Lanmò Jéroboam II
784 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
28 Alò, tout lòt zèv Jéroboam yo avèk tout sa ke li te fè ak pouvwa li, jan li te goumen ak jan li te reprann pou Israël Damas avèk Hamath nan Juda, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?
10 Konsa, Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la. Li te di: “Amos te fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la. Peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo. 11 Paske konsa Amos di: ‘Jéroboam va mouri pa nepe a, e Israël va anverite kite peyi li pou ale an egzil.’”
12 Amatsia te di a Amos: “Ale, ou menm ki divinò, sove ale nan peyi Juda. Manje pen e pwofetize la! 13 Men pa pwofetize nan Béthel, paske se sanktyè ak rezidans a wa a!”
14 Konsa, Amos te reponn a Amatsia: “Mwen pa t yon pwofèt, ni mwen pa t fis a yon pwofèt; men mwen te yon gadyen bèt ak yon kiltivatè pye fig frans. 15 Men SENYÈ a te retire mwen soti dèyè bann mouton an, e SENYÈ a te di mwen: ‘Ale pwofetize a pèp Mwen an, Israël.’ 16 Konsa, tande pawòl SENYÈ a: “W ap di: ‘Ou pa pou pwofetize kont Israël, ni ou pa pou pale kont lakay Isaac.’ 17 Akoz sa, SENYÈ a di: ‘Madanm ou va devni yon pwostitiye nan vil la, fis ou yo ak fi ou yo va tonbe pa nepe, peyi ou a va divize ak yon lign apantaj, e ou menm, ou va mouri nan yon peyi ki pa pwòp. Anplis, Israël va anverite kite peyi li a pou li ale an egzil.’”
8:1 Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, te gen yon panyen fwi gran sezon.
2 Li te di: “Kisa ou wè, Amos?”
Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.”
Konsa, SENYÈ a te di mwen:
“Lafen gen tan rive pou pèp Mwen an, Israël.
Mwen p ap pwoteje yo ankò.
3 Kantik a tanp lan va tounen chan lamantasyon
nan jou sa a,” deklare Senyè BONDYE a.
“Kadav yo va anpil.
Nan chak andwa, yo va jete yo deyò an silans.
4 Tande sa, nou menm k ap vale malere yo nèt,
pou mete fen a tout pòv yo,
5 k ap di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini
pou nou ka vann sereyal la?
Ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a?
N ap fè efa a pi piti, e sik la pi gwo.
Anplis, n ap twonpe ak balans malonèt,
6 pou achte sila ki san sekou a pou lajan,
ak malere a pou de grenn sapat.
Menm balizaj ble a n ap vann!’”
7 SENYÈ a te sèmante pa glwa Jacob la:
“Anverite, Mwen p ap janm bliye okenn nan zak yo.
8 Akoz sa, èske peyi a p ap pran tranble,
e tout moun ki rete ladann p ap fè lamantasyon?
Anverite, tout peyi a va leve tankou Rivyè Nil lan.
Li va vin ajite toupatou e bese tankou Rivyè Égypte la.
9 Li va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè BONDYE a,
ke Mwen va fè solèy la desann a midi,
e mwen va fè tè a nan fènwa nan plen jounen.
10 Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy;
tout chan lajwa nou yo va tounen lamantasyon.
Mwen va fè nou pote twal sak sou senti a tout moun,
ak tèt chòv sou tout tèt.
Mwen va fè li tankou yon moman dèy
pou yon sèl fis inik,
e lafen li tankou yon jou anmè.
11 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare Senyè BONDYE a,
“lè Mwen va voye gwo grangou sou peyi a,
pa yon grangou pou pen oswa pou dlo,
men pou koute pawòl SENYÈ a.
12 Pèp la va kilbite tou egare
sòti nan yon lanmè pou rive nan lòt lanmè,
e sòti nan nò pou rive menm nan lès;
yo va gaye toupatou pou chache pawòl SENYÈ a,
men yo p ap jwenn li.
13 Nan jou sa a, bèl tifi vyèj yo
ak jennonm yo va vin endispoze akoz swaf la.
14 Menm jan pou sila ki sèmante pa peche Samarie a,
ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O Dan!’
e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’;
yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”
9:1 Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an mòso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va touye rès yo ak nepe. Yo p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape. 2 Menmsi yo ta fouye antre nan sejou mò yo; la, men, Mwen va pran yo soti la. Menmsi yo monte rive nan syèl la, Mwen va rale yo soti la pou fè yo desann. 3 Menmsi yo kache sou tèt mòn Carmel la, Mwen va chèche fè yo soti la; epi menmsi yo ta kache kò yo anba nan pwofondè lanmè a, mwen va kòmande sèpan an, e li va mòde yo. 4 Menmsi yo antre an kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen. 5 Senyè BONDYE dèzame yo, se Sila ki touche tè a pou li fann, e tout sila ki rete ladann yo, va fè dèy. Kriye sa a va monte tankou Rivyè Nil lan, e vin bese ankò tankou Nil Égypte la. 6 Sila ki bati chanm wo Li yo nan syèl yo, e ki te etabli vout plafon syèl la anwo tè a, sila ki rele dlo lanmè yo pou vide yo sou sifas tè a—se SENYÈ a ki non Li. 7 Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir? 8 Gade byen, zye a Senyè BONDYE a sou wayòm nan ki plen peche a; Mwen va detwi l soti sou sifas tè a. Sepandan Lakay Jacob la p ap detwi nèt,” deklare SENYÈ a. 9 “Paske gade byen, Mwen ap kòmande, e Mwen va souke lakay Israël pami nasyon yo, tankou yon grenn k ap souke nan yon paswa, men menm yon grenn p ap tonbe atè. 10 Tout pechè pami pèp Mwen an va mouri pa nepe, sila yo k ap di: ‘Malè pa rive sou nou ni parèt devan nou.’ 11 Nan jou sa a, Mwen va fè leve Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo; 12 pou yo kapab vin posede retay Édom an ak tout nasyon ki rele pa non Mwen yo,” deklare SENYÈ ki fè sa a.
13 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare
SENYÈ a,
“lè sila k ap raboure a va depase sila
k ap rekòlte a,
e sila k ap foule rezen an va depase
sila k ap simen grenn nan;
lè mòn yo va degoute diven dous e
tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.
14 Anplis, Mwen va restore pèp Mwen an,
Israël, ki an kaptivite a,
e yo va rebati vil ki kraze nèt yo
pou yo viv ladan yo.
Anplis, yo va plante chan rezen yo
pou bwè diven yo;
epi fè jaden pou manje fwi yo.
15 Mwen va osi plante yo sou pwòp tèren pa yo,
e yo p ap dechouke yo ankò soti nan peyi
ke Mwen te bay yo a,” pale SENYÈ a,
Bondye Ou a.
29 Epi Jéroboam te dòmi avèk zansèt pa li yo, menm ak wa a Israël yo. Epi Zacharie, fis li a, te devni wa nan plas li.