Dènye Pwofesi Zacharie yo
457 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Yon revelasyon.
Pawòl SENYÈ a kont peyi Hadrac la,
e l ap poze sou Damas,
paske zye a lòm ak tout tribi Israël
se vè SENYÈ a,
2 epi osi vè Hamath, ki nan lizyè li a;
Tyr ak Sidon paske yo saj anpil.
3 Paske Tyr te bati pou kont li yon fò;
li te fè depo ajan tankou pousyè,
ak depo lò tankou labou nan lari.
4 Gade byen, SENYÈ a va rache
tout sa li posede,
e jete tout richès li yo nan lanmè.
Li va devore nèt ak dife a.
5 Askalon va wè l e vin pè.
Anplis, gaza va tòde ak gwo doulè;
epi Ékron, pou sa li te atann va desi.
Anplis ke sa, wa a va peri Gaza
e Askalon va vin pa gen moun.
6 Yon ras mele va vin rete Asdod
e Mwen va rache ògèy a Filisten yo.
7 Mwen va retire san li,
soti nan bouch li,
ak abominasyon soti nan mitan dan l yo.
Konsa, yo va devni osi yon retay
pou Bondye nou an.
Yo va tankou yon chèf pou Juda, e
Ékron va tankou Jebizyen yo.
8 Mwen va kanpe antoure kay Mwen an kont lame a,
pou pèsòn moun pa travèse oswa retounen.
Konsa, p ap gen moun k ap travèse pou oprime yo ankò.
Paske koulye a, ak zye pa m, Mwen wè.
9 Rejwi anpil, O fi a Sion an!
Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an!
Gade byen wa ou ap vini kote ou;
Li jis e Li gen Sali;
Li enb e Li monte sou yon bourik,
menm yon jenn pòtre,
pitit a yon bourik.
10 Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan,
ansanm ak cheval Jérusalem nan.
Banza lagè a va koupe retire;
Li va pale lapè a nasyon yo.
Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè,
e nan Rivyè Euphrate la jis pou l
rive nan dènye pwent tè a.
11 Menmjan an pou ou menm tou,
akoz san akò Mwen an ki avèk ou,
Mwen te mete prizonye ou yo an libète
soti nan twou fòs ki pa gen dlo a.
12 Retounen nan sitadèl la,
O prizonye ki gen lespwa a!
Nan jou sa a menm, Mwen deklare
ke Mwen va remèt ou doub de sa.
13 Paske Mwen te koube Juda
konsi se te banza Mwen.
Mwen te plen banza a avèk Éphraïm.
Mwen va fè leve fis ou yo, O Sion,
kont fis ou yo, O Grèce,
e Mwen va fè ou vin tankou nepe
a yon gèrye pwisan.
14 Epi SENYÈ a va vin parèt sou yo,
e flèch Li va pati tankou kout loray.
Senyè BONDYE a va sone twonpèt la,
e Li va mache nan van tanpèt sid yo.
15 SENYÈ dèzame yo va defann yo.
Yo va devore, e yo va foule anba pye
ak tout wòch fistibal yo.
Yo va bwè, e fè bwi tankou se diven y ap bwè.
Epi yo va vin ranpli tankou basen sakrifis,
tankou kwen lotèl yo.
16 Konsa SENYÈ a, Bondye yo a, va sove yo
nan jou sa a, tankou foul moun a pèp Li a;
paske yo tankou wòch presye,
bijou yon kouwòn k ap klere toupatou
anwo tout peyi Li a.
17 Paske a la gran, bonte Li va gran,
e a la gran, bèlte Li va gran!
Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere
ak diven nèf pou vyèj yo.
10:1 Mande pou lapli ki sòti
nan SENYÈ a nan epòk prentan.
Se SENYÈ a ki fè nwaj tanpèt yo;
epi se Li ki bay lapli lejè a tout
pou jaden plant yo.
2 Paske zidòl lakay yo pale inikite;
divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè,
ke yo repete kon fo rèv.
Yo bay rekonfò an ven.
Konsa, pèp la mache egare tankou mouton;
yo aflije akoz yo pa gen bèje.
3 Kòlè Mwen limen kont bèje yo.
Mwen va pini mal kabrit yo,
paske SENYÈ dèzame yo te vizite
bann mouton li an lakay Juda,
e Li va fè yo vin tankou cheval
majeste Li nan batay la.
4 De li menm, va vin parèt wòch ang lan,
de li menm, pikèt tant lan,
de li menm, banza batay la,
de li menm, tout wa yo ansanm.
5 Yo va tankou mesye pwisan yo,
k ap foule lènmi yo anba pye yo,
nan labou lari a nan batay la.
Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo;
epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye.
