Job reponn Bildad: Soufrans pa pwouve mechanste

Job reponn Bildad, epi li deklare soufrans pa yon prèv mechanste.

2130 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Job 9–10

1 Konsa, Job te reponn. Li te di:

2 “Anverite, mwen konnen sa se vrè;

alò, kijan yon nonm kapab genyen dwa

devan Bondye?

3 Si yon moun te vle diskite avèk Li,

li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.

4 Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs;

se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?

5 Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen,

lè Li boulvèse yo nan fachez Li.

6 Li souke latè sòti nan plas li,

e fè pilye fondasyon li yo tranble.

7 Li kòmande solèy la pou l pa klere

e ki mete yon so sou zetwal yo.

8 Se Li menm sèl ki rale lonje syèl yo

e bese vag lanmè yo.

9 Li sèl ki fè sou syèl la gwo Ourse la ak Orion an,

avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.

10 Li menm ki fè gwo bagay mèvèy yo,

avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.

11 Si Li ta vin pase bò kote mwen, mwen pa t ap wè L.

Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L.

12 Gade byen, Li rache retire,

se kilès ki ka anpeche L?

Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?

13 “Bondye p ap detounen kòlè Li.

Anba Li, byen akwoupi, se asistan a Rahab yo.

14 Kijan mwen kab reponn Li,

e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?

15 Paske malgre mwen te gen rezon,

mwen pa t kab reponn.

Mwen ta oblije mande gras a Jij mwen an.

16 Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen,

mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m.

17 Paske Li fin brize m nèt ak yon tanpèt,

e ogmante blese mwen yo san koz.

18 Li pa lèse m pran souf,

men fè m debòde ak sa ki anmè.

19 Men pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs!

Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye

pwosè vèbal bay Li menm?

20 Malgre mwen dwat, bouch mwen ap kondane m;

malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.

21 Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm;

mwen rayi lavi m.

22 “Tout se menm bagay.

Akoz sa mwen di Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’

23 Si frèt la vin touye sibitman,

l ap moke dezolasyon inosan an.

24 Ak lemonn nan ki sede nan men a mechan yo,

Li fin kouvri figi a jij latè yo.

Si se pa Li menm, eh byen se kilès?

25 “Alò, jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous;

Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.

26 Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan wozo,

tankou yon èg ki vole plonje sou viktim li.

27 Malgre mwen di ke m va bliye plent mwen,

ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan,

28 mwen krent tout doulè mwen yo.

Mwen konnen ke Ou p ap bliye fot mwen yo.

29 Mwen gen tan fin jije koupab.

Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven?

30 Si m ta lave m nèt ak lanèj,

e pwòpte men m ak savon lesiv ki fò,

31 malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la,

e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.

32 Paske Li pa yon nonm kon mwen, pou m ta reponn Li,

pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.

33 Nanpwen moun ki pou fè antant antre nou,

ki ta kab mete men l sou nou toulède.

34 Kite Li retire baton Li sou mwen,

e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.

35 Konsa, mwen ta pale san fè laperèz devan L;

men mwen pa kab konsa pou kont mwen.”

10:1 “Mwen rayi pwòp lavi m;

mwen va fè tout fòs plent mwen yo parèt.

Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.

2 Mwen va di a Bondye: ‘Pa kondane mwen!

Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen.

3 Èske se vrèman bon pou Ou ta oprime;

pou meprize zèv men Ou yo

e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?

4 Èske zye Ou fèt ak chè? Oswa èske Ou wè

kon yon nonm wè?

5 Èske jou Ou yo tankou jou a moun mòtèl,

oswa ane Ou yo tankou ane a yon nonm,

6 pou Ou ta dwe chache koupabilite mwen

e fè rechèch dèyè peche m?

7 Malgre Ou konnen mwen pa koupab,

sepandan, nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’”

8 “Se men Ou ki te fòme mwen nèt.

Konsa, èske Ou ta detwi mwen?

9 Sonje, souple, ke Ou te fè m kon ajil.

Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?

10 Èske se pa tankou lèt ke Ou te vide mwen

e fè m kaye tankou fwomaj?

11 Ou te abiye mwen ak po avèk chè

e koude mwen ansanm nan zo ak gwo venn.

12 Ou te ban mwen lavi avèk lanmou dous Ou.

Se swen Ou ki te konsève lespri m.

13 Malgre bagay sila yo, Ou te kache yo nan kè Ou.

Mwen konnen ke sa a se avèk ou:

14 si m peche, alò, Ou mete tach sou mwen.

Ou pa ta akite m de koupabilite mwen.

15 Si mwen mechan, malè a mwen!

Epi si mwen jis, toujou, menm dwe leve tèt mwen.

Mwen chaje ak wont, e byen rekonnesan a mizè mwen.

16 Si tèt mwen ta vin leve wo, Ou ta fè lachas

dèyè m tankou yon lyon;

epi ankò, Ou ta montre pouvwa Ou kont mwen.

17 Ou renouvle temwayaj Ou kont mwen,

e ogmante kòlè Ou vè mwen.

Dezas monte anwo dezas sou mwen.”

18 “Alò, poukisa Ou te fè m sòti nan vant manman m?

Pito ke m te mouri e pa t gen zye ki te wè m!

19 Mwen te dwe tankou mwen pa t janm te egziste,

kon yon pote sòti nan vant pou rive nan tonbo.

20 Èske jou m yo pa kout?

Rete!

Ralanti sou mwen pou m kab jwenn

yon ti kras kè kontan,

21 avan ke m ale—pou mwen pa tounen

nan andwa tenèb ak gwo fènwa!

22 Nan peyi sa a ki dezole nèt tankou tenèb la,

nan fon lonbraj san fòm nan, e ki klere tankou fènwa a.”