Amos pwofetize kont nasyon yo ak Israël
Amos anonse jijman sou nasyon vwazen yo, sou Israël ak sou Juda.
793 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton Tekoa yo, de sa li te wè nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman tè a. 2 Li te di:
“SENYÈ a va gwonde soti nan Sion.
Li va fè son vwa Li soti Jérusalem;
epi patiraj a bèje yo va fè dèy,
e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.”
3 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a Damas yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon li;
akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo.
4 Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël
e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.
5 Anplis, Mwen va kraze baryè an fè Damas la;
Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan,
ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden;
epi pèp Syrie a va ale an egzil an Kir,”
di SENYÈ a.
6 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Gaza yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te depòte tout pèp la,
pou livre yo bay Édom.
7 Pou sa, Mwen va voye dife sou miray Gaza a,
epi li va devore sitadèl li yo nèt.
8 Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo,
ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon.
Mwen va tounen men mwen kont Ékron,
epi retay a Filisten yo va peri,”
di Senyè BONDYE a.
9 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Tyr yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te livre tout pèp la nèt bay Édom,
e yo pa t sonje akò fratènèl la.
10 Akoz sa, Mwen va voye dife sou miray Tyr la,
e li va devore sitadèl li yo.”
11 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat;
Mwen p ap retire pinisyon an,
akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe
e te refize gen pitye.
Mekontantman li te dechire tout tan,
e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.
12 Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman,
e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”
13 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat;
Mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te chire vant fanm ansent Galaad yo
pou agrandi lizyè yo.
14 Pou sa, Mwen va sanble yon dife sou miray Rabba a.
Li va devore sitadèl li yo nèt,
nan mitan gwo kri lagè nan jou batay la,
nan mitan siklòn nan jou tanpèt la.
15 Konsa, wa yo a va antre an egzil, li menm ansanm ak prens li yo,”
di Senyè a.
2:1 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Moab yo, menm kat;
Mwen p ap retire pinisyon an,
akoz li te brile zo a wa Édom an
pou l fè lacho.
2 Pou sa, Mwen va voye dife sou Moab
e li va devore sitadèl Kérijoth yo.
Moab va mouri nan mitan gwo zen,
kri lagè ak son a twonpèt.
3 Anplis, Mwen va koupe retire jij la nan mitan yo,
e touye tout prens li yo ansanm avè l,” di SENYÈ a.
4 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a Juda yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te rejte lalwa SENYÈ a,
e yo pa t kenbe règleman Li yo;
manti yo te koz yo vin egare,
dèyè sila menm papa zansèt yo te mache.
5 Pou sa, Mwen va voye dife sou Juda,
e li va devore palè a Jérusalem yo.”
6 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat,
Mwen p ap retire pinisyon an;
akoz yo te vann sila ki dwat yo pou lajan,
e malere yo pou achte de grenn sapat.
7 Sila yo k ap foule tèt a malere a,
jis pou l rive nan pousyè,
k ap refize bay jistis a oprime a.
Yon gason ak papa li antre nan menm fanm nan
pou yo ka pwofane non sen Mwen an.
8 Yo lonje kò yo bò kote tout lotèl,
sou vètman ki te pran kon garanti yo.
Nan kay Bondye yo a, yo bwè diven an
ki te bay pou peye amann yo.
9 Malgre sa, se te Mwen menm
ki te detwi Amoreyen yo devan yo,
malgre wotè yo te tankou wotè a pye palmis
e yo te gen fòs tankou bwadchenn.
Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.
10 “Se te Mwen menm ki te mennen nou
monte soti peyi Égypte la.
E Mwen te mennen nou nan dezè a pandan karantan,
pou nou ta ka posede peyi Amoreyen yo.
11 Mwen te fè leve kèk nan fis nou yo kon pwofèt,
e kèk nan jennonm nou yo kon Nazareyen.
Èske se pa sa, fis Israël yo?” di SENYÈ a.
12 Men, nou te fè Nazareyen yo bwè diven,
e nou te kòmande pwofèt yo. Nou te di yo:
“Pa pwofetize!”
13 Gade byen, Mwen va peze nou anba chaj,
kon kabwa chaje lè l plen chaj sereyal.
14 Kouri kite p ap posib, menm pou sila ki pi vit la;
Sila ki dyanm lan,
p ap ka ranfòse fòs li,
ni sila ki pwisan an,
p ap ka delivre tèt li.
15 Ni sila ki fò ak banza a, p ap ka kanpe.
Sila ki rapid a pye a p ap ka delivre tèt li.
Sila ki konn monte cheval la p ap chape.
16 Menm pi brav pami gèrye yo
va chape poul yo toutouni nan jou sa a”,
di SENYÈ a.
3:1 Tande pawòl sa a ke SENYÈ a te pale kont nou menm, fis Israël yo; kont tout fanmi ke Li te mennen fè monte soti nan peyi Égypte la:
2 “Nou sèlman, Mwen te chwazi
pami tout fanmi sou latè yo.
Akoz sa, Mwen va pini nou
pou tout inikite nou yo.”
