Yo repran esklav Ebre yo
Lè Kaldeyen yo ale, yo repran esklav Ebre yo.
589 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
11 Men apre yo te fin vire, yo te reprann sèvitè ak sèvant ke yo te bay libète yo, e te fè yo soumèt ankò nan wòl sèvitè ak sèvant yo.
12 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di: 13 Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: Mwen te fè yon akò ak papa zansèt nou yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan kay esklavaj la. Mwen te di: 14 Nan fen sèt ane yo, nou chak va libere frè Ebre ki te vann a li menm nan, e ki te sèvi nou pandan sis ane yo. Yo va voye li lib de nou menm. Men papa zansèt nou yo pa t obeyi Mwen, ni pa t panche zòrèy yo kote Mwen. 15 Malgre sa, nan tan sa a, nou te vire fè sa ki dwat nan zye M, chak moun te pwoklame libète a vwazen li e nou te fè yon akò avèk Mwen nan kay ki rele pa non Mwen an. 16 Men koulye a, nou te vire derespekte non Mwen, chak moun te reprann sèvitè ak sèvant ke nou te libere selon dezi yo, e nou te fè yo vin soumèt pou devni ankò sèvitè ak sèvant nou.
17 Akoz sa, pale SENYÈ a: “Nou pa t obeyi Mwen nan pwoklame libète chak mesye a frè li, e chak mesye a vwazen li, gade byen, Mwen ap pwoklame libète pou nou,” deklare SENYÈ a: “pou nepe a, pou envazyon ensèk ak maladi, pou gwo grangou. Konsa, Mwen va fè nou vin yon objè lèd e degoutan pou tout wayòm yo sou latè yo. 18 Mwen va bay mesye ki te transgrese akò Mwen yo, ki pa t akonpli pawòl a akò ke yo te fè devan M, lè yo te koupe jenn bèf lan an de mòso pou te pase nan mitan de pati li yo— 19 Ofisyèl a Juda yo, ak ofisyèl a Jérusalem yo, ofisye tribinal la e prèt ak tout pèp peyi ki te pase antre de pati jenn bèf la— 20 Mwen va livre yo nan men a lènmi yo, e nan men a sila k ap chache pran lavi yo. Epi kadav yo va sèvi kon manje pou zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo.
21 “Sédécias, wa Juda a, ak ofisye pa l yo, Mwen va livre yo nan men lènmi pa yo, nan men a sila k ap chache lavi yo ak nan men a lame Babylone ki te ale kite nou an. 22 Gade byen, Mwen va pase lòd”, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va mennen yo retounen nan vil sa a. Konsa, yo va goumen kont li, pran li e brile li ak dife, epi Mwen va fè lavil Juda yo vin yon kote dezète san moun ki rete ladan yo.”
Yo mete Jérémie nan prizon ankò
Jérémie eseye chape soti Jérusalem, epi yo mete l nan prizon ankò.
11 Alò, li te vin rive ke lè lame Kaldeyen an te leve syèj Jérusalem nan akoz lame Farawon an, 12 ke Jérémie te sòti deyò Jérusalem pou ale nan peyi Benjamin pou l ta ka pran posesyon a yon tèren pami pèp la. 13 Pandan li te kote Pòtay Benjamin an, yon kapitèn nan gad la ki te rele Jireija, fis a Schélémia, fis a Hanania a, te la. Li te arete Jérémie, pwofèt la e te di: “W ap vin apiye Kaldeyen yo!”
14 Men Jérémie te di: “Manti! Mwen p ap apiye Kaldeyen yo”. Men li te refize koute li. Konsa, Jireija te arete Jérémie e te mennen li kote ofisye yo. 15 Ofisye yo te fache ak Jérémie. Yo te bat li e yo te anprizone li lakay Jonathan, grefye a, ke yo te sèvi pou prizon.
16 Lè Jérémie te fin rive nan donjon an, sa vle di, yon chanm prizon, li te rete la pandan anpil jou. 17 Konsa, Wa Sédécias te voye retire li. Nan palè li, wa a an sekrè te kesyone l. Li te mande: “Èske gen yon pawòl ki sòti nan SENYÈ a?”
