Dènye Pwofesi Zacharie yo (continued)

457 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Zacharie 12–14

1 Pwofesi pawòl SENYÈ a konsènan Israël la. Konsa pale SENYÈ ki etann syèl yo a, ki poze fondasyon latè yo, e ki kreye lespri a lòm nan anndan l. 2 “Gade byen, Mwen ap fè Jérusalem vin yon tas ki va fè tout pèp ki antoure l yo, vin toudi. Epi nan lè syèj la kont Jérusalem nan, li va vin osi, kont Juda. 3 Li va vin rive nan jou sa a, ke Mwen va fè Jérusalem vin yon wòch ki lou pou tout pèp yo. Tout moun ki vin leve l va vin blese grav. Epi tout nasyon latè yo va rasanble ansanm kont li. 4 Nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Mwen va frape tout cheval yo pou l dezoryante, e chevalye yo avèk foli. Men Mwen va ouvri zye Mwen sou lakay Juda, pandan Mwen ap frape tout cheval a pèp nasyon yo, pou yo vin avèg. 5 Konsa, tout chèf a Juda yo, va di nan kè yo: ‘Moun ki rete Jérusalem yo se fòs mwen nan SENYÈ dèzame yo, Bondye pa yo a.’

6 Nan jou sa a, Mwen va fè chèf Juda yo vin tankou yon gwo boukan dife pami mòso bwa yo, ak yon tòch k ap fè flanm dife pami pakèt sereyal yo. Yo va devore tout pèp ki ozanviwon yo, ni sou men dwat yo, ni sou men goch yo, pandan sila ki rete Jérusalem yo, va toujou demere nan pwòp lye pa yo Jérusalem.

7 SENYÈ a va osi sove anpremye tant a Juda yo, pou glwa kay David la, e glwa a sila ki viv rete Jérusalem, p ap depase Juda. 8 Nan jou sa a, SENYÈ a va defann moun Jérusalem yo. Sila ki fèb pami yo nan jou sa a va tankou David, e kay David la va tankou Bondye, tankou zanj SENYÈ a devan yo. 9 Epi nan jou sa a, Mwen va kòmanse detwi tout nasyon ki vini kont Jérusalem yo.

10 Epi Mwen va vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li. 11 Nan jou sa a, va gen gwo doulè Jérusalem, tankou fè dèy pou Hadadrimmon nan vale Meguiddon an. 12 Peyi a va kriye, chak fanmi apa; fanmi lakay David la, apa, e madanm yo, apa; fanmi lakay Nathan an, apa, e madanm yo apa; 13 fanmi lakay Levi, apa, e madanm yo, apa; fanmi a Schimeï yo, apa, e madanm yo, apa; 14 tout fanmi ki rete yo, chak fanmi apa; e madanm yo, apa.

13:1 “Nan jou sa a, va gen yon fontèn dlo ki va ouvri pou lakay David, e pou sila ki rete Jérusalem yo, pou peche ak salte.

2 “Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “ke Mwen va koupe retire non a zidòl yo soti nan peyi a, e yo p ap sonje yo ankò. Mwen va osi retire pwofèt yo ak lespri pa pwòp la soti nan peyi a. 3 Lè yon moun va pwofetize, alò, papa l ak manman l ki te fè l la va di li: ‘Ou p ap viv, paske ou pale sa ki fo nan non SENYÈ a.’ Konsa, papa li ak manman li ki te fè l la, va fwennen l lè li pwofetize. 4 Anplis, li va vin rive nan jou sa a, ke tout pwofèt yo va vin wont de vizyon yo fè, lè yo ap pwofetize. Yo p ap mete gwo wòb fèt an pwal pou twonpe moun; 5 men yon pwofèt va di: ‘Mwen pa yon pwofèt; mwen se yon kiltivatè tè a, paske mwen se yon sèvitè atache nèt depi mwen jèn.’ 6 Konsa, yon moun va vin di l: ‘Ki blesi sa ki nan mitan bra ou yo?’ Epi li va reponn: ‘Sa yo se blesi ke mwen te pran lakay zanmi mwen yo.’

7 “Leve, O nepe, kont bèje Mwen an,

e kont nonm nan ki byen pre M,”

deklare SENYÈ dèzame yo.

Frape bèje a pou mouton yo ka gaye;

epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.

8 “Sa va vin rive nan tout peyi a” deklare SENYÈ a,

“Ke de pati nan li va vin koupe retire pou l mouri;

men twazyèm pati a va rete ladan l.

9 “Konsa, Mwen va mennen fè pase

twazyèm pati a nan dife.

Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan,

e pase yo a leprèv tankou lò.

Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo.

Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’,

e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”

14:1 Gade byen, yon jou pou SENYÈ a ap vini, jou lè piyaj ke yo rache de nou menm yo, va divize andedan nou. 2 Paske Mwen va rasanble tout nasyon yo kont Jérusalem pou batay. Vil la va vin kaptire, kay yo va piyaje, fanm yo va vyole. Mwatye nan vil la va voye an egzil, men rès a pèp la p ap koupe retire de vil la. 3 Konsa, SENYÈ a va parèt pou goumen kont nasyon sila yo, jan Li goumen nan yon jou batay la. 4 Nan jou sa a, pye Li va poze sou Mòn Olivier a, ki devan Jérusalem sou pati lès la. Epi Mòn Olivier a va fann nan mitan soti nan lès pou rive nan lwès, e va gen yon gwo gwo vale. Mwatye nan mòn nan va deplase vè nò e lòt mwatye a vè sid. 5 Nou va sove ale pa vale a mòn Mwen yo, paske vale a mòn yo va rive jis Atzel. Wi, nou va sove ale menm jan ke nou te sove ale devan tranbleman tè nan jou Ozias la, wa Juda a. Epi SENYÈ a, Bondye mwen an va vini e tout sen fidèl yo va avèk Li!

6 Nan jou sa a p ap gen limyè, ni fredi, ni glas sou tè. 7 Li va yon jou inik ki konnen pa SENYÈ a; li p ap ni lajounen ni lannwit, men li va vin rive ke nan aswè, va gen limyè.

8 Li va rive nan jou sa a, kouran dlo yo va koule sòti Jérusalem; mwatye nan yo vè pati lès lanmè a, e lòt mwatye a vè pati lwès lanmè a. Li va konsa ni nan sezon ete ni nan sezon ivè.

9 Epi SENYÈ a va wa sou tout tè a. Nan jou sa a, SENYÈ a va yon sèl, e non Li va yon sèl.

10 Tout peyi a va devni yon savann, depi Guéba jis rive Rimmon, nan sid Jérusalem. Men Jérusalem va vin leve, e rete nan plas li soti nan Pòtay Benjamin an, jis rive nan pozisyon premye Pòtay la, pou janbe nan Pòtal Kwen an, e soti nan tou Hananéel la, jis rive nan pèz diven a wa a. 11 Moun yo va viv ladann, e p ap gen malediksyon ankò, paske Jérusalem va rete ansekirite.

12 Men sa va fleyo avèk sila SENYÈ a va frape tout pèp ki te fè lagè kont Jérusalem yo: chè yo va pouri pandan yo kanpe sou pye yo, zye yo va pouri nan tèt yo, e lang yo va pouri nan pwòp bouch yo. 13 Li va vin rive nan jou sa a ke yon gwo panik ki sòti nan SENYÈ a va tonbe sou yo. Konsa, chak va kenbe men vwazen l, e men a youn va vin leve kont men a lòt la. 14  Anplis, Juda va goumen nan Jérusalem. Richès a tout nasyon ki ozanviwon yo va vin rasanble ansanm; lò, ajan ak vètman an gran kantite.

15 Jan fleyo sa a ye a, se konsa tou fleyo a va ye sou cheval, milèt, chamo, bourik ak tout bèf ki va nan kan sa yo.

16 Epi li va vin rive ke tout moun ki rete nan tout nasyon ki te ale kont Jérusalem yo, yo tout va ale monte ane pa ane pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, e pou selebre Fèt Tonèl yo. 17 Epi sa va rive ke nenpòt moun nan fanmi sou latè yo ki pa monte Jérusalem pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, Lapli p ap tonbe sou yo. 18 Si fanmi peyi Egypte la pa monte oswa pa vini; alò, lapli p ap tonbe sou yo. Va gen fleyo ke SENYÈ a te frape nasyon ki pa t monte pou selebre Fèt Tonèl Yo. 19 Sa va pinisyon Egypte la ak pinisyon a tout nasyon ki pa monte pou selebre Fèt Tonèl yo.

20 Nan jou sa a, va gen anons sa sou klòch cheval yo: “SEN A SENYÈ A”. Epi chodyè ki kwit manje lakay SENYÈ yo, va tankou bòl devan lotèl yo. 21 Tout chodyè pou kwit manje Jérusalem ak Juda yo, va vin sen pou SENYÈ Dèzame yo; epi tout moun ki fè sakrifis yo va vin pran yo, e bouyi sakrifis ladan yo. Epi p ap gen ankò, yon Kananeyen nan kay SENYÈ Dèzame yo nan jou sa a.

Mardochée dekouvri yon konplo kont Artaxerxès

Esther 2:21–23

21 Nan jou sa yo, pandan Mardochée te chita nan pòtay palè a wa a, Bigthan avèk Théresch, de ofisye a wa yo ki t ap veye pòt la, te vin fache, e te chache mete men sou wa Assuérus. 22 Men konplo a te vin rekonèt pa Mardochée e li te pale rèn Esther, e Esther te pale wa a nan non a Mardochée. 23 Alò, lè yo fè rechèch nan konplo a e jwenn bout li, yo tou de te pann sou yon bwa; epi sa te ekri nan Liv Achiv Kwonik Yo nan prezans wa a.