Achaz fè alyans ak Tiglath-Piléser

Achaz fè yon alyans ak Tiglath-Piléser, wa Assyrie.

740 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Wa Yo 16:6–9

6 Nan tan sa a Retsin, wa Syrie a, te reprann Élath pou Syrie e li te netwaye retire Jwif yo nèt nan Élath. Epi Siryen yo te vini Élath e yo rete la jis rive jodi a. 7 Konsa, Achaz te voye mesaje yo kote Tiglath-Piléser, wa Assyrie a. Li te di: “Mwen se sèvitè ou ak fis ou; vin delivre mwen soti nan men a wa Syrie a, avèk men a wa Israël la k ap fè soulèvman kont mwen.” 8 Achaz te pran ajan avèk lò ki te twouve lakay SENYÈ a ak nan kès lakay wa a pou te voye yon kado bay wa Assyrie a. 9 Konsa, wa Assyrie a te koute li, epi wa Assyrie a te monte kont Damas pou te kaptire li. Li te pote pèp li a deyò an egzil nan Kir, e li te mete Retsin a lanmò.

Ésaïe 28

1 Malè a kouwòn ògèy a moun sou ak diven Éphraïm yo, ak flè fane li ki pèdi bèlte ak glwa li. Li menm ki sou tèt vale fètil a sila ki fin sou ak diven yo! 2 Veye byen, SENYÈ a gen yon asistan ase fò e pwisan. Tankou tanpèt lagrèl, yon tanpèt destriksyon, yon tanpèt pwisan k ap debòde dlo, Li va vin jete yo atè ak men Li. 3 Kouwòn ògèy a moun sou Éphraïm yo va vin foule anba pye. 4 Epi flè ki kanpe sou tèt vale fètil la, va vin pèdi bèlte li tankou premye fwi figye etranje ke yon moun wè avan gran sezon an. Yon moun jwenn li, epi lapoula, li vale l. 5 Nan jou sa a, SENYÈ dèzame yo va vini yon bèl kouwòn, yon dyadèm ranpli ak glwa pou retay a pèp Li a. 6 Li va yon espri lajistis pou sila ki chita nan jijman an, yon ranfòsman pou sila k ap detounen atak devan pòtay yo.

7 Anplis yo vin toudi akoz bwason fò yo: prèt la ak pwofèt la vin toudi ak bwason fò. Yo vin konfonn akoz diven an, e yo vin toudi akoz bwason fò a. Yo kilbite pandan y ap fè vizyon, e yo manke tonbe lè y ap rann jijman. 8 Paske tout tab yo plen ak salte vomisman an; pa menm gen yon kote ki pwòp.

9 A ki moun Li ta enstwi konesans e a kilès Li ta entèprete mesaj la? Sila ki fenk sevre nan lèt yo? Sila ki fenk sispann pran tete yo? 10 Paske Li pale, Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la.

11 Anverite, Li va pale ak pèp sa a ak lèv bege e ak yon lang etranje, 12 Sila ki te di yo: “Men repo isit la; bay repo a sila ki fatige yo,” epi: “Men repo”, men yo pa t koute. 13 Akoz sa, pawòl SENYÈ a, yo va: “Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la,” pou yo kapab ale, chape glise pa dèyè, vin kraze, pran nan pèlen e vin prizonye.

