Yo mete Jérémie nan prizon (continued)
589 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie yon dezyèm fwa, pandan li te toujou nan prizon nan lakou gad la. Li te di: 2 “Konsa pale SENYÈ a ki te fè tè a, SENYÈ a ki te fòme li pou etabli li a—SENYÈ a se non Li. 3 ‘Rele Mwen, Mwen va reponn ou e Mwen va di ou gwo bagay pwisan ke ou pa t janm konnen.’ 4 Paske konsa pale SENYÈ Israël la konsènan kay nan vil sa yo, e konsènan kay a wa a Juda k ap vin kraze pou fè yon ranpa kont balkon tè syèj yo e kont nepe a, 5 ‘pandan y ap vini pou goumen kont Kaldeyen yo e pou plen yo ak kadav moun ke M te masakre nan kòlè Mwen ak gwo kòlè Mwen yo, epi Mwen te kache figi M kont vil sa a, akoz tout mechanste yo, 6 ‘gade byen, Mwen va mennen kote li lasante ak gerizon, e Mwen va geri yo. Epi Mwen va montre yo lapè ak verite an abondans. 7 Mwen va restore bonè a Juda ak bonè a Israël, e Mwen va rebati yo jan yo te ye o kòmansman an. 8 Mwen va netwaye yo de tout inikite avèk sila yo te peche kont Mwen yo. Mwen va padone tout inikite pa sila yo te peche kont Mwen yo e pa sila yo te fè transgresyon kont Mwen yo. 9 Vil sa va pou Mwen yon non lajwa, lwanj ak laglwa devan tout nasyon latè yo, ki va tande afè tout byen ke M fè pou yo. Yo va gen lakrent e tranble akoz tout byen ak tout lapè ke M fè pou li.’”
10 Konsa pale SENYÈ a: “Yon fwa ankò yo va tande nan plas sa a, sou sa w ap di a: ‘Sa se yon dezè, san moun e san bèt, sa vle di nan vil a Juda yo ak ri Jérusalem yo, ki dezole, san moun e san pèsòn ni bèt pou rete ladann,’ 11 vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.
12 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Va ankò gen nan plas sa a ki dezè, ki san moun, ni bèt e nan tout vil li yo, yon kote pou bèje k ap okipe bann mouton yo rete. 13 Nan vil a peyi kolin yo, nan vil a ba plèn yo, nan vil a dezè yo, nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo e nan vil a Juda yo, bann mouton yo va ankò pase anba men a sila k ap konte yo a,” pale SENYÈ a.
14 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va akonpli bon pawòl la Mwen te pale konsènan lakay Israël la ak lakay Juda a.
15 “Nan jou sa yo e nan lè sa a,
Mwen va fè yon Branch ladwati a David pete vin parèt.
Li va egzekite lajistis ak ladwati sou tout latè.
16 Nan jou sa yo, Juda va vin sove
e Jérusalem va ansekirite.
Men non pa sila li va rele a:
SENYÈ a se ladwati nou.”
17 “Paske, se konsa SENYÈ a pale: ‘David p ap janm manke yon nonm pou chita sou twòn lakay Israël la. 18 Konsa, prèt Levit yo p ap janm manke yon nonm devan Mwen, pou ofri ofrann brile, pou brile ofrann sereyal e pou prepare sakrifis yo tout tan san rete.’”
19 Pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie e te di: 20 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si ou ka kraze akò Mwen an pou jounen an, e akò Mwen an pou nwit lan, pou jou sa a ak nwit sa a pa rive nan lè deziye yo, 21 alò, konsa sèlman,akò Mwen an kab kraze avèk David, Sèvitè Mwen an, pou li pa gen yon fis pou renye sou twòn li an e avèk prèt Levit yo, pou ministè pa m yo. 22 Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo.’”
23 Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di: 24 “Pa okipe bagay pèp sa a te pale, lè yo di: ‘De fanmi ke SENYÈ a te chwazi yo, Li te fin rejte yo’? Konsa, yo meprize pèp Mwen an; yo pa menm ankò tankou yon nasyon nan zye yo. 25 Konsa pale SENYÈ a: ‘Si akò Mwen an pou lajounen ak lannwit pa kanpe, epi aranjman ki òdone nan syèl yo pa t fèt pa Mwen menm, 26 alò, sèl konsa, Mwen ta rejte desandan a Jacob yo ak David, sèvitè Mwen an e pa chwazi pami desandan li yo chèf sou desandan a Abraham, Isaac ak Jacob yo. Men Mwen va restore bonè pa yo, e Mwen va genyen mizerikòd pou yo.’”
Kaldeyen yo sispann sènen Jérusalem
Kaldeyen yo sispann sènen Jérusalem epi yo mache al atake Farawon Hophra, wa Égypte la.
5 Antretan, lame Farawon an te gen tan sòti an Égypte; epi lè Kaldeyen ki t ap fè syèj Jérusalem yo te tande rapò de yo a, yo te leve syèj la sou Jérusalem.
Yo anonse davans dezas pou Filisten yo ak Ejipsyen yo
1 Sa ki te vini kon pawòl SENYÈ a de Jérémie, pwofèt la, konsènan Filisten yo, avan Farawon te fin bat peyi Gaza.
2 Konsa pale SENYÈ a:
“Gade byen, dlo yo ap leve soti nan nò
e l ap vin fè yon gwo fòs inondasyon dlo k ap debòde
jis li vin kouvri latè ak tout kapasite l,
menm vil a sila ki rete ladann.
Mesye yo va kriye fò,
e tout moun ladann va rele anmwey.
3 Akoz bri zago cheval li k ap kouri rèd,
zen a cha li yo, ak gwonde a wou yo,
papa yo p ap retounen pran pitit yo,
men men yo va lage nèt ak sezisman.
4 Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo,
pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo;
paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo,
retay a kot Caphtor a.
5 Gaza vin chòv;
Askalon te fin detwi nèt.
O retay vale yo!
Pandan konbyen de tan
nou va blese pwòp chè nou?
6 “‘Ah nepe SENYÈ a!
Pandan konbyen de tan
ou va refize vin kalm?
Ralanti, rantre nan fouwo a;
repoze e rete trankil.’
7 “Kòman li ka kalm, lè SENYÈ a bay li lòd?
Kont Ashkalon, kont kot lanmè a;
Se la, Li te ranje pou l te fèt.”
6 Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie, pwofèt la e te di: 7 “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Konsa nou va di a wa Juda a, ki te voye nou kote m pou mande konsèy la: “Gade byen, lame Farawon ki te vin parèt pou bannou asistans lan va retounen nan pwòp peyi li an Égypte. 8 Kaldeyen yo va retounen pou goumen kont vil sa a, e yo va pran l pou brile l ak dife.”’”
9 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Pa twonpe tèt nou pou nou di: “Kaldeyen yo vrèman va kite nou”, paske vrèman, yo pa prale. 10 Paske menm si nou te bat tout lame Kaldeyen ki t ap goumen kont nou yo e te gen sèlman moun blese ki rete pami yo, yo chak nan tant pa yo, yo ta soulve e brile vil sa a ak dife.’”