Pati 11: Rèy Jotham
Wayòm Juda a
758 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
32 Nan dezyèm ane a Pékach la, fis a Remalia a, wa Israël la, Jotham, fis a Ozias la, wa Juda a, te devni wa.
1 Jotham te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye sèzan Jérusalem. Non manman li te Jeruscha, fis a Tsadok la. 2 Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa Ozias te konn fè. Men li pa t antre nan tanp SENYÈ a. E pèp la te kontinye aji konwonpi.
35 Se sèlman wo plas yo ki pa t retire; pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo. Li te bati pòtay pa anwo lakay SENYÈ a.
1 Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.
2 Tande, O pèp yo, nou tout!
Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann.
Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou;
SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.
3 Paske gade byen, SENYÈ a ap vin sòti nan plas Li a.
Li va vin desann pou foule wo plas latè yo.
4 Mòn yo fann anba Li;
Vale yo fann tankou lasi devan dife,
tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.
5 Tout sa se pou rebelyon a Jacob la
ak pou peche Israël la.
Se kisa ki rebelyon a Jacob la?
Èske se pa Samarie?
Se kisa ki wo plas a Juda yo?
Èske se pa Jérusalem?
6 Alò, Mwen va fè Samarie vin yon pil mazi nan yon chan louvri,
tankou yon kote pou plante yon chan rezen.
Mwen va vide wòch batisman li yo nan vale a,
e Mwen va dekouvri mete toutouni tout fondasyon li yo.
7 Tout zidòl li yo va vin kraze nèt,
tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a,
e tout zidòl li yo Mwen va detwi;
paske se pou salè a yon pwostitiye ke li te ranmase yo,
e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt.
8 Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò.
Mwen oblije ale pye atè ak toutouni.
Mwen oblije fè lamantasyon tankou chen mawon,
plenyen tankou otrich!
9 Paske blesi li a p ap ka geri;
paske li fin rive nan Juda.
Li rive nan pòtay a pèp mwen an,
menm Jérusalem.
10 Pa pale sa nan Gath.
Pa kriye menm.
Nan Beth-Leaphra mwen te woule
kò mwen nan pousyè.
11 Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir;
nan lawont ak toutouni ou.
Moun Tsaanan p ap chape.
Plenyen Beth-Haëtsel la:
Li va retire sou ou tout soutyen li.
12 Paske moun Maroth vin fèb nan tann sa ki bon,
akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a,
rive nan pòtay Jérusalem nan.
13 Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun Lakis!
Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an—
akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.
14 Alò, ou va bay kado dadye a Moreschet-Gath.
Lakay Aczib yo va vin yon desepsyon pou wa Israël yo.
15 Anplis, Mwen va mennen bay nou sila
k ap pran posesyon nou an,
O nou menm k ap viv nan Maréscha yo!
Glwa Israël la va antre menm nan Adullam.
16 Vin chòv nèt;
koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an.
Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg,
paske yo te ale an egzil kite ou!
2:1 Malè a sila k ap fè plan inikite yo,
k ap manevre mechanste sou kabann yo!
Lè maten rive, yo pratike li,
paske sa nan pouvwa a men yo.
2 Yo lanvi chan a lòt, epi konsa yo sezi yo,
kay yo, e konsa yo pran yo.
Yo oprime yon nonm ak kay li,
Yon nonm ak tout eritaj li.
3 Pou sa, pale SENYÈ a:
“Gade byen, Mwen ap fè yon plan kont pèp sa a,
yon malè k ap fè nou p ap ka retire kou nou;
ni nou p ap ka mache ak awogans,
paske sa se yon move tan.
4 Nan jou sa a, yo va fè leve kont nou yon pawòl;
mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris.
Yo va di: ‘Nou fin detwi nèt!
Li divize eritaj a pèp mwen an.
A la retire, Li retire l nan men mwen!
Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’”
5 Akoz sa, nou p ap gen pèsòn ki va tann lign mezi
pou fè tiraj osò nan asanble SENYÈ a.
6 “Pa pwofetize”!—yo pwofetize—
“Pa pwofetize de bagay de sila yo.
Repwòch sa yo p ap janm rive nou.”
7 Èske sa dwe pale, O Lakay Jacob?
“Èske Lespri SENYÈ a pa an kolè?
Èske bagay sa yo se zèv pa Li?
Èske pawòl Mwen yo pa fè byen
pou sila k ap mache dwat la?”
8 Men koulye a, pèp Mwen an leve tankou yon ènmi.
Nou chire retire manto ak abiman
de sila k ap pase pa aza yo;
moun k ap retounen, soti nan lagè.
9 Fanm a pèp Mwen yo, nou chase yo deyò
pou soti kite bèl ti kay yo.
Nan men jèn pitit yo, nou rache retire
tout benediksyon Mwen, jis pou tout tan.
10 Leve ale!
Se pa isit ou ap jwenn repo;
li plen ak sa ki pa pwòp, sa kab detwi,
menm avèk yon destriksyon byen grav.
11 Si yon nonm ap mache nan yon
lespri manti pou l di:
“Mwen va pale avèk nou konsènan
diven ak bwason fò,”
li ta kapab menm vin pwofèt a pèp sa a.
12 Anverite, Mwen va rasanble nou tout, O Jacob!
Anverite, Mwen va ranmase retay Israël yo.
Mwen va mete yo ansanm tankou mouton nan pak;
tankou yon bann mouton nan mitan patiraj yo.
Y ap plenn ak moun.
13 Sila k ap ouvri kraze chemen an va ale devan yo.
Yo kraze pòtay la pou soti.
Se wa yo ki pase devan yo,
ak SENYÈ a a latèt yo.
3 Li te bati pòtay pi wo lakay SENYÈ a, e li te bati anpil menm sou miray Ophel la. 4 Anplis, li te bati vil nan peyi kolin a Juda yo, e li te bati fò avèk fòterès sou ti kolin ki te bwaze yo. 5 Li te goumen osi avèk wa Amonit yo, e li te genyen yo jiskaske Amonit yo te ba li nan menm ane sa a, san talan an ajan, di-mil barik ble ak di-mil barik lòj. Amonit yo te peye li menm fòs sa a nan dezyèm ak twazyèm ane a. 6 Konsa, Jotham te vin trè pwisan akoz li te fè afè li an lòd devan SENYÈ a, Bondye li a. 7 Alò, tout lòt zèv a Jotham yo, menm tout gè li yo avèk zèv li yo, gade byen, yo ekri nan Liv A Wa Israël Avèk Juda Yo. 8 Li te gen venn-senkan lè l te vin wa e li te renye sèzan Jérusalem. 9 Konsa, Jotham te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li lavil David. Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.
37 Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse voye Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a kont Juda.
33 Li te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa a e li te renye sèzan nan Jérusalem. Non manman li se te Jeruscha, fi a Tsadok la. 34 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a; li te fè selon tout sa ke papa li, Ozias te fè.
36 Alò, tout lòt zèv a Jotham yo avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
38 Epi Jotham te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David, papa zansèt li a; epi Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.
Wayòm Israël la
Rèy Pékach
27 Nan senkann-dezyèm ane a Azaria, wa Juda a, Pékach, fis a Remalia a, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan ventan. 28 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a; li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo. 29 Nan jou a Pékach yo, wa Israël la, Tiglath-Piléser, wa Assyrie a, te parèt e te kaptire Ijjon avèk Abel-Beth-Maaca e Janoach avèk Kédesch, Hatsor, Galaad avèk Galilée ak tout peyi Nephtali a; epi li te pote yo kaptif nan Assyrie.