Pékach devaste Juda

741 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Kwonik Yo 28:4–19

4 Li te fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo, sou ti mòn yo e anba chak bwa vèt.

5 Pou sa, SENYÈ a, Bondye li a, te livre li nan men a wa Syrie. Konsa, yo te bat li e te pote ale de li yon gran kantite kaptif pou te fè yo rive Damas. Li te anplis livre nan men a wa Israël la ki te aflije li avèk anpil moun mouri. 6 Paske Pékach, fis Remalia a, te touye nan Juda, pandan yon sèl jou, san-ven-mil òm, tout mesye ki plen kouraj yo, akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo. 7 Epi Zicri yon nonm pwisan nan Éphraïm, te touye Maaséja, fis a wa a avèk Azrikam, chèf a kay wayal la, e Elkana, dezyèm apre wa a. 8 Fis Israël yo te pote ale an kaptivite pami frè yo de-san-mil fanm Judah, fis ak fi. Anplis yo te pran anpil piyaj ki sòti nan yo, e te mennen piyaj la Samarie. 9 Men yon pwofèt SENYÈ a ki te rele Oded te la. Li te sòti deyò pou rankontre lame ki te vini Samarie a e li te di yo: “Gade byen, paske SENYÈ a zansèt ou yo te fache avèk Juda, Li te livre yo nan men nou, e nou te touye yo ak gwo laraj ki te rive jis nan syèl la. 10 Alò, nou ap pwopoze pou fè pou kont nou, pèp a Juda avèk Jérusalem yo vin soumèt kòm esklav mal ak femèl. Anverite, èske nou menm pa gen transgresyon pou kont nou kont SENYÈ a, Bondye nou an? 11 Alò, pou sa, koute mwen e remèt kaptif ke nou te fè prizonye pami frè nou yo, paske kòlè SENYÈ a byen cho kont nou.” 12 Alò, kèk nan chèf a fis Éphraïm yo——Azaria, fis a Jochanan an, Bérékia, fis a Meschillémoth la, Ézéchias, fis a Schallum nan e Amasa, fis a Hadlaï a——te leve kont sila ki t ap retounen soti nan batay la. 13 Yo te di yo: “Fòk nou pa mennen kaptif yo anndan isit la, paske nou ap tante mennen sou nou koupabilite kont SENYÈ a, ki va ogmante peche nou avèk koupabilite nou. Paske koupabilite nou vin tèlman gran ke kòlè Li vin kont Israël.”

14 Pou sa, mesye ki t ap pote zam yo te kite kaptif yo avèk piyaj la devan ofisye yo avèk tout asanble a. 15 Epi mesye ki te chwazi pa non yo te leve, pran kaptif yo, yo te mete rad ki sòti nan piyaj la sou sila ki te toutouni yo. Yo te bay yo rad avèk sandal, yo te bay yo manje e te bay yo bwè, e yo te onksyone yo avèk lwil. Yo te mennen tout sila ki te fèb yo sou bourik e te fè yo rive Jéricho, vil palmis yo, kote frè yo. Konsa, yo te retounen Samarie.

16 Nan lè sa a, Wa Achaz te voye kote wa Asiryen yo pou jwenn soutyen. 17  Paske ankò, Edomit yo te vin atake Juda e te mennen yo sòti kaptif. 18 Filisten yo osi te atake vil nan ba plèn yo avèk Negev nan Juda e te pran Beth-Schémesch, Ajalon, Guedéroth, Soco avèk vil pa li yo, Thimna avèk vil pa li yo e Guimzo avèk vil pa li yo, epi yo te vin abite la. 19 Paske SENYÈ a te imilye Juda akoz Achaz, wa Israël la. Paske li te fè rive yon mank de lòd nan Juda e te manke fidèl anpil a SENYÈ a.

