kote li te kouche a, li te tonbe dòmi. 6 Konsa, kapitèn bato a te pwoche li e te di: “Kòman fè w ap dòmi an? Leve rele dye pa ou a. Petèt dye ou a va fè pa nou pou nou pa peri.”
7 Chak mesye yo te di a konparèy yo: “Vini, annou fè tiraj osò pou nou ka konprann sou kont kilès gwo malè sa a rive nou an.” Yo te fè tiraj osò a, e sò a te tonbe sou Jonas. 8 Konsa yo te di li: “Pale nou koulye a! Sou kont a kilès malè sa a rive nou an? Ki metye ou? Epi ki kote ou sòti? Ki peyi ou? Nan ki pèp ou sòti?”
9 Li te di yo: “Mwen se yon Ebre, e mwen gen lakrent pou SENYÈ Bondye syèl la, ki te fè lanmè a ak tè sèch la.” 10 Pou sa a, mesye yo te vin pè anpil e yo te di li: “Kisa ou te fè la?” Paske mesye yo te deja konprann ke li t ap sove ale sòti kite prezans a SENYÈ a, akoz sa li te di yo. 11 Konsa, yo te di l: “Kisa pou nou ta fè ou pou lanmè a vin kalm pou nou?” Paske lanmè a t ap vin pi move plis toujou.
12 Li te di yo: “Leve mwen, jete m nan lanmè a. Konsa, lanmè va vin kalm pou nou; paske mwen konnen ke se akoz mwen menm ke gwo tanpèt sa a rive sou nou.”
13 Sepandan, mesye yo te bouje zaviwon yo fò pou yo ta ka rive atè, men yo pa t kapab, paske lanmè a te vin pi move kont yo. 14 Pou sa a, yo te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, pa kite nou peri sou kont a nonm sila a, ni pa mete san inosan sou nou; paske Ou menm, O SENYÈ, Ou fè sa ki fè Ou plezi.” 15 Konsa, yo te leve Jonas, yo te voye li nan lanmè a, e lanmè a te vin sispann anraje. 16 Epi mesye yo te vin krent SENYÈ a anpil. Yo te ofri yon sakrifis a SENYÈ a e te fè ve yo a Li menm.
17 Epi SENYÈ a te chwazi yon gwo pwason pou vale Jonas, e Jonas te nan vant pwason an pandan twa jou ak twa nwit.
2:1 Konsa, Jonas te priye a SENYÈ Bondye li a depi nan vant pwason an. 2 Li te di:
“Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a,
e Li te reponn mwen.
Mwen te kriye pou sekou
depi nan pwofondè sejou mò yo.
Ou te tande vwa mwen.
3 Ou te jete mwen nan gwo pwofondè a,
nan kè lanmè yo,
e gwo kouran dlo a te vale mwen.
Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè
ou yo te pase sou mwen.
4 Konsa, mwen te di: ‘Mwen te vin chase lwen fas ou.
Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’
5 Dlo te antoure mwen
jiskaske m rive nan pwen lanmò.
Gwo pwofondè a te vale mwen;
zèb lanmè yo te vlope tèt mwen.
6 Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo.
Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan,
men Ou te leve lavi m monte soti nan fòs la,
O SENYÈ Bondye mwen an!
7 “Pandan mwen t ap vin endispoze nèt,
Mwen te sonje SENYÈ a
e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an.
8 Sila ki konsidere zidòl san valè yo
abandone tout sous mizerikòd,
9 Men mwen va fè sakrifis a Ou menm
ak vwa aksyon de gras la.
Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli.
Sali a sòti nan SENYÈ a.”
10 Epi SENYÈ a te kòmande pwason an
e li te vomi Jonas sou tè sèch la.
3:1 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jonas pou yon dezyèm fwa. Li te di: 2 “Leve ale Ninive, gwo vil la e pwoklame a li menm tout pwoklamasyon ke Mwen va pale ou yo.”
