Refòm Esdras yo
457 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, lè bagay sa yo te fini, chèf yo te vin kote mwen epi te di: “Pèp Israël la avèk prèt ak Levit yo pa t separe yo menm de pèp peyi yo, men te swiv abominasyon pa yo, menm sila nan Canaan yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Jebizyen yo, Amonit yo, Moabit yo, Ejipsyen yo ak Amoreyen yo. 2 Paske yo te pran kèk nan fi pa yo kon madanm pou yo menm, ak pou fis pa yo, jiskaske ras sen an te vin mele avèk pèp peyi yo. Vrèman, se men a chèf yo avèk dirijan yo ki te pran an avan nan enfidelite sa a.”
3 Lè mwen te tande afè sila a, mwen te chire vètman mwen. Mwen te rache cheve nan tèt mwen avèk bab mwen e mwen te vin chita, dezole nèt. 4 Konsa, tout moun ki te tranble sou pawòl Bondye Israël la akoz enfidelite a moun egzil yo, te rasanble kote mwen. Epi mwen te chita dezole nèt jis rive nan ofrann aswè a.
5 Men nan ofrann aswè a, mwen te leve soti nan imilyasyon mwen, menm avèk rad ak manto mwen chire. Mwen te tonbe sou jenou mwen e te lonje men m kote SENYÈ a, Bondye mwen an. 6 Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo. 7 Depi nan jou a papa nou yo, jis rive jodi a, nou nan gran koupabilite. Epi akoz inikite nou yo, nou menm, wa nou yo ak prèt nou yo te vin livre nan men a wa peyi yo, a nepe, an kaptivite, piyaj ak wont ki byen vizib, jis rive jodi a. 8 Men koulye a, pou yon ti moman, gras la te parèt soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, pou kite pou nou, yon retay ki chape, pou bay nou yon pati nan kote sen Li an, pou Bondye nou an ta kapab klere zye nou e fè nou twouve yon ti amelyorasyon nan esklavaj nou an. 9 Paske se esklav nou ye; sepandan, Bondye pa t abandone nou, men te lonje ban nou lanmou dous Li nan zye a wa Perse yo, pou bannou amelyorasyon pou leve lakay Bondye nou an, pou restore sa ki te kraze nèt yo, e pou bannou yon miray nan Juda avèk Jérusalem.
10 “Alò, Bondye nou an, kisa nou va di apre sa? Paske nou te abandone kòmandman Ou yo, 11 ke Ou te kòmande pa sèvitè Ou yo, pwofèt yo, lè Ou te di: ‘Peyi ke nou ap antre pou posede a se yon peyi ki pa pwòp avèk moun ki pa pwòp nan peyi yo, avèk abominasyon pa yo avèk sila yo te akonpli soti nan yon pwent jis rive nan yon lòt ak lenpite pa yo. 12 Pou sa, pa bay fi nou yo a fis nou yo, ni pran fi pa yo pou fis pa nou, pa janm chache lapè yo ak pwosperite yo, pou nou kapab kenbe kouraj nou e manje bon bagay peyi a, e lese li kon yon eritaj a fis nou yo jis pou tout tan.’
13 “Apre tout sa ki te rive sou nou pou zak mechan nou yo ak gran koupabilite nou yo, akoz Ou menm, Bondye nou an, te remèt nou mwens ke linikite nou yo merite, e te ban nou yon retay chape kon sila a, 14 konsa, èske nou ap ankò kraze kòmandman Ou yo, e fè maryaj ak pèp ki fè abominasyon sila yo? Èske Ou pa t ap fache avèk nou jis nan pwen pou detwi nou, jis pa menm gen yon retay, ni okenn moun ki chape? 15 O SENYÈ a, Bondye Israël la, Ou dwat, paske yon retay ki chape te rete pou nou nan jou sa a. Men vwala, nou devan Ou nan koupabilite nou yo, e pèsòn pa kapab kanpe devan Ou akoz sa.”
10:1 Alò, pandan Esdras t ap priye e t ap fè konfesyon, t ap kriye e pwostène li devan lakay Bondye a, yon trè gran asanble, gason, fanm, ni timoun, te rasanble vè li soti an Israël; paske pèp yo te kriye byen anmè. 2 Schecania, fis a Jehiel la, youn nan fis a Élam yo, te di Esdras: “Nou pa t fidèl a Bondye nou an. Nou te marye ak fanm etranje soti nan pèp peyi yo. Malgre, koulye a toujou gen espwa pou Israël. 3 Alò pou sa a, kite nou fè yon akò avèk Bondye nou an pou mete akote tout fanm yo avèk pitit pa yo, selon konsèy a mèt mwen an, e pou sila ki tranble sou kòmandman Bondye nou yo. Epi kite sa fèt selon lalwa a. 4 Leve! Paske se ou menm ki responsab afè sila a, men nou va avèk nou. Pran kouraj e aji.”
5 Konsa, Esdras te leve, e te fè prèt prensipal yo, Levit yo ak tout Israël sèmante pou yo ta fè selon sa ki te pwopoze a. Konsa yo te sèmante. 6 Epi Esdras te leve soti devan lakay Bondye a, e te antre nan chanm a Jochanan an, fis a Éliaschib la. Malgre li te ale la, li pa t manje pen, ni bwè dlo, paske li te tèlman dezole akoz enfidelite a moun egzil yo. 7 Yo te fè yon dekrè nan tout Juda avèk Jérusalem a tout moun egzil yo, ke yo ta dwe rasanble Jérusalem, 8 epi ke nenpòt moun ki pa ta vini nan twa jou yo, selon konsèy a chèf pa yo avèk ansyen yo, tout byen li yo va konfiske e li menm ta retire nan asanble moun egzil yo.