Abdias 1

1 Vizyon Abdias la. Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan Édom. Nou te tande yon rapò soti nan SENYÈ a, yon mesaje te voye pami nasyon yo. Li t ap di: “Leve, annou ale goumen kont li”— 2 Gade byen, Mwen va fè ou vin piti pami nasyon yo. Ou vin meprize anpil. 3 Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?” 4 “Menmsi nou bati anlè tankou èg, menmsi nou mete nich nou pami zetwal yo, mwen va rale nou fè nou desann soti la,” deklare SENYÈ a. 5 Si vòlè te vin kote nou, vòlè nan lannwit yo— o ala devaste nou va vin devaste— èske yo pa t ap vòlè sèlman pou yo ta jwenn ase? Si ranmasè rezen yo te rive kote nou èske yo pa t ap kite kèk ti rès? 6 Ala depouye Ésaü va vin depouye! Ala fouye yo va fouye trezò kache li yo! 7 Tout sila ki fè alyans avèk nou yo va voye nou kote fwontyè a. Sila ki anpè ak nou yo te twonpe nou, e yo deja genyen nou. Zanmi ki manje pen nou yo ap fè pèlen pou nou. Nanpwen bon konprann nan li.

8 Èske Mwen p ap nan jou sa a, deklare SENYÈ a; “Detwi mesye saj Édom yo, e retire bon konprann ki soti sou mòn Ésaü a? 9 Answit, mesye pwisan nou yo va vin enkyete, O Théman, jis tout kapab koupe retire nèt de mòn Ésaü ak gwo masak. 10 Akoz vyolans anvè frè nou Jacob, nou va vin kouvri ak wont, e nou va vin koupe retire nèt jis pou tout tan. 11 Nan jou ke nou te kanpe a distans, nan jou ke etranje yo te bwote tout byen li, lòt nasyon yo te antre nan pòtay li, e te fè tiraj osò pou Jérusalem—nou menm tou te sanble ak yo. 12 Pa vin rejwi ou nan jou malè frè ou a, ni pa rejwi ou sou fis a Juda yo nan jou destriksyon yo a. Pa anfle ou menm nan jou malè yo. 13 Pa antre nan pòtay pèp Mwen an nan jou malè yo. Ni pa rejwi ou de gwo dega nan jou malè yo. Pa piyaje byen yo nan jou malè yo. 14 Pa kanpe nan kafou chemen pou touye sila k ap sove ale sòti nan yo. Epi pa livre a lènmi sila ki chape nan jou malè yo. 15 Paske jou SENYÈ a ap rapwoche sou tout nasyon yo! Jan ou te fè a, se konsa yo va fè ou. 16 Paske menm jan ou te bwè sou mòn sen Mwen an, Konsa tout nasyon yo va bwè tout tan. Yo va bwè, yo va vale, l ap vin konsi yo pa t janm te la. 17 Men sou mòn Sion, va genyen sila ki chape yo, e mòn sa va sen. Epi lakay Jacob va posede posesyon yo. 18 Answit, lakay Jacob va vin yon dife, e lakay Joseph va vin yon flanm; men lakay Ésaü va vin kon pay. Konsa, yo va limen dife sou yo pou brile yo nèt pou pa gen ki rete lakay Ésaü ankò,” paske SENYÈ a fin pale.

19 Moun Negev la va vin posede mòn a Ésaü ak sila a Schfela yo, gwo plèn Philistie a. Yo va posede tèritwa Éphraïm, tèritwa Samarie, e Benjamin va vin posede Galaad, tou. 20 Epi egzile a lame fis Israël sa a, ki pami Kananeyen yo, va posede jis rive Sarepta, e egzile Jérusalem ki Sepharad yo va vin posede vil Negev yo. 21 Liberatè yo va monte Mòn Sion pou jije mòn Ésaü a e wayòm nan va vin pou SENYÈ a.

Ésaïe 1:2–31

2 Koute O syèl yo e tande O latè;

paske SENYÈ a pale:

“Fis Mwen leve yo,

men yo fè rebèl kont Mwen.

3 Yon bèf konnen mèt li

e yon bourik manjwa a mèt li,

men Israël pa konsa.

Pèp Mwen an pa reflechi.”

4 Elas, yon nasyon plen peche,

yon pèp peze avèk inikite,

ras malfektè, fis ki fè zak konwonpi!

Yo te abandone SENYÈ a;

yo te meprize Sila Ki Sen Israël la.

Yo te vire kite Li nèt!

5 Se kibò nou va pran so ankò?

Poukisa nou mache fè rebèl san rete?

Tout tèt la malad e tout kè a fèb.

