Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Osée 3

Bib Sen An (BSA)

Osée rachte madanm li

1 Alò, SENYÈ a te di mwen: “Ale ankò, renmen ak yon fanm ki renmen pa yon lòt, malgre se yon fanm adiltè, menm jan ke SENYÈ a renmen fis Israël yo, poutan, yo vire vè lòt dye yo, e yo renmen gato rezen yo.”

2 Konsa, mwen te achte fanm nan pou yon sòm a kenz pyès ajan ak yon omè edmi lòj. 3 Mwen te di li: “Ou va rete avè m pandan anpil jou. Ou p ap fè pwostitisyon, ni ou p ap madanm a yon gason. Epi konsa, mwen va menm jan anvè ou menm.”

4 Paske, fis Israël yo va rete pandan anpil jou san wa ni prens, san sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo. 5 Apre sa, fis Israël yo va retounen chache SENYÈ Bondye yo a, ak David, wa yo a. Yo va vini avèk krentif kote SENYÈ a e kote bonte Li nan dènye jou yo.

Osée 3