3 Èske de mache ansanm,
san yo pa antann yo?
4 Èske yon lyon va gwonde nan rak bwa
san ke li pa kaptire yon bagay?
Èske yon jèn ti lyon
ka kriye deyò tanyè a san li pa pran anyen?
5 Èske yon zwazo ka kenbe
nan yon pèlen atè, si resò a pa t rale?
Èske pèlen an ka vòltije sòti atè,
san ke li gen yon bagay pou kenbe?
6 Èske twonpèt sone nan vil la,
san pèp la p ap pè?
Èske malè kon rive nan yon vil,
san ke SENYÈ a ki fè l?
7 Anverite, SENYÈ a p ap fè anyen,
san Li pa aveti sèvitè li yo, pwofèt yo.
8 Yon lyon fin gwonde!
Se kilès ki p ap pè?
SENYÈ a fin pale!
Se kilès ki ka refize pwofetize?
9 Pwoklame sou sitadèl Asdod yo,
ak sitadèl peyi Égypte yo.
Di yo konsa:
Rasanble nou sou mòn Samarie yo
pou wè gwo zen ki anndan yo,
ak opresyon ki nan mitan yo.
10 “Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a,
“sila yo k ap kache piyaj yo
ak sa yo ranmase nan palè pa yo.”
11 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a:
“Yon lènmi va ranvwaye peyi a.
Li va rale desann barikad ou yo,
episitadèl ou yo va piyaje.”
12 Konsa pale SENYÈ a:
Menm jan bèje a rache de janm
soti nan bouch lyon an,
oswa yon mòso zòrèy,
konsa, fis Israël ki rete Samarie yo,
alèz sou bèl mèb yo,
ak kousen swa yo sou kabann nan,
va vin chape.
13 “Tande, e fè temwaye kont kay Jacob la,” di Senyè BONDYE a, Bondye dèzame yo.
14 “Paske nan jou ke Mwen va vizite
transgresyon Israël yo sou li,
Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo.
Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt.
Yo va tonbe atè.
15 Kay sezon livè a, Mwen va frape
ansanm avèk kay sezon lete a.
Kay livwa yo va vin peri,
e gran mezon yo p ap la ankò,”
di Senyè a.
4:1 Tande pawòl sa a, nou menm, vach Basan k ap rete sou mòn Samarie yo, k ap oprime malere, k ap kraze sila ki nan bezwen yo, ki di a mari nou yo: “Pote bwason nou!”
2 Senyè BONDYE a te sèmante pa sentete Li,
“Gade byen, jou yo ap vini sou nou,
lè yo va rache pran nou ak kwòk vyann,
e dènye bout nan nou ak gaf pwason.
3 Nou va sòti atravè brèch miray yo,
nou chak tou dwat devan li a,
e konsa, nou va jete nan sitadèl la,” deklare SENYÈ a.
4 “Antre nan Béthel pou fè peche;
nan Guilgal pou miltipliye peche yo!
Pote sakrifis nou yo chak maten,
dim nou yo chak twa jou.
5 Ofri yon ofrann remèsiman,
sitou sa ki gen ledven ladann,
epi pwoklame ofrann bòn volonte yo.
Fè l parèt wo pou moun wè!
Paske se konsa nou renmen fè l, nou menm,
fis Israël yo,” deklare SENYÈ a.
6 “Men Mwen te bay nou anplis, dan netwaye
nan tout vil nou yo,
ak mank pen tout kote.
Malgre sa, nou pa t retounen
vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
7 Anplis de sa, Mwen te fè lapli sispann
pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la.
Konsa, Mwen te voye lapli nan yon vil
pandan Mwen te refize li nan yon lòt.
Yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t
resevwa lapli a te seche.
8 Konsa, de oswa twa vil te kilbite rive nan
yon lòt pou bwè dlo, men yo pa t satisfè;
malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,
deklare SENYÈ a.
9 Mwen te frape nou ak van cho, ak lakanni;
epi cheni te devore jaden ak chan
rezen nou yo, pye figye etranje ak pye doliv yo.
Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,”
deklare SENYÈ a.
10 “Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou,
tankou sa ki te konn rive an Égypte yo.
Mwen te touye jenn mesye nou yo ak nepe,
e te retire cheval nou yo.
E Mwen te fè movèz odè kan nou an,
monte antre nan nen nou.
Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,”
deklare SENYÈ a.
11 “Mwen te boulvèse kèk nan nou nèt,
jan Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe.
Nou te tankou yon bout bwa byen cho
ki te rache soti nan dife;
malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
12 “Akoz sa, se konsa Mwen va fè ou, O Israël!
Paske se sa Mwen va fè ou;
prepare pou rankontre Bondye ou a, O Israël.
13 Paske gade byen, Sila ki fòme mòn yo,
ki kreye van an,
e ki deklare a lòm tout refleksyon li yo;
sila ki fè jou leve nan fènwa a,
e ki foule wo plas sou latè yo;
SENYÈ Bondye dèzame yo, se non Li.”