Israël san wa apre lanmò Jéroboam II

776 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Osée 4

1 Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo,

paske SENYÈ a gen yon pwosè kont pèp peyi a:

Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.

2 Gen joure ak madichon, vyole konfyans,

asasine moun, vòlè, fè adiltè.

Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san,

e vèse san fè san vèse plis.

3 Akoz sa, peyi a va fè dèy.

Tout moun ki rete ladann ap megri

menm ak tout sa ki viv.

Menm bèt chan yo ak zwazo syèl yo,

epi pwason lanmè yo va mouri.

4 Malgre sa, pa kite okenn moun pote akizasyon,

ni okenn moun vin repwoche;

paske pèp nou an se tankou sila

ki fè kont ak prèt yo.

5 Konsa, nou va glise tonbe nan lajounen

e menm pwofèt la va glise tonbe

avèk nou nan lannwit.

Epi Mwen va detwi manman ou.

6 Pèp Mwen an detwi akoz mank konesans.

Akoz ou te rejte konesans,

Mwen menm tou, Mwen va rejte ou.

Ou p ap ka fè prèt pou Mwen,

akoz ou te bliye lalwa Bondye.

Konsa, Mwen menm tou,

Mwen ap bliye pitit nou yo.

7 Plis ke yo te miltipliye,

plis ke yo te peche kont mwen.

Mwen va fè glwa yo vin chanje an wont.

8 Yo manje sou peche a pèp Mwen an,

e yo dirije volonte yo vè inikite yo.

9 Se konsa sa va ye: jan pèp la ye a,

se konsa prèt la ye.

Akoz sa, Mwen va pini yo pou chemen yo,

e Mwen va rekonpanse yo pou zak yo.

10 Yo va manje, men yo p ap gen ase.

Yo va fè pwostitisyon, men yo p ap ogmante,

akoz yo sispann koute SENYÈ a.

11 Lavi pwostitisyon, diven,

ak diven nèf retire bon konprann.

12 Pèp mwen an mande konsèy

a zidòl ki fèt ak bwa yo.

Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo;

yo te enfidèl a Bondye yo a.

13 Yo ofri sakrifis sou tèt mòn yo,

e yo brile lansan sou kolin yo.

Anba pye bwadchèn yo,

pye sikrèn ak pye mapou yo;

akoz lonbraj yo dous.

Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon

e madanm nou yo fè adiltè.

14 Mwen p ap pini fi nou yo lè yo fè pwostitisyon,

ni madanm nou yo lè yo fè adiltè.

Paske, mesye yo, yo menm,

ale sou kote ak pwostitiye yo,

e fè sakrifis yo ak pwostitiye tanp yo.

Konsa, pèp san konprann nan vin detwi nèt.

15 Malgre sa, ou menm, Israël, ou fè pwostitisyon an,

men ou pa kite Juda vin koupab;

pa monte vè Guilgal,

ni monte nan Beth-Aven,

ni sèmante: “Jan Bondye vivan an!”

16 Paske Israël fè tèt li di,

tankou yon gazèl ak tèt rèd.

Èske SENYÈ a, koulye a, kapab nouri yo

tankou jenn mouton nan yon bèl chan?

17 Éphraïm vin jwenn ak zidòl yo.

Kite li pou kont li.

18 Bwason yo vin gen gou si.

Yo jwe pwostitiye tout tan.

Chèf yo vrèman renmen wont yo.

19 Van an te vlope li nan zèl li yo;

yo va wont akoz sakrifis yo fè.

Rèy Zacharie 773 anvan Christ

II Wa Yo 15:8–12

8 Nan tran-tuityèm ane Azaria, wa Juda a, Zacharie, fis a Jéroboam nan te devni wa an Israël nan Samarie pandan si mwa. 9 Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou zansèt li yo te fè. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo. 10 Epi Schallum, fis a Jabesch la, te fè konplo kont li e te frape li devan pèp la pou te touye li e renye nan plas li. 11 Alò, tout lòt zèv a Zacharie yo, gade byen, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël Yo? 12 Sa se pawòl SENYÈ a te pale a Jéhu e te di: “Fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.” Epi se konsa sa te ye.

Rèy Schallum 772 anvan Christ

II Wa Yo 15:13–15

13 Schallum, fis a Jabesch la te devni wa nan trant-nevyèm ane a Ozias, wa Juda a e li te renye yon mwa Samarie. 14 Epi Menahem, fis a Gadi a te monte soti Thirtsa pou te vini Samarie, li te frape Schallum, fis a Jabesch la Samarie e li te touye li pou te devni wa nan plas li. 15 Alò, tout lòt zèv a Schallum yo avèk konplo li te fè yo, men vwala, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?

Rèy Menahem

II Wa Yo 15:16–22

16 Epi Menahem te frape Thiphsach avèk tout moun ladann avèk lizyè li yo soti Thirtsa, akoz yo pa t ouvri pou li; pou sa, li te frape li e chire tout fanm li yo ki te ansent.

17 Nan trant-nèf ane a Azaria yo, wa Juda a, Menahem, fis a Gadi a, te renye sou Israël pandan dizan Samarie. 18 Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite pandan tout jou li yo peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo. 19 Pul, wa Assyrie a, te vini kont peyi a e Menahem te bay Pul mil talan ajan pou men li ta kapab avèk li pou ranfòse wayòm nan anba règn pa l la. 20 Alò, Menahem te egzije lajan an nan men Israël, menm a tout mesye enpòtan avèk mwayen, soti nan chak moun senkant sik ajan pou peye wa Assyrie a. Konsa, wa Assyrie a te retounen e pa t rete la nan peyi a. 21 Alò, tout rès zak a Menahem yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo? 22 Epi Menahem te dòmi avèk zansèt li yo e Pekachia, fis li a, te devni wa nan plas li.

Rèy Pekachia 768 anvan Christ

II Wa Yo 15:23–26

23 Nan senkyèm ane a Azaria a, wa Juda a, Pekachia, fis a Menahem nan, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan dezan. 24 Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo. 25 Alò, Pékach, fis a Remalia a, ofisye pa li a, te fè konplo kont li e te frape li Samarie nan fò kay wa a avèk Argob ak Arié; ansanm ak li, te gen senkant mesye Galaadit yo e li te touye li pou te devni wa nan plas li. 26 Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, men gade, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.