Job reponn tout agiman an (continued)

2130 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Job 13–14

1 “Veye byen, zye m gen tan wè tout sa.

Zòrèy mwen tande e konprann li.

2 Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou;

mwen pa pi ba pase ou.

3 “Men mwen ta pale ak Toupwisan an;

mwen vle diskite ak Bondye.

4 Men nou sal moun ak manti.

Se yon bann doktè sanzave nou ye.

5 Oswa pito ke ou ta rete an silans nèt;

ke sa ta sèvi kon sajès ou!

6 Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen.

7 Èske ou kab pale pou Bondye sa ki pa jis,

e pale sa ki manti pou Li?

8 Èske ou va pran ka pa Li?

Èske ou va diskite pou Bondye?

9 Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen?

Oswa èske ou va twonpe Li

kon yon moun konn twonpe yon moun?

10 Anverite, Li va repwoche ou

si ou apiye yon bò ak patipri.

11 Èske majeste Li p ap bay ou lakrent?

Laperèz Li p ap tonbe sou ou?

12 Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann;

defans ou yo se defans ki fèt ak ajil.

13 “Rete an silans devan m pou m kab pale;

epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.

14 Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m

e mete lavi m nan men m?

15 Malgre Li ta touye mwen,

mwen va mete espwa m nan Li.

Malgre, mwen va fè diskou chemen mwen yo devan L.

16 Se sa, anplis, ki va delivrans mwen;

paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li.

17 Koute pawòl mwen byen pre e

kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou.

18 Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an;

mwen konnen ke mwen va jistifye.

19 Se kilès ki va diskite kont mwen?

Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.

20 “Se sèl de bagay pou pa fè mwen;

konsa mwen p ap kache devan figi Ou:

21 Retire men Ou sou mwen e

pa kite laperèz Ou fè m sezi.

22 Epi rele e mwen va reponn;

oswa kite m pale epi reponn mwen.

23 Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo

avèk peche m yo?

Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.

24 Poukisa Ou kache figi Ou e

konsidere m kon lènmi Ou?

25 Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble?

Oswa èske Ou va kouri dèyè pay van an seche a.

26 Paske Ou ekri bagay anmè kont mwen

e fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.

27 Ou mete pye m nan chenn e

ou veye tout chemen mwen yo.

Ou limite distans pla pye m kab rive,

28 pandan mwen ap dekonpoze

kon yon bagay k ap pouri,

kon yon vètman ki manje pa mit.”

14:1 Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka.

2 Tankou yon flè, li parèt e li fennen.

Anplis, li sove ale kon lonbraj.

Li pa dire.

3 Èske Ou ouvri zye Ou sou li

pou mennen li an jijman avèk Ou?

4 Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp?

Pèsòn!

5 Konsi fòs jou li yo avèk Ou,

fòs mwa li yo avèk Ou.

Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase.

6 Retire zye Ou sou li pou l kab pran repo,

jiskaske li kab konplete jou li yo,

kon yon ouvriye jounalye.

7 Gen espwa pou yon pyebwa lè l koupe,

li kab boujonnen ankò,

nouvo boujon yo kab reyisi.

8 Malgre rasin li yo vin vye nan tè a,

e chouk li mouri nan tè sèch,

9 fè rive yon gout dlo,

e li va pete pouse boujon yo kon yon plant.

10 Men lòm mouri pou kouche plat.

Lòm mouri e kibò li ye?

11 Tankou dlo lanmè fè vapè monte

e rivyè a vin sèch,

12 konsa lòm kouche, e li pa leve ankò.

Jiskaske syèl yo vin disparèt,

li p ap reveye, ni leve ankò.

13 O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an,

pou ou ta kapab fè m kache jiskaske chalè Ou

retounen kote Ou!

Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m!

14 Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò?

Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann

jiskaske lè rive pou yo lage m.

15 Ou ta rele e mwen ta reponn Ou;

Konsa, Ou ta anvi anpil zèv men Ou yo.

16 Paske koulye a, ou konte tout pa mwen fè yo.

Èske Ou pa swiv peche m yo?

17 Transgresyon mwen yo sele nèt nan yon sachè

Konsa, Ou vlope tout inikite m yo.

18 Men mòn nan kap tonbe pa mòso pa fè anyen;

wòch la ap kite plas li.

19 Dlo a epwize wòch yo, gran fòs li lave pousyè tè a.

Se konsa Ou detwi espwa a lòm.

20 Ou vin fè l soumèt nèt pou tout tan, e li pati;

Ou chanje aparans li, e voye l ale.

21 Fis li yo vin resevwa lonè, men li menm pa konnen sa;

oswa fis li yo vin pa anyen, men li pa apèsi sa.

22 Men kò l fè mal;

epi li fè dèy sèlman pou pwòp tèt li.