Tsophar ensiste avèk severite pou Job repanti

Tsophar reprann agiman Éliphaz la avèk anpil severite, epi li ensiste sou nesesite pou moun repanti.

2130 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Job 11

1 Epi Tsophar, Naamatit la, te reponn:

2 “Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons?

Eske yon nonm pale anpil vin akite?

3 Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale?

Lè ou moke, èske nanpwen moun ki pou fè ou wont?

4 Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot,

e mwen inosan nan zye Ou.’

5 Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou,

6 pou montre ou sekrè a sajès!

Paske sajès ki bon gen de bò.

Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije

tout sa inikite ou merite.

7 “Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye?

Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an?

8 Yo wo tankou syèl la; kisa ou kab fè?

Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen?

9 Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè.

10 Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble,

kilès kap anpeche Li?

11 Paske Li konnen moun ki fò,

e Li wè inikite menm san fè ankèt.

12 Yon moun ensanse va vin entèlijan

lè pòtre a yon bourik mawon fèt kon yon moun.

13 “Si ou ta vle vin bon,

dirije kè ou e lonje men ou vè Li.

14 Si se inikite ki nan men ou, mete l byen lwen.

Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.

15 Konsa, anverite, ou ta kab leve figi ou wo san tach.

Wi, ou va fidèl nèt e pa oblije gen lakrent.

16 Konsa ou va bliye twoub ou a.

Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase.

Se konsa ou ta kab sonje li.

17 Lavi ou va pi klè ke midi;

malgre gen fènwa a, l ap tankou maten.

18 Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa.

Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.

19 Ou va kouche dòmi e okenn moun p ap deranje ou.

Wi, anpil moun va mande favè ou.

20 Men zye a mechan yo va gate,

e p ap gen chape pou yo.

Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”

Job reponn tout agiman an

Job 12

1 Job te reponn:

2 Anverite, konsa, se nou menm ki se pèp la.

Se ak nou menm tout sajès ap mouri!

3 Men mwen gen lespri menm tankou ou;

mwen pa pi ba pase ou.

Epi se kilès ki pa konnen bagay parèy a sila yo?

4 Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo,

sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an.

Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag.

5 Sila ki alèz la ri sou malè a;

men l ap tann pye l chape.

6 Tant volè a fè pwofi,

e sila ki pwovoke Bondye byen alez.

Se nan men yo pote dye pa yo.

7 “Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou;

ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.

8 Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou.

Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.

9 Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen

ke se men SENYÈ a ki fè sa?

10 Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la,

ansanm ak souf tout limanite a.

11 Èske zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl,

menm jan ke bouch la goute manje li a?

12 Sajès rete ak granmoun;

yon lavi ki long gen bon konprann.

13 “Avèk Bondye se sajès ak pwisans.

A Li menm se konsèy avèk bon konprann.

14 Gade byen, se Li menm ki detwi; e sa p ap kab rebati.

Li mete yon nonm nan prizon, e nanpwen lage pou li.

15 Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt;

Li voye yo deyò pou yo inonde latè a.

16 Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon;

sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo,

tou de se pou Li.

17 Li fè konseye yo mache pye atè

e fè jij yo antre nan foli.

18 Li detache chenn ki mare wa yo,

e mare senti yo ak yon sentiwon.

19 Li fè prèt yo mache san rad,

e boulvèse sila ki ansekirite yo.

20 Li fè moun konfyans pa kab pale,

e retire bon jijman a ansyen yo.

21 Li vide mepriz sou prens yo,

e lache senti a pwisan yo.

22 Li devwale mistè ki nan tenèb yo,

e mennen fènwa pwofon yo antre nan limyè a.

23 Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo.

Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale.

24 Li rache lespri a chèf pèp latè yo,

e fè yo egare nan yon savann san chemen.

25 Yo tatonnen nan fènwa a san limyè.

Li fè yo kilbite tankou moun sou.