6 Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va
sove lakay Joseph la, e
mwen va fè yo retounen;
paske Mwen gen konpasyon pou yo.
Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo,
paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo,
e mwen va reponn yo.
7 Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisan
e kè yo va kontan konsi se ak diven.
Anverite, pitit yo va wè sa,
e yo va kontan,
kè yo va rejwi nan SENYÈ a.
8 Mwen va soufle pou yo
pou yo kab vin rasanble yo,
paske Mwen te rachte yo.
Konsa, yo va vin anpil,
jan yo te ye oparavan an.
9 Lè Mwen gaye yo pami lòt pèp yo,
yo va sonje Mwen nan peyi lwen yo.
Yo va viv ak pitit yo,
e yo va retounen.
10 Mwen va mennen yo retounen
soti nan peyi Égypte la,
e rasanble yo soti Assyrie.
Mwen va mennen yo antre nan peyi
Galaad ak Liban jiskaske pa gen espas pou yo.
11 Li va pase nan lanmè afliksyon an,
e Li va frape lanm lanmè yo,
jiskaske tout pwofondè Rivyè Nil lan vin sèch.
Epi ògèy Assyrie va vin bese e
baton Égypte la va sòti.
12 Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a.
Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.
11:1 Ouvri pòt ou yo, O Liban,
pou dife ka devore bwa sèd ou yo.
2 Rele anmwey, O pye siprè a,
paske bwa sèd la fin tonbe,
akoz bèl ab plen ak glwa yo fin detwi.
Rele anmwey, O bwadchenn a Basan yo,
paske gran forè a fin tonbe.
3 Men yon vwa kriye lamantasyon a bèje yo!
Paske glwa gran forè yo fin detwi;
yon vwa jenn lyon k ap gwonde a!
Paske ògèy Jourdain an fin kraze nèt.
4 Konsa pale SENYÈ a, Bondye mwen an: “Nouri bann mouton k apkòche a. 5 Sila ki achte yo, kòche yo, e rete san koupabilite. Sila ki vann yo va di: ‘Beni se SENYÈ a, paske mwen vin rich!’ Epi pwòp bèje pa yo pa menm gen pitye pou yo. 6 Paske Mwen p ap fè pitye ankò pou pèp peyi a,” deklare SENYÈ a; “men gade byen, Mwen va delivre tout mesye yo, yo tout anba men pwochen yo, e anba pouvwa a wa li a. Y ap frape peyi a, e Mwen p ap delivre yo anba pouvwa yo.”
7 Konsa, mwen te nouri bann mouton pou kòche a; sitou, aflije nan bann mouton yo. Mwen te pran pou mwen de baton: youn mwen te rele Gras e lòt la, mwen te rele li Tèt Ansanm. Konsa, mwen te nouri bann mouton an. 8 Epi mwen te koupe retire nèt twa bèje sila yo nan yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo, e nanm pa yo te fatige avè m tou. 9 Epi mwen te di: “Mwen p ap nouri nou. Sa ki fèt pou mouri, kite l mouri, e sa ki fèt pou koupe retire nèt, kite l koupe retire. Epi konsa, kite sila ki rete yo manje chè youn lòt.” 10 Mwen te pran baton Gras la, e mwen te koupe li an twa mòso pou m te kab kraze akò ke m te fè ak tout pèp la. 11 Konsa, li te kraze nan jou sa a. Epi konsa, aflije nan bann mouton yo ki t ap gade mwen an, te vin konprann ke se te pawòl SENYÈ a. 12 Mwen te di yo: “Si sa bon nan zye nou, peye m salè mwen an, men si se pa sa, pa okipe w.” Konsa, yo te peze trant sik ajan kòm salè mwen an. 13 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Jete sa vè bòs potye a—pri manyifik valè M ki te estime pa yo menm nan!” Konsa, mwen te pran trant sik ajan, e mwen te jete yo vè bòs potye a, lakay SENYÈ a. 14 Epi mwen te koupe an mòso dezyèm baton ki rele Tèt Ansanm nan, pou kraze fratènite ki te egziste antre Juda ak Israël la.
15 SENYÈ a te di mwen: “Pran ankò pou ou menm, enstriman a yon bèje ki san konprann. 16 Paske, gade byen, Mwen ap fè leve yon bèje nan peyi a, yon bèje ki p ap vizite sila ke yo koupe retire yo, ni chache sila ke yo gaye yo, ni geri sila ki aflije a, ni nouri sila ki ansante a, men li va devore chè a mouton gra yo, e li va menm chire retire zago yo. 17 Malè a bèje san valè ki abandone bann mouton an! Nepe va sou bra li ak sou zye dwat li! Bra li va vin seche nèt e zye dwat la va vin avèg nèt.”