6 Depi nan pla pye jis rive nan tèt,

nanpwen anyen ak sante ladann,

sèlman kote ki brize, ak maleng ak blese.

Yo pa pran swen, ni panse, ni soulaje l ak lwil.

7 Peyi nou an vin devaste, vil nou yo brile ak dife.

Chan nou yo——se etranje k ap devore yo nan prezans nou;

se dezolasyon nèt, pandan etranje yo ap ranvèse li.

8 Fi Sion an vin tankou yon ti tonèl

nan yon chan rezen,

tankou abri a yon gadyen nan yon chan konkonb,

tankou yon vil ki anba syèj.

9 Amwenske SENYÈ dèzame yo te kite kèk grenn chape viv,

nou t ap tankou Sodome,

nou t ap sanble ak Gomorrhe.

10 Tande pawòl SENYÈ a, nou menm, chèf Sodome yo;

bay zòrèy nou enstriksyon Bondye nou a,

nou menm pèp Gomorrhe.

11 “Ki sa gran fòs kantite sakrifis sa yo ye

k ap ogmante pou Mwen?” di SENYÈ a.

Mwen fin resevwa kont ofrann brile

a belye ak grès a bèf gra yo.

Mwen pa pran plezi nan san towo yo,

jenn mouton, ni kabrit.

12 Lè nou vin parèt devan M,

kilès ki egzije nou vin foule lakou Mwen an konsa?

13 Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò;

lansan vin abominab devan M.

Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo—

Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.

14 Mwen rayi fèt nouvèl lin yo ak fèt apwente nou yo.

Yo vin yon gwo fado pou mwen.

Mwen fatige sipòte yo.

15 Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè,

Mwen va kache zye M de nou menm.

Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo.

Men nou kouvri ak san.

16 Lave nou pou nou vin pwòp;

retire zak malonèt nou yo devan zye M.

Sispann fè mechanste.

17 Aprann fè sa ki bon;

chache lajistis,

fè sekou oprime yo,

defann òfelen yo,

plede ka a vèv la.

18 “Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a:

“Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj;

malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.

19 Si nou vin dakò e obeyi,

nou va manje pi bon bagay ki gen nan peyi a;

20 men si nou refize, e fè rebèl,

nou va devore pa nepe.”

Anverite, bouch SENYÈ a fin pale.”

21 Gade vil fidèl la vin devni yon pwostitiye!

Sila ki te konn plen ak jistis la!

Nan yon lè, ladwati te rete nan li,

men koulye a, se asasen yo ye.

22 Ajan ou yo, koulye a vin tounen kim

e bwason ou vin mele ak dlo.

23 Chèf ou yo se rebèl yo ye

k ap fè zanmi parèy ak vòlè.

Se yo tout ki renmen resevwa

anba tab ak kouri dèyè benefis.

Yo pa defann òfelen an,

ni ka a vèv la pa rive devan yo.

24 Pou sa, Senyè BONDYE dèzame yo,

Toupwisan Israël la, deklare:

“Ah, M ap jwenn soulajman de advèsè Mwen yo;

M ap pran vanjans mwen sou lènmi Mwen yo.

25 Mwen va vire men m kont nou

e Mwen va fonn kim nou an tankou se ak likid lesiv,

pou l pa gen metal ki rete.

26 Mwen va restore jij nou yo tankou nan kòmansman an

ak konseye yo jan lè nou te fenk kòmanse a.

Apre sa, yo va rele nou vil ladwati,

yon vil ki fidèl.

27 Sion va rachte ak lajistis, e sila ki repanti ladann yo va plen ladwati a.

28 Men transgresè ak pechè yo va kraze ansanm,

e sila ki abandone SENYÈ yo va vin disparèt nèt.

29 Anverite, nou va wont pou bwadchenn ke nou te pito yo,

e nou va wont pou jaden ke nou te pito yo.

30 Paske nou va tankou yon bwadchenn ak fèy ki fennen,

oswa tankou yon jaden ki pa gen dlo menm.

31 Sila ki pwisan an va devni retay pichpen.

Zèv li yo anplis va tankou etensèl dife.

Konsa, y ap brile ansanm

e p ap gen moun ki pou fè yo etenn.”