Pati 12: Rèy Achaz

Wayòm Juda a

Karaktè Achaz

742 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Wa Yo 16:1–4

1 Nan di-setyèm ane a Pékach, fis a Remalia a, Achaz, fis Jotham nan, wa Juda a, te devni wa. 2 Achaz te gen ventan lè li te devni wa, a e li te renye sèzan nan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a, jan David te konn fè a. 3 Men li te mache nan chemen wa Israël yo. Li menm te fè fis li pase nan dife, tankou abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo. 4 Li te fè sakrifis e li te brile lansan sou wo plas yo ak sou ti mòn anba chak pyebwa vèt yo.

Retsin ak Pékach anvayi Juda

II Wa Yo 16:5

5 Alò, Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte Jérusalem pou fè lagè. Yo te fè syèj sou Achaz, men yo pa t kab venk li.

Ésaïe 7–8

1 Alò, li te vin rive nan jou Achaz yo, fis a Jotham la, fis a Ozias la, wa Juda a, ke Retsin, wa Syrie a ak Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte vè Jérusalem pou fè lagè kont li, men yo pa t ka genyen l. 2 Lè rapò a te rive kote lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.

3 Konsa, SENYÈ a te di a Ésaïe: “Sòti la koulye a pou rankontre Achaz, ou menm ak fis ou, Schear-Jaschub, nan pwent kanal la premye ma dlo sou gran chemen ki mennen kote chan Foulon an. 4 Epi di li: ‘Fè atansyon e rete kalm. Pa pè e pa dekouraje akoz grenn chouk sann cho sa yo k ap fè lafimen akoz de gwo kòlè Retsin ak Syrie, ak fis Remalia a. 5 Paske Syrie, Éphraïm ak fis a Remalia yo, te fè plan mechanste kont ou e te di: 6 Annou monte kont Juda, teworize l, fè pou nou yon brèch nan miray li yo, e fè fis Tabeel la vin wa nan mitan li.” 7 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa p ap kanpe, ni sa p ap pase.” 8 Paske tèt Syrie a se Damas, tèt Damas se Retsin (e nan yon lòt swasann-senk ane, Éphraïm va kraze nèt jiskaske li pa menm yon pèp ankò), 9 Epi tèt a Éphraïm se Samarie, tèt a Samarie se fis a Remalia a. Si ou pa kwè, anverite, ou p ap etabli.’”

10 SENYÈ a te pale ankò ak Achaz. Li te di: 11 “Mande yon sign pou ou menm soti nan SENYÈ a, Bondye ou a; fè l nan fon a, tankou Sejou mò yo, oswa nan wotè tankou rive nan syèl la.”

12 Men Achaz te di: “Mwen p ap mande, ni mwen p ap pase SENYÈ a a leprèv!”

13 Epi li te di: “Koute koulye a, O lakay David! Èske se yon bagay ki twò piti pou nou menm pou tante pasyans a lezòm, ke nou va tante pasyans a Bondye mwen an tou? 14 Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li Emmanuel. 15 Li va manje bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon. 16 Paske avan jenn gason a va gen ase konesans pou refize mal e chwazi sa ki bon, peyi a de wa ke nou krent yo va abandone nèt. 17 SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.

18 Nan jou sa a, SENYÈ a va soufle mouch ki nan kote pi lwen nan rivyè Égypte yo ak foul myèl ki rete Assyrie yo. 19 Yo tout va vini fè anplasman sou ravin apik yo, sou ti pla falèz yo, kloti bwa pikan yo ak sou tout sous patiraj bèt yo.

20 Nan jou sa a, SENYÈ a va raze ak yon razwa, ki lwe soti nan rejyon lòtbò rivyè Euphrate la. Se wa Assyrie la menm. L ap manje tout jis nan tèt ak plim sou pye, pou l rive fin manje jis nan bab la.

21 Alò, nan jou sa a, yon nonm ka fè viv yon sèl grenn gazèl bèf ak yon pè mouton. 22 Men akoz gwo kantite lèt ki pwodwi, li va bwè bòl lèt kaye a, paske tout moun ki rete nan peyi a va bwè bòl lèt ak siwo myèl la.

