Amos pwofetize kont nasyon yo ak Israël (continued)
Amos anonse jijman sou nasyon vwazen yo, sou Israël ak sou Juda.
793 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Tande pawòl sa ke m reprann pou nou kon yon chan; Yon plent konsi, pou sila ki mouri deja yo, O lakay Israël:
2 Li fin tonbe, li p ap leve ankò—
Vyèj Israël la.
Li kouche byen neglije sou tèren li;
nanpwen moun ki pou leve l.
3 Paske, konsa pale Senyè BONDYE a:
“Vil ki te gen mil sòlda soti,
va gen san ki rete,
e sila ki gen san ki ale yo,
va gen dis ki rete pou lakay Israël.”
4 Paske, konsa pale SENYÈ a a lakay Israël:
“Chache Mwen pou nou ka viv.
5 Men pa ale Béthel, ni pa vini Guilgal,
ni travèse Beer-Schéba.
Paske anverite, Guilgal va antre an kaptivite
e gwo twoub va rive Béthel.
6 Chache SENYÈ a pou nou ka viv,
sinon Li va eklate kon dife
nan lakay Joseph,
e li va devore san pa gen okenn moun
ki pou etenn li Béthel.
7 Nou menm ki fè jistis vin tounen lanvè,
e ki jete ladwati rive jis atè yo,
8 Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo,
ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten,
ki etenn lajounen pou fè lannwit,
ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a;
SENYÈ a, se non L.
9 Se Li menm ki jayi ak destriksyon
sou moun pwisan yo,
jiskaske destriksyon sa a rive sou sitadèl la.
10 Yo rayi sila k ap reprimande nan pòtay la
ni yo pa vle wè sila ki pale ak entegrite a.
11 Konsa, akoz nou foule malere a,
e egzije taks nan ble sou li,
akoz nou fin bati bèl kay ak wòch byen taye,
malgre nou pa menm rete nan yo,
konsa, nou fin plante bèl chan rezen yo,
men nou p ap bwè diven yo.
12 Paske Mwen konnen transgresyon nou yo
vin anpil e peche nou yo vin gran;
nou menm ki boulvèse moun dwat yo,
ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo,
e ki detounen malere a nan pòtay la.
13 Alò nan yon tan konsa,
sila ki saj la oblije rete an silans,
paske tan an vin plen ak mechanste.
14 Chache sa ki bon e pa sa ki mal,
pou nou ka viv;
epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou,
jis jan nou te pale a!
15 Rayi mal e renmen sa ki bon,
e etabli jistis nan pòtay la!
Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo
ka fè gras a retay Joseph la.”
16 Alò, SENYÈ Bondye dèzame yo, Senyè a di :
“Va gen gwo lamantasyon tout kote
e nan lari a, yo va rele: ‘Elas! Elas!’
Yo va rele kiltivatè a pou fè dèy,
yo va peye moun pou l fè lamantasyon.
17 Epi nan tout chan rezen yo, va gen gwo kri,
paske Mwen va pase nan mitan nou”,
di SENYÈ a.
18 Elas pou nou menm ki anvi wè jou SENYÈ a!
Pouki sa nou anvi wè jou SENYÈ a?
Li va yon jou tenèb olye limyè.
19 Tankou lè yon nonm kouri kite yon lyon pou l
rankontre yon lous;
oswa pou l rive lakay li,
apiye men l sou mi kay la,
pou yon koulèv vin mòde l.
20 Èske jou SENYÈ a p ap yon jou tenèb
olye de limyè a, fènwa a menm san klate ladann?
21 Mwen rayi, Mwen va refize aksepte fèt nou yo,
ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.
22 Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal,
Mwen p ap aksepte yo;
ni Mwen p ap menm gade ofrann lapè a
bèt gra nou yo.
23 Retire sou Mwen bri a chanson nou yo;
Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.
24 Men kite jistis koule desann tankou dlo,
e ladwati tankou yon gwo larivyè,
25 Èske nou te pote ban Mwen ofrann sakrifis ak ofrann sereyal nan dezè a pandan karant ane yo, O lakay Israël? 26 Anplis nou te pote Sikkuth, wa nou an, ak Kiyyun, imaj nou yo, ak zetwal dye nou, ke nou te fè pou nou menm yo. 27 “Pou sa, Mwen va fè nou antre an egzil pi lwen Damas,” di SENYÈ a, ki gen non Li ki se Bondye dèzame yo.