3 Konsa, Jonas te ale Ninive selon pawòl SENYÈ a. Alò, Ninive te tèlman yon gwo vil, li te pran twa jou ap mache pou travèse l. 4 Jonas te kòmanse travèse vil la pandan yon jou. Li te kriye fò e te di: “Nan karant jou, Ninive va detwi nèt.”
5 Answit, pèp Ninive lan te kwè Bondye. Yo te deklare yon jèn e yo te mete twal sak soti nan pi gran pou rive nan pi piti pami yo. 6 Lè pawòl la te rive kote wa Ninive lan, li te leve soti sou twòn li, e te mete manto wayal li sou kote. Li te kouvri tèt li ak twal sak e li te chita nan mitan sann. 7 Li te pibliye yon pwoklamasyon. Li te di: “Nan Ninive, pa dekrè wa a, ak prens li yo: Pa kite ni lòm, ni bèt, ni bann mouton, ni twoupo goute anyen. Pa kite yo ni manje ni bwè dlo. 8 Men ni lòm ni bèt dwe vin kouvri ak twal sak. Konsa, kite yo rele Bondye avèk tout kè yo, pou tout moun kapab vire kite chemen mechan yo a, e vire kite vyolans ki nan men yo. 9 Kilès ki konnen, petèt Bondye va repanti, e ralanti sou gwo kòlè Li a pou nou pa peri.”
10 Lè Bondye te wè zèv yo, ke yo te vire kite chemen mechan yo a, alò Bondye te repanti de gwo malè ke Li te deklare pou fè rive sou yo a. Epi Li pa t fè sa ankò.
4:1 Men sa te fè Jonas pa kontan anpil e li te vin fache. 2 Li te priye a SENYÈ a. Li te di: “Souple, SENYÈ, èske se pa sa ke m te di lè m te nan pwòp peyi mwen an? Alò, se pou m te evite sa ki fè m te sove ale rive Tarsis. Paske mwen te konnen ke Ou se yon Bondye ki plen gras ak mizerikòd, ki lan nan kòlè, ki ranpli ak lanmou dous, e Ou se Sila ki ralanti selon malè a. 3 Alò, pou sa, koulye a, O SENYÈ, souple, pran lavi mwen. Paske lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”
4 SENYÈ a te di: “Èske ou gen bon rezon pou ou fache a?”
5 Epi Jonas te sòti nan vil la e te chita sou kote lès la. La, li te fè yon tonèl pou li menm, e li te chita anba l nan lonbraj jis pou l ta wè sa ki ta rive nan vil la. 6 Konsa, SENYÈ Bondye a te chwazi yon plant lyann. Lyann nan te monte grandi sou Jonas pou l ta sèvi kon abri sou tèt li, pou delivre l de mekontantman li an. Epi lyann nan te fè Jonas byen kontan. 7 Men Bondye te chwazi yon cheni nan granmmaten nan pwochen jou a. Li te atake lyann nan e li te vin fennen. 8 Lè solèy la te leve, Bondye te chwazi yon van lès byen cho, solèy la te bat tèt Jonas jiskaske li te vin fèb. Konsa, li t ap mande ak tout nanm li, e te di: “Lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”
9 Epi Bondye te di a Jonas: “Èske ou gen bon rezon pou fache akoz lyann nan?”
Jonas te reponn: “Mwen gen bon rezon pou m fache, menm jiska lanmò.”
10 Konsa, SENYÈ a te di: “Ou te gen konpasyon pou plant sila ke ou pa t fè okenn travay pou li a, ke ou menm pa t fè grandi, ki te vin parèt nan yon nwit e te vin peri nan yon nwit. 11 Èske Mwen pa ta dwe gen konpasyon pou Ninive, gwo vil la, nan sila ki genyen plis ke san-ven-mil moun ki pa konn diferans antre men dwat ak men goch yo ak yon gwo kantite bèt, tou?”