Wayòm Israël la

Fen rèy Jéroboam II

809 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Wa Yo 14:25–27

25 Li te restore lizyè Israël la soti nan antre Hamath jis rive nan Lamè Araba, selon pawòl SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale pa sèvitè li Jonas, fis a Amitthaï a nan Gath-Hépher. 26 Paske SENYÈ a te wè soufrans Israël ki te tèlman anmè; paske pa t gen ni esklav, ni lib, ni pa t gen okenn moun ki pou ede Israël. 27 SENYÈ a pa t di ke li ta efase non Israël anba syèl la; men Li te delivre yo pa men Jéroboam, fis a Joas la.

Osée pwofetize bay Israël 801 anvan Christ

Premye apèl Osée fè dis tribi yo.

Osée 1–3

1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.

2 Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”

3 Konsa, li te ale pran Gomer, fi a Diblaïm nan. Li te vin ansent, e li te fè yon fis pou li.

4 Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non Jizreel; paske deja nan yon ti tan mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini. 5 Nan jou sa a, Mwen va kraze banza Israël la nan vale Jizreel la.”

6 Konsa, li te vin ansent ankò, e li te bay nesans a yon fi. Epi SENYÈ a te di li: “Rele li Lo Ruchama, paske Mwen p ap fè konpasyon ankò pou lakay Israël, pou M ta janm padone yo. 7 Men Mwen va genyen konpasyon pou lakay Juda. Yo va delivre pa SENYÈ Bondye yo, a e yo p ap delivre ni pa banza, ni pa nepe, ni pa batay, pa cheval, ni chevalye.”

8 Alò, lè li te fin sevre Lo Ruchama, li te vin ansent, e li te fè yon fis.

9 Epi SENYÈ a te di: “Rele li Lo Ammi, paske nou pa pèp Mwen, ni Mwen pa Bondye nou.” 10 Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’ 11 Konsa, fis a Juda ak fis Israël yo va vin rasanble ansanm, epi yo va chwazi pou kont yo yon sèl chèf, epi yo va monte depi nan peyi a, paske jou a Jizreel la va vrèman gran.

2:1 “Di a frè ou a ‘Pèp mwen yo’!

Epi a sè ou yo, ‘Byeneme mwen an!’

2 Reprimande manman ou!

Reprimande, paske li pa madanm mwen;

ni mwen pa mari li.

Kite li retire pwostitisyon li yo devan figi li,

ak adiltè li yo soti antre tete li yo;

3 sinon M ta chire retire tout rad li pou fè l parèt

toutouni menm jan ak jou li te fèt la;

pou fè l vin tankou yon peyi dezè

e touye li ak swaf.

4 Anplis, Mwen p ap fè mizerikòd sou pitit li yo,

akoz yo se pitit a pwostitiye.

5 Paske manman yo te fè pwostitisyon.

Li ki te fè yo aji san wont, paske li te di:

‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo,

ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen,

lwil ak bwason mwen.’

6 Akoz sa, Mwen va fè monte yon kloti pikan,

e Mwen va bati yon mi kont li

pou l pa ka twouve ti wout li yo.

7 Li va kouri dèyè moun ki renmen li yo,

men li p ap ka rive sou yo.

Li va chache yo, men li p ap jwenn yo.

Konsa li va di: ‘M ap prale retounen

kote premye mari Mwen an,

paske lè sa a te pi bon pou mwen pase koulye a.’

8 Paske li pa t konnen ke se te Mwen

ki te bay li sereyal la,

diven nèf ak lwil la,

e ki te bay li anpil lò ak ajan

ke yo te fè sèvi pou Baal yo.

9 Akoz sa, Mwen va reprann

sereyal Mwen an nan lè rekòlt la

ak diven Mwen an nan sezon li an.

Mwen va, anplis, retire lenn Mwen an

ak len Ki te pou kouvri pou li pa t toutouni an.

10 Konsa, Mwen va dekouvri wont li devan zye

a tout moun ki renmen li yo,

e pèsòn p ap mande fè l soti nan men Mwen.

11 Anplis, Mwen va mete fen a tout kè kontan l;

fèt li yo, nouvèl lin li yo, Saba a,

ak tout Gwo rasanbleman fèt li yo.

12 Mwen va detwi pye rezen li yo

ansanm ak pye fig fwi etranje yo selon sila li te di:

‘Sa yo se salè mwen,

ke moun ki renmen m yo te ban mwen.’

Mwen va fè yo tounen yon rakbwa,

e bèt chan va devore yo.

13 Mwen va pini li pou jou Baal yo,

kote li te brile lansan an,

lè l te abiye tèt li ak zanno ak bijou yo,

pou l swiv moun ki renmen li yo,

epi tebliye Mwen” deklare SENYÈ a.

14 Pou sa, gade byen,

Mwen va atire li mennen li

antre nan dezè a pou pale dous avèk li.

15 Epi soti la, Mwen va bay li chan rezen yo,

ak Vale Akò a kon yon pòt espwa.

Li va reponn la tankou nan jou jenès li yo,

tankou nan jou lè l te vin monte

soti nan peyi Égypte la.

16 Li va vin rive nan jou sa a”,

deklare SENYÈ a,

“ke ou va rele Mwen: ‘Mari mwen’

e ou p ap rele M ankò: ‘Mèt mwen’.

17 Paske Mwen va retire non a Baal yo soti nan bouch li,

pou yo pa nonmen pa non yo ankò.

18 Nan jou sa a, anplis, Mwen va fè yon Akò

pou yo ak bèt chan yo,

zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo.

Mwen va aboli banza, nepe ak lagè soti nant peyi a,

e Mwen va fè yo kouche dòmi ansekirite.

19 Mwen va fè ou vin renmen M jis pou tout tan.

Wi, Mwen va fè ou vin renmen M nan ladwati ak lajistis,

nan lanmou dous ak konpasyon.

20 Epi Mwen va fè ou renmen M nan fidelite.

Nan lè sa a, ou va konnen SENYÈ a.

21 “Li va vin rive nan jou sa a ke Mwen va reponn”,

deklare SENYÈ a.

“Mwen va reponn a syèl yo,

e yo va reponn a tè a.

22 Epi Latè va reponn a sereyal la,

diven nèf ak lwil la;

epi yo va reponn a Jizreel.

23 Mwen va simen li kote M nan tè a,

Mwen va genyen mizerikòd pou li,

fi ki pa t konn jwenn mizerikòd la.

Konsa, Mwen va di a sila ki pa t pèp Mwen an:

‘Ou se pèp Mwen an!’

Epi yo va reponn: ‘Ou se Bondye mwen!’”

3:1 Alò, SENYÈ a te di mwen: “Ale ankò, renmen ak yon fanm ki renmen pa yon lòt, malgre se yon fanm adiltè, menm jan ke SENYÈ a renmen fis Israël yo, poutan, yo vire vè lòt dye yo, e yo renmen gato rezen yo.”

2 Konsa, mwen te achte fanm nan pou yon sòm a kenz pyès ajan ak yon omè edmi lòj. 3 Mwen te di li: “Ou va rete avè m pandan anpil jou. Ou p ap fè pwostitisyon, ni ou p ap madanm a yon gason. Epi konsa, mwen va menm jan anvè ou menm.”

4 Paske, fis Israël yo va rete pandan anpil jou san wa ni prens, san sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo. 5 Apre sa, fis Israël yo va retounen chache SENYÈ Bondye yo a, ak David, wa yo a. Yo va vini avèk krentif kote SENYÈ a e kote bonte Li nan dènye jou yo.