Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Jérémie 47

Bib Sen An (BSA)

Jijman sou Filisten yo

1 Sa ki te vini kon pawòl SENYÈ a de Jérémie, pwofèt la, konsènan Filisten yo, avan Farawon te fin bat peyi Gaza.

2 Konsa pale SENYÈ a:

“Gade byen, dlo yo ap leve soti nan nò

e l ap vin fè yon gwo fòs inondasyon dlo k ap debòde

jis li vin kouvri latè ak tout kapasite l,

menm vil a sila ki rete ladann.

Mesye yo va kriye fò,

e tout moun ladann va rele anmwey.

3 Akoz bri zago cheval li k ap kouri rèd,

zen a cha li yo, ak gwonde a wou yo,

papa yo p ap retounen pran pitit yo,

men men yo va lage nèt ak sezisman.

4 Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo,

pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo;

paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo,

retay a kot Caphtor a.

5 Gaza vin chòv;

Askalon te fin detwi nèt.

O retay vale yo!

Pandan konbyen de tan

nou va blese pwòp chè nou?

6 “‘Ah nepe SENYÈ a!

Pandan konbyen de tan

ou va refize vin kalm?

Ralanti, rantre nan fouwo a;

repoze e rete trankil.’

7 “Kòman li ka kalm, lè SENYÈ a bay li lòd?

Kont Ashkalon, kont kot lanmè a;

Se la, Li te ranje pou l te fèt.”

Jérémie 47