Achaz fè alyans ak Tiglath-Piléser (continued)

Achaz fè yon alyans ak Tiglath-Piléser, wa Assyrie.

740 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Osée 6

1 Vini, annou retounen kote SENYÈ a;

paske li te chire nou,

men Li va geri nou.

Li te blese nou,

men Li va panse nou.

2 Li va fè nou vin refè apre de jou;

Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve.

Konsa, nou va viv devan Li.

3 Annou rekonèt SENYÈ a;

annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a.

Aparans Li asire tankou solèy

k ap leve granmmaten.

Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli,

tankou lapli prentan k ap wouze latè.

4 Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm?

Kisa pou M fè ak ou, O Juda?

Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten,

tankou farinay ki disparèt bonè.

5 Akoz sa, Mwen te taye yo an mòso ak pwofèt yo;

Mwen te touye yo ak pawòl bouch Mwen.

Jijman Ou yo se tankou loray k ap tire.

6 Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis,

epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.

7 Men yo menm, tankou Adam te kraze transgresyon akò a.

La, yo pa t fidèl anvè Mwen.

8 Galaad se yon vil ki plen ak malfektè,

plen ak tach san.

9 Epi tankou bandi k ap tann yon moun;

konsa, yon twoup prèt asasine moun

sou wout pou rive Sichem nan.

Se gwo krim y ap fè.

10 Nan lakay Israël, Mwen te wè yon move bagay.

Gen pwostitisyon nan Éphraïm.

Israël souye pwòp tèt li.

11 Ou menm tou, O Juda!

Gen yon rekòlt ki deja apwente pou ou menm,

lè Mwen retabli byennèt pèp Mwen an.

Achaz mouri; pouvwa Ézéchias anonse davans 726 anvan Christ

Lanmò Achaz ak yon prediksyon sou pouvwa Ézéchias.

II Kwonik Yo 28:26–27

26 Alò, tout lòt zèv avèk chemen li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade byen, yo ekri nan Liv A Wa A Juda yo Avèk Israël yo. 27 Konsa, Achaz te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan vil Jérusalem nan; paske yo pa t mennen li antre nan tonm a wa Israël yo. Epi Ézéchias, fis li a, te renye nan plas li.

Ésaïe 14:28–32

28 Nan ane Wa Achaz te mouri an, Pwofesi sa a te fèt:

29 Pa rejwi, O Peyi Filisten yo, nou tout, akoz baton ki te konn frape ou a fin kase. Soti nan rasin sèpan an, yon vipè va vin parèt, k ap fè kon fwi, yon sèpan k ap vole. 30 Premye ne malere a va manje byen, e endijan an va kouche ansekirite. Mwen va detwi rasin pa ou ak gwo grangou, e anplis l ap touye sila ki te chape yo.

31 Rele anmwey, O pòtay la! Kriye fò, O Gran Vil la! Fann nèt, O Filistia, nou tout! Paske lafimen ap sòti nan nò e nanpwen moun k ap fè reta. Lennmi a kwense nou nèt.

32 Alò, kòman yon moun ka reponn mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li.

II Kwonik Yo 28:1–3

1 Achaz te gen laj a ventan lè l te devni wa e li te renye sèzan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, jan David, papa zansèt li a, te konn fè a, 2 men li te mache nan chemen a wa Israël yo. Anplis, li te fè imaj fonn pou Baal yo. 3 Li te brile lansan nan vale Ben-Hinnon e li te brile fis li yo nan dife, selon abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo.

II Wa Yo 16:19–20

19 Alò, tout lòt zèv Achaz te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo? 20 Konsa, Achaz te dòmi avèk zansèt pa li yo, e li te antere avèk zansèt pa li yo nan lavil David la. Fis li, Ézéchias, te renye nan plas li.

Wayòm Israël la 739 anvan Christ

Rèy Pékach ak Osée

II Wa Yo 15:30–31

30 Epi Osée, fis Ela a, te fè yon konplo kont Pékach, fis a Remalia a, li te frape li e te mete li a lanmò pou te devni wa nan plas li, nan ventyèm ane a Jotham, fis a Ozias la. 31 Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, gade byen, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.

II Wa Yo 17:1–2

1 Nan douzyèm ane Achaz, wa Juda a, Osée, fis a Éla a te vin wa sou Israël nan Samarie, e li te renye pandan nèf ane. 2 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, men pa tankou wa Israël ki te avan li yo.