14 Pou sa, koute pawòl SENYÈ a, O nou menm k ap moke yo, sila ki chèf sou pèp sa a ki rete nan Jérusalem nan: 15 “Akoz nou te di: ‘Nou te fè yon akò ak lanmò’, epi ak Sejou mò yo, nou te vin angaje. Gwo dega p ap rive sou nou lè l pase, paske nou te fè pwotèj nou ak manti e nou te kache kò nou ak desepsyon.” 16 Pou sa, Senyè BONDYE a di: “Gade byen, Mwen ap poze nan Sion yon wòch, yon wòch eprèv, yon wòch ang prensipal pou fondasyon ki plase byen solid la. Sila ki kwè nan li a, p ap twouble menm. 17 Mwen va fè jistis sèvi kon lign mezi e ladwati kon règ nivo. Lagrèl va bale tout fatra nèt ki fèt ak manti, e dlo yo va debòde antre nan kote sekrè a. 18 Akò nou an ak lanmò va anile, e angajman nou an ak Sejou mò yo p ap kanpe. Lè gwo twoub la k ap kraze tout moun nan, pase kote nou, alò, nou va foule anba l. 19 Otan li pase, li va kenbe nou; maten apre maten, l ap pase. Nenpòt lè pandan lajounen oswa lannwit, pou konprann sa li ye a, va pote gwo laperèz.” 20 Kabann nan twò kout pou lonje kò nou e dra a twò etwat pou vlope nou. 21 Paske SENYÈ a va leve tankou nan Mòn Peratsim. Li va fache tankou nan vale Gabaon, pou fè tach Li, tach ki pa sanblab ak lòt, e pou egzekite travay Li, travay ekstrawòdinè Li. 22 Alò, konsa, pa aji tankou mokè yo, pou chenn ki mare nou yo pa vin pi rèd. Paske mwen te tande soti nan Senyè BONDYE dèzame yo, desizyon deja fèt pou detwi tout latè a.

23 Prete zòrèy nou pou tande vwa mwen! Koute e tande pawòl mwen yo. 24 Èske kiltivatè a raboure tout tan pou plante grenn semans? Èske li pa janm sispann vire tè a? 25 Èske li pa fè tè a nivo pou simen grenn lanni, gaye grenn kimen, plante ble nan ranje yolòj nan plas li ak pitimi nan kote pa li? 26 Paske Bondye pa li a enstwi li, e montre li sa ki bon. 27 Paske grenn lanni pa kraze vannen ak gwo baton, ni wou kabwèt pa woule sou kimen, men lanni bat ak yon planch bwa e kimen ak yon baton. 28 Sereyal pou fè pen oblije kraze; anverite, li p ap ka kontinye bat pou vannen li tout tan. Menmsi wou kabwèt li a ak pye cheval li yo ta pase sou li, cheval la pa ka fè l moulen. 29 Sa anplis, sòti nan SENYÈ dèzame yo, ki te fè konsèy Li mèvèye, ak sajès Li byen gran.

II Kwonik Yo 28:20–23

20 Pou sa, Tilgath-Piléser, wa Assyrie a te vini kont li, e te aflije li olye de ranfòse li. 21 Sepandan, Achaz te pran yon pòsyon sòti nan kay SENYÈ a e sòti nan palè wa a ak chèf yo pou te bay li a wa Assyrie a, men sa pa t ede li.

22 Alò, nan tan gwo pwoblèm pa li, menm Wa Achaz sila a te vin peche plis devan SENYÈ a. 23 Paske li te fè sakrifis a lòt dye Damas yo ki te bat li yo. Li te di: “Akoz dye a wa Syrie yo te ede yo, mwen va fè sakrifis de yo pou yo kab ede mwen.” Men yo te koze chit li avèk tout Israël.

II Wa Yo 16:10–18

10 Alò, Wa Achaz te ale kote Damas pou rankontre Tiglath-Piléser, wa Assyrie, e li te wè lotèl ki te Damas la. Konsa, Wa Achaz te voye bay Urie, prèt la, plan lotèl la avèk yon modèl li, selon tout mendèv pa li. 11 Konsa, Urie, prèt la te bati yon lotèl selon tout sa ke Wa Achaz te voye soti Damas, e konsa Urie, prèt la, te fè li, avan wa Achaz te vini soti Damas. 12 Lè wa a te antre sòti Damas, wa a te wè lotèl la. Alò, wa a te pwoche lotèl la e te fè ofrann sou li. 13 Li te brile ofrann brile li a avèk ofrann sereyal la, li te vide ofrann bwason li an e li te flite san a ofrann lapè li yo sou lotèl la. 14 Lotèl bwonz lan, ki te devan SENYÈ a, li te mennen soti devan kay la, soti nan antre lotèl pa li a, lakay Senyè a e li te mete li sou kote nò lotèl pa li a. 15 Epi Wa Achaz te kòmande Urie, prèt la, e li te di: “Sou gran lotèl la, brile ofrann brile maten an ak ofrann sereyal aswè a; epi ofrann brile wa a avèk ofrann sereyal pa li a, avèk ofrann brile a tout pèp peyi a avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo; epi flite sou li tout san a ofrann brile a e tout san a sakrifis la. Men lotèl bwonz lan va sèlman pou mwen pou m kab mande konsèy ladann. 16 Pou sa, Urie, prèt la, te fè tout bagay selon sa ke Wa Achaz te kòmande a.”