Jérémie te reponn: “Wi, genyen!” Epi li te di: “Ou va livre nan men wa a Babylone nan.”
18 Anplis, Jérémie te di a Wa Sédécias: “Nan ki fason mwen te peche kont ou an, oswa kont sèvitè ou yo, oswa kont pèp sa a, pou ou te mete m nan prizon an? 19 Alò, ki kote pwofèt ki te pwofetize devan ou ye, ki t ap di: ‘Wa Babylone nan p ap parèt kont nou, ni kont peyi sa a’? 20 Men koulye a, souple, koute mwen, O mèt mwen, e wa mwen: souple, kite demann mwen an rive devan ou, e pa fè m retounen lakay Jonathan, grefye a, pou mwen pa mouri la.”
21 Epi Wa Sédécias te pase lòd e yo te pase lòd selon Jérémie pou l rete nan lakou kay gad la. Yo te bay li yon pen ki sòti nan lari boulanje a, jiskaske tout pen nan vil la te fini nèt. Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad la.
Jérémie repete pwofesi li yo bay wa a 588 anvan Christ
Lè wa a mande l èd, Jérémie repete pwofesi li te bay anvan yo.
1 Pawòl ki te vini kote Jérémie soti nan SENYÈ a, lè Wa Sédécias te voye Paschhur, fis a Malkija a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, pou di l: 2 Souple, mande a SENYÈ a pou nou menm, paske Nebucadnetsar, wa Babylone nan ap fè lagè kont nou. Petèt SENYÈ a va aji avèk nou selon zèv mèvèy Li yo, pou lènmi an rete kò l sou nou.
3 Alò, Jérémie te di yo: “Nou va di Sédécias konsa: 4 ‘Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou vire zam lagè ki nan men nou yo, zam ak sila n ap batay kont wa Babylone nan, ak Kaldeyen k ap fè syèj nou deyò miray la. Konsa, Mwen va rasanble yo nan mitan vil sa a. 5 Mwen menm, Mwen va fè lagè kont nou ak yon men lonje, ak yon bra pwisan, menm ak kòlè, gwo kòlè, ak gwo endiyasyon. 6 Anplis, Mwen va frape tout sa ki rete nan vil sa a, ni lòm, ni bèt. Yo va mouri akoz yon gwo epidemi. 7 Lè l fini”, deklare SENYÈ a: “Mwen va livre Sédécias, wa Juda a ak sèvitè li yo ak pèp la, sila yo ki chape nan vil sa a de epidemi, nepe, ak gwo grangou, pou fè yo antre nan men a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan men a lènmi pa yo ak nan men a sila k ap chache lavi yo. Epi li va frape yo ak kout nepe. Li p ap lese yo, ni gen okenn pitye, ni konpasyon pou yo.”’
8 “Anplis, Ou va di a pèp sa a: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen mete devan nou chemen lavi ak chemen lanmò. 9 Sila ki rete nan vil sa a va mouri pa nepe ak gwo grangou, ak epidemi, men sila ki soti e desann kote Kaldeyen k ap fè syèj kont nou yo, va sove lavi li. Li va chape ak lavi li. 10 Paske Mwen te ranje figi M kont vil sa a pou mal, e pa pou byen,” deklare SENYÈ a. “Li va livre nan men a wa Babylone nan e li va brile li ak dife.”’
11 “Konsa, di a lakay wa Juda a: ‘Tande pawòl SENYÈ a. 12 O lakay David, konsa pale SENYÈ a:
‘Aji ak jistis chak maten.
Delivre moun ki te vòlè devan pouvwa a sila ki te oprime l la,
pou gwo kòlè Mwen pa sòti deyò kon dife
e brile yon jan pou okenn pa ka etenn,
akoz mechanste a zak yo.
13 Gade byen, Mwen kont ou,
O sila ki rete nan ba plèn nan,’ deklare SENYÈ a.
‘Nou menm k ap di: “Se kilès k ap desann kont nou?”
Oswa, “Se kilès k ap antre nan abitasyon nou yo?”
14 Mwen va pini nou selon rezilta zak nou yo, deklare SENYÈ a:
“Epi Mwen va limen yon dife nan forè li
ki va devore tout ozanviwon li.’”