6:1 Malè a sila ki alèz nan Sion yo,
e ak sila ki santi yo ansekirite nan mòn Samarie yo,
mesye ki distenge pami meyè nan nasyon yo,
a sila lakay Israël konn vini yo.
2 Ale janbe kote Calné pou gade.
Soti la rive Hamath Gran an,
pou desann kote Gath de Filisten yo.
Èske yo pi bon ke wayòm sila yo?
Èske tèritwa pa yo a pi gran pase pa nou an?
3 Malè a nou ki konn ranvoye jou malè!
Ka pote sant vyolans lan vin pi pre!
4 K ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo,
k ap gaye kò yo sou gwo sofa yo,
e k ap manje jenn mouton ki soti nan pak la,
ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la;
5 sila ki enpwovize ak son ap la,
ki envante lenstriman mizik yo menm jan ak David;
6 Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo
onksyone kò yo ak pi bon lwil yo,
malgre sa, yo pa kriye pou Joseph,
ki fin devaste nèt la.
7 Akoz sa, yo va antre an egzil nan tèt a egzile yo.
Banbòch a sanzave yo va sispann.
8 Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm,
SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare:
“Mwen rayi awogans a Jacob la,
e Mwen deteste sitadèl li yo.
Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”
9 Epi li va vin rive ke si genyen dizòm ki rete
nan yon kay, yo va mouri.
10 Alò tonton a youn, oswa mèt mòg k ap antere l la, va leve pote zo li sòti nan kay la. Konsa, li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: “Èske gen lòt moun avèk ou?” Epi sila a va reponn: “Nanpwen moun”. Konsa li va reponn: “Rete an silans. Paske non a SENYÈ a pa dwe nonmen menm.”
11 “Paske gade byen, SENYÈ a pral kòmande
pou gwo lakay la vin kraze nèt,
e ti kay la an ti mòso.
12 Èske cheval konn kouri sou wòch,
oswa èske yo ka charye wòch yo ak bèf?
Konsa, nou te fè Lajistis vin tounen pwazon
e fwi ladwati vin anmè nèt.
13 Nou menm k ap rejwi nan yon bagay ki pa anyen,
epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj
nou nou rive pran kòn nan pou nou?’
14 Paske gade byen, Mwen pral leve yon nasyon
kont nou, O lakay Israël,”
deklare SENYÈ Bondye dèzame yo;
“e yo va aflije nou soti nan antre Hamath
pou rive jis nan flèv Araba a.”
7:1 Konsa Senyè BONDYE a te montre m e gade byen, Li t ap fòme yon gwo rafal krikèt nan lè jaden prentan an te kòmanse boujonnen an. Epi gade byen, rekòlt la te fèt nan lè wa a te fin koupe zèb la. 2 Epi li te vin rive lè li te fin manje tout plant peyi a, ke m te di: “Senyè BONDYE, souple, padone! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!”
3 SENYÈ a te repanti de sa. “Sa p ap rive,” SENYÈ a te di.
4 Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, Senyè BONDYE a t ap rele pou jijman an ak dife a. Li te devore tout gwo pwofondè a, e te kòmanse devore tèren an. 5 Epi mwen te di: “Senyè, souple, sispann! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!”
6 SENYÈ a te repanti de sa. “Sa a tou, p ap rive”, Senyè BONDYE a te di.
7 Konsa Li te monte m, e gade byen, Senyè a te kanpe akote yon mi ki monte ak yon filaplon nan men L. 8 SENYÈ a te di m: “Se kisa ou wè, Amos?”
Mwen te di: “Yon filaplon.”
Konsa, Senyè a te di: “Gade byen, Mwen prèt pou plase yon filaplon nan mitan pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap kite yo chape ankò. 9 Wo plas Isaac yo va vin abandone, e sanktyè Israël yo va vin kraze nèt. Answit, Mwen va leve kont lakay Jéroboam ak nepe.”