9 Pou sa, tout mesye Juda avèk Benjamin yo te rasanble Jérusalem nan twa jou yo. Se te nan nevyèm mwa a sou ventyèm jou nan mwa a, tout moun te chita nan plas ouvri devan lakay Bondye a, e yo t ap tranble akoz afè sila a ak gwo lapli a.
10 Alò, Esdras, prèt la, te kanpe epi te di yo: “Nou pa t fidèl e nou te marye avèk fanm etranje yo, ki ogmante koupabilite Israël la. 11 Alò, akoz sa a konfese a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, e fè volonte L. Separe nou menm soti nan moun a peyi yo, e separe nou de madanm etranje yo.”
12 Konsa, tout asanble a te reponn ak yon gwo vwa: “Se konsa, jan ou te di a, se devwa nou pou nou fè. 13 Men gen anpil moun, se sezon lapli a, e nou p ap kab kanpe deyò a. Ni tach la pa kab fèt nan youn oswa de jou, paske nou te fè anpil transgresyon nan afè sila a. 14 Kite chèf nou yo reprezante tout asanble a, e kite tout sila nan vil nou yo ki te marye ak fanm etranje yo vini nan lè apwente yo, ansanm avèk ansyen a chak vil yo, jiskaske kòlè fewòs Bondye nou an, akoz bagay sa a, ta vin detounen kite nou.”
15 Sèlman Jonathan, fis Asaël la avèk Jachzia, fis a Thikva a, te opoze ak sa, avèk Meschullam avèk Schabthaï, Levit ki t ap bay yo soutyen an.
16 Men moun egzil yo te fè li konsa. Epi Esdras, prèt la, te chwazi mesye ki te chèf an tèt lakay zansèt yo pou chak kay zansèt, yo tout pa non yo. Konsa, yo te reyini nan premye jou nan dizyèm mwa a pou fè rechèch sou ka sila a. 17 Yo te fin fè rechèch la sou tout mesye ki te marye ak fanm etranje yo pou rive nan premye jou premye mwa a.
18 Pami fis a prèt ki te marye ak fanm etranje yo,
yo te twouve fis a Josué yo, fis a Jotsadak la e frè li yo: Maaséja, Éliézer, Jarib, avèk Guedalia. 19 Yo te fè sèman pou mete akote fanm pa yo e akoz koupabilite a, yo te ofri yon belye a bann mouton an pou kouvri koupabilite yo.
20 Nan fis a Immer yo, te gen Hanani avèk Zebadia;
21 Nan fis a Harim yo, Masséja, Élie, Schemaeja, Jehiel, avèk Ozias.
22 Nan fis a Paschhur yo, Eljoénaï, Maaséja, Ismaël, Nethaneel, Jozabad, avèk Éleasa.
23 Nan Levit yo, te gen Jozabad, Schimeï, Kélaja, (sa vle di) Kelitha, Pethachja, Juda, avèk Éliézer.
24 Pami chantè yo, te gen Éliaschab.
Pami gadyen pòtay yo: Schallum, Thélem ak Uri.
25 Nan Israël, nan fis a Pareosch yo: Ramia, Jizzija, Malkija, Mijamin, Éléazar, Malkija ak Benaja.
26 Nan fis a Élam yo: Matthania, Zacharie, Jehiel, Abdi, Jerémoth, avèk Élie.
27 Nan fis a Zatthu yo: Elojénaï, Éliaschib, Matthania, Jerémoth, Zabad, epi Aziza.
28 Nan fis a Bébaï yo: Jochanan, Hanania, Zabbaï, avèk Athlaï.
29 Nan fis a Bani yo: Meschullam, Malluc, Adaja, Jaschub, Scheal, avèk Ramoth.
30 Nan fis a Pachath-Moab yo: Adna, Kelal, Benaja, Maaséja, Matthania, Betsaleel, Binnuï avèk Manassé.
31 Nan fis a Harim yo: Éliézer, Jischija, Malkija, Schemaeja, Siméon. 32 Benjamin, Malluc avèk Schemaria.
33 Nan fis yo a Haschum: Matthanaï, Matthattha, Zabad, Éliphéleth, Jerémaï, Manassé avèk Schimeï.
34 Nan fis a Bani yo, Maadaï, Amram, Uel, 35 Benaja, Bédia, Keluhu, 36 Vania, Merémoth, Éliaschib, 37 Matthania, Matthanaï, Jaasaï, 38 Bani, Binnuï, Schimeï, 39 Schélémia, Nathan, Adaja, 40 Macnadbaï, Schaschaï, Scharaï, 41 Azareel, Schélémia, Schemaria, 42 Schallum, Amaria, avèk Joseph.
43 Nan fis a Nebo yo, Jeïel, Matthithia, Zabad, Zebina, Jaddaï, Joël ak Benaja.
44 Tout nan sila yo te marye avèk fanm etranje yo e te gen nan yo ki te gen fanm avèk sila yo te fè pitit.