Retsin ak Pékach anvayi Juda (continued)

742 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ésaïe 9:1–10:4

1 Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plen glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo.

2  Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè;

sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a,

limyè va fonse briye sou yo;

3  Ou te fè pèp la grandi anpil;

Ou ogmante kè kontan yo.

Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la. 4 Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an. 5 Paske tout pwotèj gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a. 6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 7  P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.

8 SENYÈ a voye yon mesaj rive nan Jacob

e li tonbe sou Israël.

9 Tout pèp la va konnen sa;

Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo,

k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo:

10  “Brik yo fin tonbe,

men nou va rebati ak wòch taye;

bwa sikomò yo fin koupe,

men nou va ranplase yo ak bwa sèd.”

11 Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo

advèsè ki sòti Retsin yo

e chofe ènmi yo,

12 Siryen lès yo ak Filisten lwès yo;

epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri.

Malgre sa, kòlè Li p ap detounen

e men L va toujou lonje.

13 Sepandan, pèp la p ap vire retounen

kote Sila ki te frape yo a,

ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo.

14 Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni tèt ni ke sou Israël,

ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou.

15 Tèt la se ansyen ki byen respekte a

e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.

16 Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo.

Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.

17 Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo,

ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo;

paske yo tout se malfektè ki san Bondye

e bouch yo tout ap pale nan foli.

Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen,

e men L toujou lonje.

18  Paske mechanste brile tankou dife;

li manje ni pikan ni raje.

Menm gwo rak bwa forè, li fè pran flanm

e yo woule monte kon yon gwo kolòn lafimen.

19 Se gwo kòlè a SENYÈ dèzame yo ki brile peyi a,

e se pèp la ki se lwil pou dife a.

Nanpwen moun ki eseye sove frè l.

20 Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou;

yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè.

Yo chak manje chè pwòp bra yo.

21 Manassé devore Éphraïm, Éphraïm devore Manassé

e ansanm, yo kont Juda.

Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen

e men Li toujou lonje.

10:1 Malè a sila ki fè règleman lajistis ki pa dwat yo ak sila k ap anrejistre desizyon ki pa jis yo, 2 pou rache lajistis nan men a endijan yo, vòlè dwa a moun malere yo, pou vèv ka sèvi kon piyaj pou yo, e pou yo ka piyaje òfelen yo. 3 Alò, se kisa nou va fè nan jou chatiman an ak nan jou destriksyon ki va sòti byen lwen an? A kilès nou va kouri rive pou jwenn sekou? Epi se ki kote nou va lèse richès ak byen nou?

4 Anyen pa p rete men y ap akwoupi pami kaptif yo oswa tonbe pami sila ki touye yo. Malgre sa, kòlè Li pa detounen e men L toujou lonje.

Ésaïe anonse davans dezas pou Damas ak dis tribi yo

Ésaïe 17

1 Pwofesi sou Damas.

“Gade byen, Damas prèt pou retire nèt kon vil. Li va tonbe nèt an yon gwo pil mazi. 2 Vil Aroër yo ap abandone nèt. Y ap sèvi kon plas pou twoupo yo kouche. P ap gen pèsòn pou fè yo pè. 3 Vil fòtifye a va disparèt nan Éphraïm e wa Damas la ak retay Syrie. Yo va tankou laglwa a fis Israël yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.

4 Alò, nan jou sa a, glwa Jacob la va febli nèt, e grès chè li va vin megri. 5 Li va tankou lè mwasonè sereyal la ap ranmase; lè bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan vale Rephaïm yo. 6 Sepandan, kèk nan mwason an va rete tankou lè yo rekòlte bwa doliv. Y ap jwenn de oswa twa grenn sou branch piwo a, kat oswa senk nan bwa ki donnen pi byen yo, deklare SENYÈ a, Bondye Israël la. 7 Nan jou sa a, lòm va gen respè pou Kreyatè li a e zye li va gade vè Sila Ki Sen An Israël la. 8 Yo p ap gade vè lotèl yo, zèv a men li yo, ni yo p ap okipe sa ke dwèt yo te fè; ni Asherim yo ni lanp lansan yo. 9 Nan jou sa a, vil ranfòse yo va tankou kote abandone nan forè a; tankou branch ke yo te abandone devan fis Israël yo. Konsa, tè a va dezole. 10 Paske nou te bliye Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo. 11 Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.

12 Sepandan, gwo zen a anpil nasyon ki gwonde tankou anpil dlo yo, e ki fè bri a anpil nasyon k ap kouri desann tankou gwo dlo pwisan! 13 Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt. 14 Nan aswè, gade, gwo laperèz! Avan maten, yo disparèt nèt. Se konsa pòsyon a sila k ap ranmase byen nou yo e tiraj osò a sila ki piyaje nou yo.