17 Alò, Wa Achaz te koupe retire arebò a baz yo e li te retire basen lave a sou yo. Li te osi desann lanmè a soti sou bèf bwonz ki te anba li yo, e li te mete li sou yon pave an wòch. 18 Li te retire osi chemen machpye Saba a ke yo te bati nan kay la e antre eksteryè a wa a, li te retire li soti lakay SENYÈ a akoz wa Assyrie a.

II Kwonik Yo 28:24–25

24 Anplis, lè Achaz te ranmase ansanm tout zouti lakay Bondye yo, li te koupe tout zouti yo an mòso. Li te fèmen pòt lakay SENYÈ a, e te fè lotèl pou li nan chak kwen nan Jérusalem. 25 Nan chak vil nan Juda, li te fè wo plas pou brile lansan a lòt dye yo, e li te pwovoke SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, a lakòlè.

Osée 5

1 Tande bagay sa a, O prèt yo!

Prete zòrèy ou O lakay Israël!

Koute byen, O lakay wa a!

Paske jijman an se pou ou,

paske ou te yon pèlen nan Mitspa

e yon Filè ouvri sou Thabor.

2 Rebèl yo desann fon nan fè masak;

men Mwen va fè chatiman rive sou Yo tout.

3 Mwen konnen Éphraïm

e Israël pa kache devan M;

paske koulye a, O Éphraïm, ou te jwe pwostitiye.

Israël te souye tèt li.

4 Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a,

paske, yon lespri pwostitisyon rete anndan yo.

Yo pa konnen SENYÈ a.

5 Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li.

Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo.

Anplis, Juda va tonbe avèk yo.

6 Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo

pou y al chache SENYÈ a,

men yo p ap jwenn Li.

Li te retire tèt Li kite yo.

7 Yo te aji an trèt kont SENYÈ a,

paske yo te fè pitit ilejitim.

Koulye a nouvèl lin nan

va devore yo menm ak chan yo.

8 “Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a.

Sone alam Beth-Aven nan:

Dèyè ou, Benjamin!

9 Éphraïm va vin yon kote dezole nan jou repwòch la;

Pami tribi Israël yo, Mwen deklare sa ki va rive.

10 Prens a Juda yo te vin tankou sila ki deplase Bòn yo;

Sou yo, Mwen va vide tout

chalè kòlè Mwen an tankou dlo.

11 Éphraïm vin oprime,

Li vin kraze nan jijman an,

akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.

12 Akoz sa, mwen vin tankou

yon papiyon twal pou Éphraïm

e tankou pouriti pou lakay Juda.

13 “Lè Éphraïm te wè maladi li a,

e Juda, jan li te blese a;

alò, Éphraïm te ale kote Assyrie.

Li te voye kote Wa Jareb.

Men li p ap ka geri w,

ni li p ap ka fè geri maleng ou an.

14 Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm,

e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda.

Mwen menm, Mwen va chire an mòso

e Mwen va ale.

Mwen va pote ale, e p ap gen

moun ki pou delivre.

15 Mwen va ale retounen nan plas Mwen,

jiskaske yo vin rekonèt koupabilite yo,

pou chache fas Mwen.

Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”