23 Konsa, li va rive nan jou sa a, ke tout kote ki te konn genyen mil pye rezen, ki te gen valè a mil sik ajan, va vin tounen raje ak pikan. 24 Moun va vini la ak banza ak flèch yo akoz tout tè a va vin fè raje ak pikan. 25 Tout kolin ki te konn kiltive ak wou yo, nou p ap prale la akoz nou pè raje ak pikan. Li va devni yon kote pou pye bèf ak mouton pou yo foule l nèt.”

8:1 SENYÈ a te di mwen, pran pou ou yon gwo tablo, e ekri sou li an lèt òdinè: “ rele non l ‘Maher-Schalal-Chasch-Baz’” (Vit se piyaj la e rapid se viktim nan), 2 Epi Mwen va pran pou Mwen temwen fidèl pou fè temwayaj, Urie, prèt la ak Zacharie, fis a Bérékia a.

3 Pou sa, mwen te pwoche pwofetès la. Li te vin ansent e li te bay nesans a yon fis. Epi SENYÈ a te di mwen: “Bay li non Maher-Schalal-Chasch-Baz. 4 Paske avan tigason an konnen jan pou li kriye: ‘Papa mwen oswa manman mwen’, tout richès Damas ak piyaj Samarie yo va fin pote ale devan wa Assyrie a.”

5 Ankò SENYÈ a te pale ak mwen. Li te di: 6 “Konsi moun sa yo fin rejte dlo Siloé k ap koule dous la pou rejwi nan Retsin ak fis Remalia a; 7 alò, pou sa, men gade, SENYÈ a prè pou mennen sou yo dlo fò an gran kantite ki sòti nan rivyè Euphrate la, wa Assyrie ak tout glwa li. Dlo sa a va monte wo pou kite kanal li yo e vide sou tout rebò li yo. 8 Li va pase kouri nèt rive Juda. Li va debòde e pase sou li nèt jiskaske li rive menm nan kou li. Konsa, zèl ouvri li yo va ranpli lajè peyi ou a, O Emmanuel!

9 “Se pou fè bwi, o pèp yo, e vin kraze nèt! Bay zòrèy nou, tout peyi lwen yo. Mare senti nou, malgre n ap fin brize nèt! Abiye pou batay la, malgre n ap brize nèt. 10  Fè yon plan, e sa ap bloke. Pale yon pawòl, e sa p ap dire. Paske Bondye avèk nou.”

11 Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen ak gwo pouvwa e te pase m lòd pou m pa mache nan chemen a pèp sa a, epi te di: 12 “Ou pa dwe di: ‘Konplo’ de tout sa ke pèp sa a rele ‘konplo’ a. Ou pa pou pè sa ke yo menm pè a, ni etone pa li. 13 Se SENYÈ dèzame yo ke ou dwe gade kon sen. Se Li k ap vin lakrent ou. Se li k ap fè w etone. 14 Li va devni yon sanktyè; men pou toulède kay Israël yo, L ap yon wòch pou fè nou bite, yon zatrap ak yon pèlen pou sila ki rete Jérusalem yo. 15 Se anpil moun k ap bite sou yo, yo va tonbe e yo va kraze nèt. Yo menm va pran nan pyèj e va tonbe pou yo kenbe nèt.”

16 Mare akò a. Sele lalwa pami disip mwen yo. 17 Mwen va tann SENYÈ a ki kache figi Li kont kay Jacob la. Mwen va chache Li ak enpasyans. 18 Gade byen, mwen menm ak pitit ke SENYÈ a te ban mwen yo se pou sign ak mèvèy an Israël ki sòti depi nan SENYÈ Dèzame yo, ki demere sou Mòn Sion.

19 Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo? 20 Vire kote lalwa ak akò a! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini. 21 Yo va pase nan peyi a, plen gwo pwoblèm ak grangou nèt. Li va vin rive ke lè yo grangou, y ap vin anraje e modi wa yo ak Bondye pandan y ap gade anlè. 22 Epi konsa, y ap gade vè latè, gade byen, gwo twoub ak fènwa, dezolasyon ak gwo lapèn. Konsa, yo va chase ale nan tenèb.